Devosyon Nwèl
Sila ki plen jenewozite a


Sila ki plen jenewozite a

Èske se pa yon bèl privilèj sa ye pou n ap jwi bèl sware sa a nan prezans chè pwofèt nou an, Prezidan Thomas  S. Monson?

Nwèl se youn nan ra sezon—kote nou wè lòt moun ak nouvo je, kote nou louvri kè nou yon tikras plis pou n wè bote ki bò kote nou epi lonje lamen bay lòt moun ak yon ti kras plis bonte ak konpasyon.

Si nou menm grandèt yo nou gen chans, nou ka okazyonèlman raple n kisa savledi pou n yon timoun yon fwa ankò.

Panse ke yon moun nou renmen ap fè yon bagay espesyal pou nou an—ak eksitasyon nou sou bagay espesyal n ap planifye pou n fè pou yo a—rechofe kè nou e ranpli nou avèk amou ak antisipasyon. Ajoute sou sa limyè klere yo, bèl dekorasyon yo, sèn siblim krèch sanktifye a, se pa etonan ke Nwèl se yon epòk nou renmen anpil nan ane a.

Epi, natirèlman, gen mizik la. Pa gen anyen ki souliyen pwofon siyifikasyon ak espri dous sezon an pase yon mizik Nwèl. Keseswa melodi yo jwaye, meditatif oubyen nostaljik, gen yon bagay nan Nwèl ki enspire mizik gloriye. Bèl amoni Nwèl sa yo elve espri nou e raple nou pouki rezon nou rejwi a.

Jodia nou gen gwo privilèj pou n tande mizik diven Òkès Temple Square la ak Kè Tabènak la te prezante nou.

Mizik gwoup sa a prezante yo si siblim ke m renmen imajine zanj yo nan syèl la ki vini tanzantan pou koute e menm chante ansanm avèk yo.

Carol of the Bells

Koral la fèk sot chante youn nan pi bèl melodi Nwèl ki te janm ekri, bèl “Carol of the Bells,” la ke yo te chante pou lapremyè fwa nan Etazini an 1921.

Toudabò, se pa t yon chank Nwèl ditou l te ye. Li te baze sou yon chan folklorik Ikrenyen nan tan lontan, ke yo te rele “Shchedryk,” ki souvan tradui kòm “Moun plen jenewozite a.”

Fanmi Ikrenyèn yo te konn chante chan sa a nan kòmansman nouvèl ane a. Pawòl orijinal yo pale de yon zwazo ki rele iwondèl ki vole antre lakay yon fanmi pou di yo bagay ekstraòdinè k ap tann yo pandan ane k ap vini an.1

Mwen renmen santiman istwa sa a.

M renmen mesaj lespwa ak optimis li genyen an.

Èske se pa sa mesaj Nwèl la ye? Menm lè mond lan ka parèt fènwa—lè bagay yo pa twò anfòm, lè kè nou anvayi pa dekourajman ak pwoblèm, nan mitan tristès ak chagren—nou ka chante “Oh, quel bonheur” ak “kè poze pou tout moun”2 gras ak Kris la, ki te vini “pote limyè pou moun ki chita nan fènwa yo.”3

Yon epòk jenewozite

Konsa, se tou nòmal ke youn nan kantik Nwèl nou pi renmen yo te toudabò rele “Moun plen jenewozite a.” Apretou, Nwèl se yon tan jenewozite.

Enspire pa espri sa a, nou pafwa pase pil èdtan ap chèche kado pafè pou nou bay zanmi ak fanmi nou. Nou chèche pou n plis edan ak jwaye. Nou santi pouse pou n pase plis tan avèk fanmi nou. Nou vin pi konsyan de moun ki an detrès yo, e souvan, nou fè plis efò pou nou ede yo. Tout bagay sa yo se eko enpafè men sensè sou jenewozite Sovè nou an, n ap chèche onore nesans li a.

Men, nou tout konnen ke twò souvan, espri siblim Nwèl la ka vin kouvri e menm pèdi anba vitès ak presyon acha, bil pou peye, ak orè ankonbre.

M pa vle ankouraje nou pou n gen konpòtman Grinch la, men kite m di nou, kèk nan pi bèl souvni Nwèl m genyen se sou echanj kado, pèdi nan foul moun, ak asiste bèl aktivite, piti kou gwo, ki mennen moun ansanm nan tan sa a nan ane a.

M pa di nou pa ta dwe renmen bagay sa yo, men, m ta renmen fè yon senp sigjesyon.

M envite nou chak pou, pandan sezon Nwèl sa a, nou chèche gen yon moman meditasyon nan kè nou pou n rekonèt e ofri rekonesans sensè nou pou “Sila ki plen jenewozite a.”

