Zanmi
Nefi Priye pou Pèp la
Septanm 2024


“Nefi Priye pou Pèp la,” Zanmi, Septanm 2024, 26–27.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Septanm 2024

Nefi Priye pou Pèp la

Imaj
Pwofèt Nefi

Ilistrasyon pa Andrew Bosley

Nefi sete yon pwofèt. Li te pote non Nefi ki te resevwa plak eren yo. Li te enkyete pou pèp la. Yo te sispann suiv Bondye.

Imaj
Nefi k ap priye nan jaden li

Nefi te ale nan jaden li. Li te monte yon tou degad nan jaden an epili te priye Bondye la. Li te priye pou pèp la.

Imaj
Moun ki ap gade Nefi k ap priye; Nefi k ap anseye moun yo

Gen kèk moun ki te remake Nefi sou tou degad la. Yo te kanpe pou yo koute epi yo te rasanble lòt moun pou te vin tande. Lè Nefi te fin priye, li te remake yo t ap gade e li te kòmanse anseye yo.

Imaj
Moun k ap priye

Nefi te mande pèp la pou yo repanti. Kèk nan yo pa t renmen sa Nefi te anseye yo. Men anpil lòt te koute! Yo te chwazi repanti epi yo te chanje fason yo.

Paj pou Kolore

Jezi rasanble nou tankou yon Poul Rasanble Tipoul Li yo

Imaj
Alt text

Ilistrasyon pa Adam Koford

Kijan ou santi lanmou Jezikri bay la?

Enprime