Devosyon Nwèl
Kris Te Pran Nesans pou L Sove


Kris Te Pran Nesans pou L Sove

Devosyon Nwèl 2023 Premye Prezidans lan

Dimanch, 3 Desanm 2023

Mwen renmen Nwèl! Resi ekriti a, mizik la, ak santiman bòn volonte ak jenewozite sanble yo inonde pifò pati tè a pandan peryòd sakre sa a.

Pandan ane k pase yo, madanm mwen avèk mwen te pase sezon Nwèl nou nan anpil peyi. Nou te renmen wè divès koutim ak diferan fason Nwèl selebre. Reflechi sou eksperyans sa yo te ede m reyalize ke Nwèl se pou tout moun. Li se pou timoun yo, paran yo, granparan yo, tant yo, tonton, ak kouzen yo. Li se pou moun ke lavi yo ap dewoule san pwoblèm ak pou moun k ap viv avèk maladi, povrete, ak eprèv yo. Li se pou moun ki aflije avèk terè lagè yo ak pou moun k ap viv nan sikonstans pezib, florisan. Li se pou moun ki ap eseye suiv Sovè a, pou moun ki pa t janm tande non Li, e menm moun ki rejte L yo. Li se pou moun ki te viv avan L te pran nesans yo tou. Nwèl se pou tout moun!

Nwèl se pou tout moun paske Bondye te voye Piti Gason L lan pou nou tout ak pou nou chak.1 “Paske yon tibebe fèt pou nou.”2

Paske Sovè a te pran nesans, Li te viv yon lavi san peche, Li te ekspye pou nou, epi L te resisite, nou chak resevwa gran don rezirèksyon anba lanmò a. Pa yon grenn nanm ki te janm viv sou tè ki prive de don remakab sa a. Anplis don sa a, “bagay pèsonn pa t janm wè, ni pa t janm tande … baghay yo ke Bondye te pare pou moun ki renmen li.”3

Kèlkeswa peryòd tan oswa sikonstans yo, nesans Sovè a sete toujou yon rezon pou moun rejwi. Li te vini pou ofri chak pitit Pè Selès la “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an.”4

Depi soti epòk Adan ak Èv, moun jis yo t ap rete tann nesans yon Sovè, ki te gen pou vini sou tè a pou rann posib akonplisman plan Papa a pou pitit Li yo.5 Ezayi ak Nefi te pwofetize sou nesans Li nan kontèks misyon Li a.6 Nou pa ka separe nesans li de rezon Li te vini sou tè a.

Panse ak Ana ak Simeyon, ki te wè Jezi tibebe, epi ki te reyalize ke tibebe sa a sete “yon limyè pou klere”7 tout mond lan ak lespwa pou redanmsyon.8 Se pa etonan ke zanj lan te rele mesaj la “bòn nouvèl ki pote lajwa, pou tout moun.”9 Nou rejwi nenpòt lè yon tibebe fèt, men nesans sa a ak tibebe sa a te diferan.

Jezikri, vrè limyè ak lavi mond lan, te pran nesans nan yon etab modès, men yon nouvo zetwal te siyale nesans li. Liv Mòmon an rakonte yon evenman ekstraòdinè—yon jou, yon nuit, ak yon jou san fènwa—ki te siyale vini Li. Yo te bay siy mirakile sa yo pou te anonse avènman Limyè Mond lan,10 ki t ap gen pou delivre nou anba tenèb peche ak lanmò. Nou ka pataje limyè Li avèk mond lan.

Nan peryòd Nwèl, menm timoun piti yo ka santi enfliyans ak efè lanmou Sovè nou an. Sa gen kèk ane, youn nan pitit fi nou yo, Sonja, te ekri konsènan yon konvèsasyon li te genyen avèk pitit gason senkan l lan.

Li te ekri, “Andrew te di m aswè a pandan m t ap mete l nan kabann, ‘Ane pwochèn, mwen pa pral fokis tèlman anpil sou kado yo, men mwen pral fokis sou sa m ap ba Jezi.’ Mwen te mande l kote li te jwenn kalite ide sa a, epi lite di m sete nan men enstriktè Primè li. Bravo pou Primè!”11

Wi. Bravo pou Primè. Kounyea, 14 ane aprè, Andrew ap sèvi yon misyon epi pase sezon Nwèl sa a ap bay lòt moun mesaj Jezikri a. Li te ekri resamman, “Jezi ba nou tout bagay … [epi] retire tout peche nou yo. Se poutèt sa mwen la a nan yon misyon.”12

Sezon Nwèl la se yon moman spesyal pou nou panse sou sa ki pi enpòtan pou nou bay. Nou gendwa gen posiblite pou ede lòt moun santi “frison lespwa”13 a ki soti nan vin konnen Sovè a ak ofri kè nou ba Li a.