Annou reflechi sou mizèrikòd byenveyan, byeneme, ak san limit Papa nou ki nan Syèl la.

Lè n ap achte kado—e lè n ap resevwa kado—se pou nou pran tan pou n trankilman sonje abondans kado Bondye vide sou nou menm, pitit li yo.

Kado Gratitid la

M panse nati imèn nan gen tandans pou pran tout bagay alalejè—menm bagay ki gen valè inestimab yo. Sa se youn nan leson nou aprann nan istwa dis moun ki te gen lalèp yo nan epòk Jezi a. Aflije pa yon maladi orib ak devastan ki te fè yo oblije separe avèk zanmi, fanmi, ak lavi limenm, lepre ki t ap soufri sa yo te sipliye e yo te jwenn gerizon nan men Pitit Gason Bondye a.

Jan nou konnen, apre mirak gloriye sa a, nèf lepre t al fè wout yo ap rejwi pou bèl chans yo te genyen an.

Yon sèl te retounen.

Yon sèl nan dis yo te pran tan pou eksprime rekonesans li. Yon sèl nan dis yo, “lè l te wè l te geri, te tounen sou wout li, li t ap fè lwanj Bondye byen fò, pou tout moun tande, li te lage kò l nan pye Jezi, li te di l mèsi.”4

Kalite ekspresyon rekonesans enb sa yo ka sanble yo ra jodia jan yo te ye nan istwa sa a, men, genyen yo toujou. Epi, lè sa rive, yo touche kè nou e pouse nou pou n konte pwòp benediksyon pa nou yo.

Yon egzanp m fèk aprann se osijè yon mesye k ap viv an Afrik. Akoz yon andikap, mesye sa a pa t janm ka mache. Li te oblije pase pifò tan li lakay paran li. Li pa t ka travay; li pa t ka soti al wè zanmi; li pa t ka menm fè senp bagay nou pran pou nòmal yo.

Epi yon jou, li te tande yon bagay remakab. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo t ap voye yon kagezon chèz woulant pou yon aktivite pa twò lwen lakay li!

Li te mande yon zanmi pou mennen l nan aktivite a, epi li te gade pandan dè douzèn gason, fi, ak timoun andikape te kontan resevwa nouvo chèz woulant byen klere.

O, ala l te anvi chita sou youn nan chèz sa yo! Ala sa t ap ka chanje lavi li pandan yon timoman, si l te ka deplase poukont li!

Li te tann nan liy nan jiskaske finalman sete tou pa li.

De gason te leve li mete sou yon chèz epi, pou lapremyè fwa nan lavi l … li te ka bouje!

Toudabò, li te deplase tou piti. Men amezi l t ap santi chèz woulant lan, li te kòmanse ale pi vit.

Li te woule, vire anwon, e sote sou chèz la. Li te voye men bay zanmi l yo avèk antouzyas lè l te fè vitès pou depase yo.

Li te vole!

Ekspresyon ki te sou figi li sete lajwa.

Men, apre yon timoman, li te tou dousman woule chèz la retounen al jwenn lòt moun yo epi, avèk yon ekspresyon reziyasyon, li te pare pou yo te leve l soti sou chèz la.

“Zanmi l lan te mande: “Sa w ap fè la a?”

Mesye a te souri epi l te souke zepòl li. Li te di: “Se tou pa yon lòt moun kounyeya.”

Misyonè Sèvis imanitè Legliz la te met ajenou bò kote li epi l te di: “Chèz woulant sa a se pou ou.”

Mesye a pa t ka kwè bagay sa a. Li te asime ke aktivite sa a sete sèlman pou demontre kisa sa sanble pou woule sou yon chèz woulant.

Li te mande: “Èske se pou mwen vre?”

“Wi.”

“Men, m pa gen lajan.”

“Se pou ou. Se yon kado moun ki renmen w voye pou ou.”

Lè l te finalman reyalize sa k t ap pase a, mesye enb sa a te gade zanmi l lan.

Li te gade misyonè a.

Li te eseye kenbe dlo nan je li, men li pa t kapab. Epi, pandan l t ap kriye, li t ap ri tou, pou lajwa l te santi a.

Zanmi an ak misyonè a te kriye avèk li.

Li te di nan yon soupi: “Mèsi.”

Li te bay toulède akolad, li te ranje kò l sou chèz li, epi apre yon “whoop!” li te derape ale avèk yon gwo souri.

Pandan l t ap ale vini sou twotwa a, li te rele: “M ka vole!”

Mesye sa a te konprann sa rekonesans ye.

