2021
Se Yon Tigason sa te Mande pou te Sove yon Vilaj
Avril 2021


“Se Yon Tigason sa te Mande pou te Sove yon Vilaj” Pou Fòs Jèn yo, 10–11 Avril 2021.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn Yo, Avril 2021

Se Yon Tigason sa te Mande pou te Sove yon Vilaj

Tom Fanene te gen sèlman 12 zan, men lè te vin gen yon maladi devastatè ki t ap ravaje vilaj li a, nan Samoa, li te aple pou l te fè bagay ki te ekstraòdinè.

Imaj
Zile Samoa ki gen yon tigason k ap ede vilajwa ki malad yo

Ilistrasyon Dennis James Madsen; foto Getty Images

Tèm pou jèn yo ane sa a se, w “ap poze fondasyon yon gwo travay” (Doktrin ak Alyans 64:33). Nan tout istwa Legliz la, jèn moun yo te souvan jwe yon wòl enpòtan nan moman ki pi grav yo nan konstriksyon wayòm Bondye a. Men yon egzanp.

Epidemi nan Zile a

Plis pase 100 ane de sa, nan zile Samoa ki nan Oseyan Pasifik la, yon jèn gason ki te rele Tom Fanene te yon èd enpòtan pandan yon sitiyasyon lavi-ou lanmò pou manm Legliz Jezikri Sen Dènye Jou yo.

Tom t ap viv nan yon vilaj ki te rele Sauniatu, ke Sen Dènye Jou yo te fonde nan zòn nan kòm yon lye rasanbleman ak pou yo te kreye yon kominote. Menm jan ak Sen Bondye yo nan lòt tan ak nan lòt zòn, yo te simonte difikilte e yo te viv anpil mirak pandan yo t ap travay pou yo te bati wayòm Bondye a ansanm. Gen yon eprèv ki te rive nan ane 1918 la, kote yon pandemi lagrip enfluenza te frape vilaj la.

Tousuit maladi a te rive, li te devaste moun e li te pwopaje byen rapid. Prèske chak youn nan apeprè 400 vilajwa yo te rete kouche nan kabann akoz de li. Se sèlman de nan yo ki te gen ase fòs pou yo te deplase: yon granmoun aje ak Tom ki te gen laj 12 zan.

Lafwa ak Travay Achane

Fanmi Tom te konn egzèse lafwa devan maladi deja epi yo te konn wè mirak opere nan lavi yo. Tifrè Tom nan, Ailama, te tonbe malad kèk ane avan sa. Papa yo, Elisala, te fè yon rèv kote yo te ba l direksyon espesifik sou sa pou l te fè pou l te pran swen Ailama: jwenn yon pyebwa wili-wili, pran kèk ekòs nan pyebwa a epi prije ji a. Elisala te fè sa epi li te pote ji a bay Ailama, ki te bwè l epi li te geri byen rapid. Se konsa Tom te vin reyalize kijan lè moun aji ak lafwa sa ka ede simonte maladi.

Pandan pandemi lagrip influenza nan ane 1918 la, Tom te egzèse lafwa pandan l t ap travay di pou l te pran swen moun yo nan vilaj la. Li te di, “Chak maten, mwen te mache de kay an kay pou m te pote manje ak pou m te netwaye moun epitou pou m te dekouvri kiyès ki te mouri”.

Li t al chèche bokit dlo nan yon sous epi li te pote dlo nan chak kay. Li te grenpe nan pye kokoye yo, keyi kokoye, retire po yo, epi li te louvri yo pou l te pran ji a pou l te pote bay malad yo. Li te touye tout poul ki te gen nan vilaj la tou pou l te ka fè soup pou chak fanmi.

Fè yon Diferans

Pandan pandemi sa a, lagrip influenza te touye apeprè yon ka nan popilasyon Samoa a. Gen kèk moun nan vilaj Tom nan ki te mouri tou. Tom te ede fouye fòs pou te antere plis pase 20 ladan yo, pami yo pwòp papa l, Elisala.

Men gras a travay achane Tonm ak bon jan swen l te bay, anpil moun nan vilaj li a te siviv. Li te fè yon gwo diferans pou moun sa yo ak pou konstriksyon wayòm Bondye a nan Samoa. Li t ap “poze fondasyon yon gwo travay.”

E nan pwòp fason pa ou, oumenm tou.

Petèt ke ou pa aple pou w fè menm kalite bagay Tom te fè yo, men anreyalite, w ap egzèse lafwa nan divès fason ki pral fè yon gwo diferans pou ou, pou lòt moun ak nan travay konstriksyon wayòm Bondye a.

W ap tabli yon egzanp pou fanmi w, zanmi w ak lòt moun nan montre vèti, pasyans, jantiyès ak renmen. W ap sèvi lòt moun. Ou angaje tèt ou nan etid ekriti ak nan lapriyè. W ap pataje verite levanjil retabli Jezikri a.

Pandan ane ki sot pase a, anpil nan nou te fè bagay sa yo pandan nou t ap andire efè yon pandemi. Petèt ke w pa t al chèche dlo ak kokoye ni pran swen 400 moun jiskaske yo geri, men ou te pote rekonfò, lespwa, lajwa ak lapè pou moun nan plizyè lòt fason.

Laj ou mwens konte pase lafwa w ak volonte ou pou w travay ak sèvi lòt moun nan. Egzanp lepase yo, tankou pa Tom Fanene nan, ka ede w wè ke yo bezwen w nan poze fondasyon pou gwo travay Bondye a.

Enprime