Devosyon Nwèl
13holland


Rèv lannuit

Devosyon Nwèl 2020 Premye Prezidans lan

Dimanche 6 desanm 2020

Andwa a sete yon andwa ki te osi pezib ke sa lanati te ka ofri, lannuit ki t ap rive nan kòmansman prentan an. Syèl la te pafètman klè, avèk zetwal ki t ap parèt toudabò pa dizèn, pa santèn, e finalman pa milye. Bèje yo ak twoupo yo nan chan an te jwenn soulajman frechè anba chalè solèy lajounen an ak anba fatig yon travay onèt. Sèl eleman inabityèl—men remakableman bèl—nan sèn pastoral sa a sete nan yon etab sou ti mòn tou pre vilaj la, kote de moun te panche sou yon tibebe ki te kouche nan yon krèch, avèk sèlman kèlke animal domestik ki te temwen mèvèy yo te wè a.

Twa moun sa yo, ki pa t jwenn okenn zanmi ni fanmi nan vil Bètlleyèm plen moun sa a, sete, toudabò, yon bèl jènfi trè jèn ki te rele Mari (ki te pwobableman nan kòmansman oubyen nan mitan laj adolesans li selon jan tradisyon epòk la te siman ye a), kouraj li ak lafwa inabityèl li osi frapan ke tout sa yo janm rapòte nou nan ekriti yo. Apresa te gen mari li, ki te rele Joseph, ki te pi gran pase jèn madanm ni an men, pa definisyon, li sete moun ki te pi diy sou tè a pou te elve yon tibebe ki pa t pitit fizik li men yon tibebe ki, lè l te fin viv lavi li, t ap vin papa spirityèl Joseph. Epi, apresa, te gen pi bèl bagay nan tout la: tibebe ki t ap rele Jezi a, kouche nan twal sou pay ki te pi pwòp yon papa sousye te ka ranmase.

Iwoni ki te genyen nan sèn diskrè ak enkoni sa a sete lefèt ke pa t gen okenn tibebe ki te janm fèt ke moun te deja si konnen konsa, ke yo te deja ekri si anpil sou li konsa, epi tout moun t ap tann si anpil nan men l konsa. Anfèt, konesans sou kiyès Li te ye ak kisa L te ye a te kòmanse nan domèn selès yo anvan okenn moun te fèt! Antanke Premyene Papa a1 nan egzistans premòtèl la, yo te chwazi l pou l te Sovè mond la,2 preòdone pou l te “Anyo imole depi fondasyon mond la.”3 Nan apre, men toujou anvan nesans Li, Li t ap gen pou l gran Jewova Ansyen Testaman an, ki t ap ede Nowe sove fanmi li nan epòk Delij la4 epi ki t ap gade Joseph sove fanmi li nan epòk grangou a.5 Li sete Jewova majestye a ke yo ta pral rele “Mèveye, Konseye, Bondye Toupuisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.”6 Li sete Alfa ak Omega7 nan gran plan mizèrikòd ki ta pral finalman “preche bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo; … geri moun ki gen kè brize, … pwoklame libète pou kaptif yo, epi [ouvri] pòt prizon pou prizonye yo.”8

Pou akonpli bagay sa a, Li t ap gen pou yo te foule l nan preswa redanmsyon an konplètman e totalman poukont li, san okenn konpayon mòtèl pou te ede Li ni okenn konpayon selès ki te ka asiste li. Nan pote tout peche ak chagren mòtalite yo, Li ta pral pote don sali enkonpreyansib la bay tout kretyen vivan soti nan Adan rive nan fen mond lan. Nan vwayaj Li a, Li t ap “Bèje ak Gadyen nanm [nou],”9 gwo “Souveren Sakrifikatè pwofesyon nou,”10 “fontèn tout jistis” k ap koule tou fre a.11 Tout devwa ak egzijans terès sa yo te gen pou yo te ranpli ak satisfè. Men pa jou swa sa a. Pa lannuit sa a. La a, li sete jis yon tibebe nan bra yon manman ki te adore li, ak yon papa dou ak solid ki t ap veye sou li.