Gras Bondye

Èske nou janm santi bon jan rekonesans ilimite konsa? Pandan sezon Nwèl sa a, e pandan tout ane a, mwen priye pou nou sonje Moun plen Jenewozite a—Bondye nou, Papa nou, Bèje ak Konseye Byeneme nou an.

Paske se Li ki konn bay kado!

Moun plen Jenewozite a!

Lè noumenm, pitit li yo, priye l pou pen, Li pa ba nou yon wòch.5 Olyesa, li banou don ki si siblim ak presye ke yo depase kapasite nou pou totalman konprann e menm imajine. Li ba nou:

  • Lapè.

  • Lajwa.

  • Abondans.

  • Pwoteksyon.

  • Pwovizyon.

  • Favè.

  • Esperans.

  • Konfyans.

  • Lanmou.

  • Sali.

  • Lavi Etènèl.

Jodia, n ap selebre pi gwo kado nan tout la, sa ki rann tout lòt kado yo posib la—nesans tibebe Betleyèm nan. Gras avèk Li, “tonm lan pa gen viktwa e Kris la anglouti agoni lanmò a. Li se limyè ak lavi mond lan; wi, yon limyè ki p ap janm fini, ki p ap janm etenn; wi, e se yon lavi ki p ap janm fini pou pa janm gen lanmò ankò.”6

Mwen jwayezman remèsye Bondye pou jenewozite li.

Li sove nou anba solitid, ensètitid, ak endiyite.

Li louvri je nou e debouche zòrèy nou. Li transfòme fènwa fè l tounen limyè, doulè vin tounen lespwa, epi solitid vin tounen lanmou.

Li libere nou anba yon pase esklavaj ak egoyis epi li louvri chemen pou yon prezan plen objektif ak yon fiti plen akonplisman.

Se Limenm nou adore.

Se Bondye nou an.

Se Sila ki plen jenewozite a

Se limenm ki sitèlman renmen pitit li yo ke li ofri Sèl Pitit Gason Literal Li a pou moun ki kwè nan li yo pa peri men pou yo gen lavi etènèl.7

Gras ak Jezikri, nou pa bezwen janm santi nou tankou etranje ankò. N ap leve avèk jis yo lè l retounen! Epi gras ak lavi pafè li ak sakrifis etènèl li a, yon jou, nou pral kanpe avèk zanj yo nan syèl la pou resevwa yon kouwòn etènèl avèk yo.8

Pou sezon Nwèl sa a, se pou nou sonje Moun plen jenewozite a epi bay remèsiman pwofon ak sensè pou Bondye Toupuisan an, ki bay pitit li yo zèl pou yo vole. Sa se enb priyè sensè mwen ak benediksyon sensè m pou Nwèl sa a ak pou tout tan, nan non Sovè byeneme nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Korchova, “Carol of the Bells: Back to the Origins,” The Ukrainian Week, Des. 17, 2012, www.ukrainianweek.com/Culture/67800.

  2. Lik 2:14.

  3. Lik 1:79.

  4. Gade Lik 17:11–19.

  5. Gade Matye 7:9.

  6. Mozya 16:8–9.

  7. Gade Jan 3:16.

  8. Gade “Vivons ce bonheur,” Cantiques, no. 3. Malgre ke yo pa t prevwa l kòm yon chante Nwèl, pawòl ki nan chan “Vivons ce Bonheur” la, ki dekri kèk nan benediksyon Sila ki plen Jenewozite a pwomèt yo, sanble l apwopriye pou nou sonje nan moman sa a nan ane a:

    “Vivons ce bonheur que Jésus nous présente;

    Nous n’errerons plus sur terre en étrangers.

    La bonne nouvelle en tous pays s’implante

    Il faut accepter les divins messagers.

    Les saints verront enfin les grâces promises,

    Alors on ne pourra plus les molester.

    La terre sera un Eden en justice,

    A tout Israël, Jésus offre un foyer.

    “Nous nous aimerons d’un amour bien fidèle,

    Restons tous unis, nous vaincrons par la foi.

    Voyant le méchant qui tremble et qui chancelle,

    Attendons cette heure où viendra notre Roi.

    Les saints verront enfin les grâces promises,

    Alors on ne pourra plus les molester,

    La terre sera un Eden en justice,

    A tout Israël, Jésus offre un foyer.

    “Marchons avec foi, car c’est Dieu qui nous guide

    Il nous conduira par ces temps de frayeur,

    Voici la moisson implacable et rapide,

    Les saints revivront au retour du Sauveur.

    Les saints verront enfin les grâces promises,

    Les anges reviendront pour les couronner,

    La terre sera un Eden en justice,

    Christ réunira tous les siens au foyer.”

Enprime