Devosyon Nwèl
14Oaks


Levanjil Lapè a

Nan sezon Nwèl sa a, tout mond kretyen an ap selebre nesans Jezikri, “Prens Lapè a.” Nou tout rejwi nan anons zanj lan te fè sou nesans sa a:

Imaj
bèje k ap gade yon bèl reyon limyè

“Paske jodi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fèk fèt, ki se Kris la, Senyè a. …

“Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di konsa:

“Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”1

Yon bèl ilistrasyon sou fason Kretyen onore Sovè a se pawòl Charles Dickens te ekri pou pwòp pitit pa l yo:

Imaj
foto Charles Dickens

“Chè pitit mwen yo, m ta renmen nanpil pou nou ta konn yon bagay sou istwa Jezikri a. Paske tout moun ta dwe konnen li. Pa t janm gen okenn moun ki te janm viv sou tè a ki te si bon, si janti, e ki te janm gen sitèlman chagren pou tout moun ki te konn fè mal pase Limenm.”

Sa sete entwodiksyon Dickens. Men konklizyon li:

Imaj
foto Charles Dickens

“Sonje!—Sa se Krisyanite pou nou fè byen tout tan—menm pou moun ki fè nou mal. Se Krisyanite pou nou renmen pwochen nou tankou tèt pa nou, epi pou nou fè pou tout moun sa nou ta renmen yo Fè pou nou. Se Krisyanite pou nou janti, gen mizèrikòk, ak padone, epi pou nou kenbe kalite sa yo byen fon nan kè nou, e pa janm vante tèt nou pou yo, ni pou priyè nou ak lanmou nou pou Bondye, men toujou montre ke nou renmen li nan renmen enbleman eseye pou nou fè sa ki byen nan tout bagay. Si nou fè sa, epi nou sonje lavi ak leson Senyè nou an, Jezikri, epi nou eseye suiv yo, nou ka espere avèk konfyans ke Bondye ap padone peche ak erè nou yo, epi l ap pèmèt nou viv ak mouri nan Lapè.”2

Jan Dickens te ekri a: “lavi ak leson Senyè nou an, Jezikri,” pote lapè pou nou. Apot Pòl te rele ansèyman Sovè nou yo “levanjil lapè.”3

Mo lapè a gen plizyè siyifikasyon diferan nan ekriti yo. Lè Jezi te di: “M ba nou lapè” a, li te aparaman dekri kalite lapè Pwofèt Ezayi te deklare a: “Epi, zèv lajistis se pral lapè, epi fwi lajistis se pral kè poze ak sekirite pou tout tan.”4 Sovè a te akonpli pwofesi sa a. Li te eksplike: “Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen.”5

Imaj
Jezi ap pale avèk Apot yo

Nan dènye enstriksyon l yo, Senyè a te di Apot yo: “Lapè mwen kite avèk nou, mwen ba nou lapè pa m: non pa lapè selon mond lan. Pa kite anyen fè kè nou twouble,ni pa kite anyen fè nou pè.”6

Imaj
Jezikri vizite Amerik yo

Byenvit apresa, nan vizit li te fè moun jis yo nan nouvo mond lan, Sovè a te site pawòl Ezayi sa yo: “Epi, tout pitit nou yo pral aprann konsènan Senyè a; e lapè pitit nou yo pral gran.”7

Sa Sovè nou an te anseye osijè lapè nan lavi yon grenn moun nan aplike pou lapè nan yon fanmi, lapè nan yon nasyon, ak lapè nan mond lan tou.

Sovè a ak Apot li yo pa t gen pwogram lapè pou mond lan ki sete lòt bagay pase ladwati pèsonèl. Yo pa t kreye lopozisyon lè yo te sou rèy Women yo ni anba rejim tiran lokal yo. Yo te preche ladwati pèsonèl epi yo te anseye ke pitit Bondye yo dwe renmen enmi yo8 epi “viv nan lapè avèk tout moun.”9

Lagè ak konfli se rezilta mechanste; lapè se pwodui lajistis. Benediksyon levanjil yo inivèsèl, e se konsa tou pou fòmil pou lapè a: kenbe kòmandman yo.