Pitit fi nou Alisa mouri anba kansè sa gen anpil ane, e mwen renmen vizyon li konsènan Nwèl, menm pandan pwonostik sante li te fè fas la te menasan. Yon ane li te ekri:

“Mwen te resevwa yon sipriz pou Nwèl. Yon gwo sipriz. … Mwen te reswvwa yon imel lavèy Nwèl ki te soti de enfimyè nan biwo onkolojis mwen an. Li te di, “Jwaye Nwèl—rezilta timè w la teste pozitif pou yon [mitasyon jenetik] espesifik.’ … Kisa sa vledi pou mwen? Yo apwouve … yon medikaman … ki entèfere avèk rezo kominikasyon selil kansè yo [pou kèk moun ki gen mitasyon sa a]. Li pa yon tretman, men yon medikaman mirak ki ka retresi … timè yo rapid. … Malerezman, alafen kò a jwenn yon mwayen pou kontoune li, epi kansè a retounen. … Men mwen te santi kòmsi yon moun te jis fè m kado kèk mwa lavi anplis. Epi kisa sa te ka ye? … Yon ete anplis? Yon lòt sezon fèt avèk pitit mwen yo? Mwen te kriye lè m te louvri imel la epi m te remèsye Bondye pou pi bèl sipriz mwen te janm resevwa a.”14

Alisa te jwi plis moman presye avèk fanmi li. Li te pataje yon eksperyans fanmi yo te fè pandan yo t ap delivre yon kado anonim pou yon vwazen. Li demontre ke tout detay nan kado n ap bay yo gendwa pa toujou pafè. Li te ekri:

“Nou te depoze yon kado … sekrè avan yèswa. Timesye yo te planifye pi bon fason pou nou te kouri deplase ak kote pou n te kache.

“‘Men si anka yo ta wè nou …’ Sam te di avèk yon ton serye, epi de lòt yo te apiye l avèk enkyetid. ‘Nou ta dwe gen kèk bouldenèj nan men nou.’

“James te konprann. ‘Okay, bon. Pou voye yo sou pòt la pou l pivote fèmen?’

“‘Non,’ [Sam te reponn], ‘nou ale pou n wè figi yo.’”15

Alisa te pataje yon echanj ki te pi bèl avèk pi jèn pitit gason l lan, Lik, ki te apèn genyen sizan nan moman an. Li te ekri:

“Bon aswè a pandan nou te kouche nan kabann li ki te klere ak anpil limyè kolore anlè fenèt li a, mwen te mande l …, ‘Wèl, kisa w ta renmen … mande?’

“‘Wèl, Mwen ka panse a yon bagay.’

“‘Oh?’

‘Mwen ka itilize l nan tout sezon yo.’

“‘Oh?’

“Poz dramatik. ‘Yon akolad ak yon bizou nan men manmi m.’

“Sa te merite 100 ti bizou ak yon gwo akolad imedyatman. ‘Ou konnen Lik, ou ka jwenn sa nenpòt kilè!’

“Men pandan m t ap deplase kite pòt la, kè m te vin yon tijan sere. M te sonje ke sa pa t nesesèman vrè. Mwen santi m rekonesan anpil ke ane sa a li ka jwenn sa a avèk kado tou.”16

Mwen te patikilyèman touche pa refleksyon Alisa yo konsènan esperans ki mache avèk Nwèl la. Li te ekri:

“Mwen te enpresyone avèk espwa sezon sa a. Pandan m ap reflechi sou mirak Kris la ak anpil kado Bondye yo, mwen santi espwa pou tout bagay ak pou tout moun. Pa nesesèman kalite espwa ki di ke tout bagay pral vin pafè a, men sa ki di ke tout bagay pral oke, epi alafen bonte pral triyonf[e] a. Nan tout lavi nou. Mwen pa kwè li janm twò ta pou mirak, pou chanjman, pou lapè. Mwen vrèman kwè sa nan tout andedan mwen ak nan tout sans. Mwen ap admèt ke li sanble l pi fasil pou nou santi espwa sa a pou lòt moun, pi difisil pou aplike l pou tèt pa m. Men m ap aprann. ‘Kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.’ Senp. Bèl.”

An palan de pitit gason l la, li te kontinye, “Nan Lavèy Nwèl la, James te jwe pou mwen [yon chante Nwèl epi mwen] renmen pawòl yo ki nan chante sa a:

Bon gason Kretyen, rejwi

Avèk kè, ak nanm, ak vwa;

Kounyea ou pa bezwen pè tonbo a:

Lapè! Lapè!

Jezi te pran nesans pou sove!

Li rele nou chak, epi rele nou tout,

Pou antre nan sal etènèl Li a:

Kris te pran nesans pou l sove!

Kris te pran nesans pou l sove!”17

Li te pran nesans pou sove. Pou sove ou ak pou sove mwen. Ala yon kado enkonparab ke Limenm sèlman ka ba nou. Kèlkeswa sitiyasyon aktyèl nou, se pou nou pi konplètman santi kado L yo nan lavi nou nan sezon Nwèl sa a.

Nan non Jezikri, amèn.

Enprime