Byenvit, bèje yo te vini, pou yo te reprezante aktivite tanporèl ki te pi enb yo ak moun ki te pi pòv yo ak travay yo. Nan apre, wa te vini, Wa Maj ki te soti nan Loriyan, ki senbolize reyisit tanporèl ki pi elve yo ak moun ki pi rich yo avèk travay yo. Anlè tout bagay—literalman anlè tout—zanj te vini ki t ap chante “Glwa pou Bondye nan syèl la,”12 yon veritab miltitid lame selès ki t ap louwe tibebe a ki te finalman vini sou tè a. Anfèt, zanj yo te trase chemen pou al nan etab sa a depi plizyè syèk. Anvan sa, yon zanj te vin devan Mari nan anonsyasyon mayifik la pou te di l sa yo te chwazi l pou l te fè ak kisa yo te chwazi l pou l te ye.13 Yon zanj te vin devan Joseph pou te ba l kouraj pou l te marye avèk jènfi sa a ki te deja ansent misteryezman an, yon kòmandman li te prese obeyi fidèlman.14 Apre nesans la, yon zanj te di jèn koup la pou yo te kouri sove anba sa k t apral masak Ewòd kont inosan yo (timoun piti sa yo ki sete premye mati nan pami Kretyen Nouvo Testaman yo), epi yon zanj te di koup la kilè yo te ka retounen soti an Ejip men pou yo pa t rete Betleyèm ni nan Jerizalèm men, pou yo te retounen al Nazarèt ki te byen lwen an.15 Aparaman, zanj yo nan syèl la te konn anpil plis bagay pase mòtèl yo sou tè a sou siyifikasyon nesans sa a ak sou kisa misyon timoun sa a te ye, ki sete “[pote] soufrans nou yo, ak [pran] doulè nou yo: … [pou l te] blese pou transgresyon nou yo, [ak] mètri pou inikite nou yo: [pou rann klè ke] chatiman ki ba nou lapè a te tonbe sou li; epi [avèk] tout kou li te resevwa yo, li [t ap] ba nou gerizon.”16

Pou mwenmenm, pèsonèlman, sa siyifikatif ke tout bagay sa yo te dewoule lannuit, moman kote mis kò nou relache epi fatig nou kite plas pou repo, kote priyè pwononse, kote gen espwa revelasyon epi èt diven pwobableman pi pwòch nou. Epi, yon fwa pa ane, lannuit se moman kote timoun yo ka apèn fèmen je yo pou yo dòmi paske yo si eksite ak si kontan dèske demen se pral jou maten Nwèl la. Wi, kèlkeswa jan jounen nou ka difisil, rèv nou fè lannuit yo ka repare tout bagay. Jan Èldè Parley P. Pratt te di yon fwa:

“Bondye revele anpil enstriksyon enpòtan … atravè rèv. … [Se lè sa a] nè nou delye, epi tout limanite ap repoze kalmeman nan [repo trankil, epi] … ògàn spirityèl yo … fè konvèsasyon avèk Divinite a, … [avèk] zanj yo, epi [avèk] espri moun jis ki vin pafè yo.”17

Epi sete konsa, nan nuit mèveye sa a, “espwa ak krent tout epòk yo”18 te vrèman jwenn repons yo nan rèv ki te fèt nan Betleyèm yo.

Lannuit sa a nan syèl peyi Jide a

Lè etwal mistik la te bay limyè l la,

Yon mesye avèg te bouje nan somèy li,

Epi l te reve ke l te wè.

Lannuit sa a lè bèje yo te tande chante

Lame zanj ki t ap chante tou pre a,

Yon mesye soud te bouje nan somèy li,

Epi l te reve ke l te ka tande ankò.

Lannuit sa a kote nan etab plen bèt la

Timoun nan ak Manman an t ap dòmi [san pale a],

Yon kokobe te vire kò tòdye l la,

Epi l te reve ke l te [ka mache].

Lannuit sa a lè sou Ti Bebe ki te fèk fèt la

Mari te panche avèk tandrès,

Yon lepre te souri nan somèy li,

Epi li te reve l te geri.

Lannuit sa a kote nan bra Manman li

Ti Wa a te an sekirite a,

Yon pwostitiye t ap fè yon bon dòmi.

Epi li te reve ke l te vin pwòp.

Lannuit sa a lè nan krèch la te kouche

Sanktifye a, ki te vini pou sove a,

Yon mesye te bouje anba somèy lanmò,

Epi l te reve ke pa t gen tonm.19

Kòm kado Nwèl mwen, m ap kite rèv nan Betleyèm yo avèk nou. Epi m fè sa nan non ti bebe ki rann tout rèv sa yo yon reyalite a, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.

Enprime