Prezidan Howard W. Hunter te anseye:

Imaj
Howard W. Hunter

“Lapè mond lan ap tann avèk enpasyans la se yon epòk kote tout chirepit sispann; men lèzòm pa konprann ke lapè se yon eta nan egzistans lan ki vini sèlman selon règ ak kondisyon Bondye fikse, e nan okenn lòt fason. …

“…Si vire gade lòm ak fason mon lan, n ap jwenn toumant ak konfizyon. Si nou vire gade Bondye, n ap jwenn lapè pou nanm ajite yo. …

“Lapè sa a pwoteje nou kont ajitasyon mond lan.”10

Nan revelasyon modèn nan, nou li: “Men, raple nou, yon moun ki fè travay lajistis, li pral resevwa rekonpans li, sa vle di lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”11

Lapè se pwomès Sovè a fè nou, epi lapè se objektif nou. Lapè l pwomèt sa a se sansasyon byennèt ak serenite ki soti nan kenbe kòmandman yo. Prezidan Spencer W. Kimball te di:

Imaj
Spencer W. Kimball

“Lapè se fwi lajistis. Nou pa ka achte l avèk lajan, e nou pa ka fè echanj li ni twoke li. Nou dwe merite li.”12 Lapè levanjil la pote a bèl13epi nan yon lòt gwo kantik nou ini ansanm pou n chante bèl priyè sa a:

Se pou gen lapè sou tè a

Epi se pou l kòmanse avèk mwen14

Nou pa ka gen lapè pami nasyon yo san nou pa atenn lajistis jeneral pami moun k ap viv nan nasyon sa yo. Nan ane twouble Dezyèm Gè Mondyal yo, Èldè John A. Widtsoe te anseye nou:

Imaj
John A. Widstoe

“Sèl fason pou nou bati yon kominote pezib se bati gason ak fi ki renmen lapè e ki ap kreye lapè. Chak grenn moun, atravè doktrin Kris sa a ak Legliz li a, kenbe lapè mond lan nan men li.

“Sa rann mwen responsab pou lapè mond lan, epi sa fè ke nou responsab endividyèlman pou lapè nan mond lan. Responsablite sa a nou pa ka pase l bay yon lòt moun.”15

Apeprè trant ane apre, yon lòt Otorite Jeneral, Èldè Eldred G. Smith, te anseye menm verite sa a:

“Si chak moun gen lapè nan nanm ni, enben, t ap gen lapè nan fanmi yo. Si gen lapè nan chak fanmi, enben, ap gen lapè nan peyi a. Si gen lapè nan peyi yo, ap gen lapè nan mond lan.

“Annou pa sèlman chante ‘Se pou gen lapè sou tè a epi se pou l kòmanse pa mwenmen,’ men, annou vle sa toutbon. Annou fikse sa kòb bi pa nou—bi pa mwen.”16

Youn nan istwa Nwèl m te pi renmen sete istwa yo te pibliye nan Deseret Newsla sa gen plis pase trantan. Li te rakonte istwa yon tifi onzan ak sa l te aprann atravè angwàs li te genyen pou l pa t jwenn kado l te vle a ak lapè l te santi lè l te aprann poukisa nou bay kado pou n selebre lè Nwèl. Kite m pataje sa espesyalman pou timoun yo ak jèn yo ki la a.

Yon tifi onzan te tris poutèt li pa t resevwa poupe tou nèf li te anvi depi byen lontan an.

Imaj
yon manman k ap pale avèk pitit fi li

Pou te rekonfòte li, manman l te di: “Ou twò gran pou sa kounyea.” Pitit fi a te mande tèt li: Èske l te vrèman twò gran pou Nwèl? Papa l te eksplike:

Imaj
yon papa k ap pale avèk pitit fi li

“Chè pitit fi mwen. Gen sitèlman lapenn, ak lajwa nan grandi. Non, pitit mwen, ou pa twò gran pou Nwèl. Se yon bagay ki pi enpòtan k ap rive w la a. W ap grandi epi w vin reyalize ke anpil bagay gen siyifikasyon pi pwofon ak pi gran pase w te ka konprann pandan w te piti a. … Ou konn tande yo di nou bay kado pou Nwèl paske bèje yo ak wa maj yo te pote kado pou Kris, tibebe a, men kite m pale w de premye kado Nwèl la.”

