“Moyiz ak Lamàn nan,” Mesaj Mansyèl Zanmi , Avril 2022
“Moyiz ak Lamàn nan”
Mesaj Mansyèl Zanmi , Avril 2022
Moyiz ak Lamàn nan
Ilistrasyon Apryl Stott
Moyiz sete yon pwofèt. Li te dirije pèp Bondye a ale nan tè pwomiz la. Yo te mache pandan plizyè jou.
Pèp la te grangou. Yo pa t gen manje. Konsa, Bondye te voye manje ki te soti nan syèl la pou yo. Li te rele lamàn.
Chak maten, pèp la te ranmase lamàn pou yo te manje. Men li pa t ap rete fre pandan lannuit la. Yo te oblije ranmase plis pou pwochen jou a.
Lamàn nan fè nou sonje Jezikri. Bondye te voye lamàn pou sove pèp la. Li te voye Jezi sou latè pou sove nou. Nou bezwen Jezi chak jou, menm jan nou bezwen manje chak jou a.
M ap suiv Jezi. L ap ban m fòs epi L ap ede m santi lanmou Li chak jou.
Paj pou Kolorye
Nou Bezwen Jezi Chak Jou
Klike sou foto a pou telechaje l.
Ilistrasyon Apryl stott
Nan ki fason Jezi ede w?
© 2022 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, April 2022 Haitian Creole. 18314 036