2022
Eli ak Ti Vwa Dous Piti a
Jiyè 2022


“Eli ak Ti Vwa Dous Piti a” Mesaj Mansyèl Zanmi, Jiyè 2022

“Eli ak Ti Vwa Dous Piti a”

Mesaj Mansyèl Zanmi, Jiyè 2022

Eli ak Ti Vwa Dous Piti a

Imaj
Eli bò yon montay

Ilistrasyon Apryl Stott

Eli sete yon pwofèt. Li te vle tande vwa Bondye. Li te ale sou yon montay pou l te ka tande vwa Bondye pi byen.

Imaj
Eli k ap gade yon gwo van

Te gen yon gwo van. Li te sitèlman fò ke l te kraze wòch yo. Van an te fò anpil. Men se pa t vwa Bondye.

Imaj
Eli k ap gade tranblemantè ak dife

Apresa te gen yon tranblemantè. Tè a te tranble. Te gen yon dife tou. Li te gen gwo flanm dife. Men tranblemantè a ak dife a se pa t vwa Bondye.

Imaj
Eli k ap koute ti vwa dous piti a

Apresa pa t gen okenn bri. Eli te tande vwa Bondye. Li te kalm epi tou piti. Men li te klè.

Imaj
moun ki legliz

Mwen ka tande vwa Bondye lè m koute Sentespri a. Li pale avèk mwen nan ti fason senp.

Paj pou Kolorye

Mwen Ka Santi Prezans Sentespri a

Imaj
timoun k ap chante kantik

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Kisa ki ede w santi prezans Sentespri a?

Enprime