Apresa, li te dekri gwo lanmou Pè Selès la te genyen pou pi gran Pitit Gason l lan, “ki te lwayal anvè li atravè anpil twoub ak rebelyon e ki te menm ede l kreye mond kote n ap viv la.“” Li te di l kijan Pè Selès la te ba nou Pitit Gason sa a, Senyè a, Jezikri, pou l vin Sovè nou.

Imaj
yon papa k ap li pou pitit fi li

Li te li nan Liv Mòmon an kijan Pitit Gason sa a “pral desann sòti nan syèl la vin nan pami pitit lèzòm, e li pral rete nan yon kò fizik. … Epi li pral soufri tantasyon, ak doulè fizik, ak grangou, ak swaf, ak fatig plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri; san menm sòti nan chak twou swè li yo, tèlman li pral soufri pou mechanste ak abominasyon pèp li a. Epi yo pral rele li Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a” (Mozya 3:5, 7–8).

Papa a te fèmen liv la epi l te eksplike:

Imaj
yon papa k ap pale avèk pitit fi li

“Malgre Papa nou ki nan Syèl la te konnen se bagay sa yo ki t ap tann Pitit Gason Byeneme l la, nan amou ak sajès enfini li, li te bay li pou mond lan. Epi dezyèm pati kado mèveye sa a sèke Kris la, Pitit Gason an, ki te konn tout bagay tou, te bay tèt li volontèman pu nou te ka gen lavi etènèl.”

Dèzane apre, tifi sa a ki te grandi vin yon fi plen matirite kounyea te ekri:

Imaj
yon jèn tifi k ap dòmi

“Sete premye jou Nwèl m sonje m pa t al dòmi avèk poupe m sou zòrye mwen. M te gen yon pi bon bagay. Andedan kè mwen te gen yon nouvo lapè eksitan. Mwen te jwenn yon kado ki pa t ap ka fini ni pèdi, yon kado m t ap janm twò gran pou li, men avèk èd Bondye, m dwe vin konprann. Epi m te priye … pou yon jou m ta gen vrè pitit pa m, epi lè sa a m ta va koprann rès Kado Lanmou a.”17

M ap fini avèk ansèyman Russell M. Nelson te bay nan Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan ane pase: “Jezikri se kado siprèm Bondye a—kado Papa a pou tout pitit li.”18

“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”19

Mwen priye pou verite etènèl sa a penetre nan tout sa n ap fè pou sezon Nwèl sa a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lik 2:40, 51–52.

  2. Charles Dickens, The Life of Our Lord (1934), 11, 127.

  3. Gade Efezyen 6:15; Women 10:15.

  4. Ezayi 32:17.

  5. Jan 16:33

  6. Jan 14:27.

  7. 3 Nefi 22:13.

  8. Gade Matye 5:44.

  9. Women 12:18.

  10. Enseignements des présidents de l’église: Howard W. Hunter (2015), 184.

  11. Doktrin ak Alyans 59:23.

  12. Teachings of Spencer W. Kimball (2011), 157.

  13. “Sweet Is the Peace the Gospel Brings,” Hymns no. 14.

  14. Lirik yo pwoteje pa Dwa Otè a pou “Let There Be Peace on Earth,” pa Jill Jackson ak Sy Miller. © 1955, 1983 pa Jan-Lee Music, ASCAP, International copyright secured. Tout dwa rezève.

  15. John A. Widtsoe, “The Nature of Peace,” nan Conference Report, Oct. 1943, 113.

  16. Eldred G. Smith, “Peace,” EnsignJiyè 1972, 118.

  17. Janice Jensen Barton, “The Christmas I Remember Best,” Deseret NewsDes. 24, 1959, paj devan.

  18. Russell M. Nelson, “Four Gifts from the Savior,” EnsignDesc. 2019, 15.

  19. Jan 3:16.

Enprime