2021
Kreye yon Meyè Vèsyon de Tèt Ou
Septanm 2021


“Kreye yon Meyè Vèsyon de Tèt Ou,” Pou Fòs Jèn yo, 6–7 septanm 2021.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Septanm 2021

Kreye yon Meyè Vèsyon de Tèt Ou

Senk fason ou ka bati yon lavi satisfè e ki plen ak lajwa.

Doktrin ak Alyans 95:13–14

Imaj
radyografi pati nan kò yon jènfi, chema yon tanp

Ilistrasyon Juliet Percical

Lè Senyè a te bay Joseph Smith lòd pou l te bati tanp Kirtland nan, li pat kite l ap mande tèt li kijan l t ap fè fè tout bagay sa a poukont li. Li te revele yon plan ki t ap reyisi.

Senyè a te deklare, “Se pou kay la bati, se pa nan fason mond lan”. “Se pou l bati daprè fason m pral montre a” (Doktrin ak Alyans 95:13–14). Konsa, Senyè a te bay enstriksyon sou kijan pou bati tanp lan (gade Doktrin ak Alyans 95:15–17).

Erezman, Senyè a montre nou plis pase kijan pou nou bati tanp sèlman. Li bannou enstriksyon pou ede nou vin pi bon moun nou ka ye a tou. Pandan n ap suiv li, n ap bati lavi nou “non pa selon daprè mond lan” men nan fason Senyè a montre a.

Men senk fason ou ka kreye yon vi satisfè e ki plen ak lajwa ki santre sou Jezikri.

Bati yon Fondasyon ki Solid

Nenpòt achitèk oswa bòs mason ap di w ke yon fondasyon solid se sa ki esansyèl nan nenpòt konstriksyon. Elaman te anseye ke meyè fondasyon pou lavi nou se “wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a” (Elaman 5:12). Nou ka fè Kris la tounen fondasyon nou lè nou vin jwenn ni epi nou suiv kòmandman Li yo. Kijan w santi w nan fè Kris la tounen fondasyon lavi w?

Sèvi lòt moun

Imaj
pye

Yon lòt pi bon fason pou nou bati lavi nou, selon Prezidan Dieter F. Uchtdorf, ki sete Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan lè sa a, se lè “nou kanpe sou de pye nou ap sèvi Senyè a ak sèvi moun ki ozalantou nou.”1 Lè w sèvi lòt moun, w ap fè sa Jezi te fè e w ap aprann sanble plis avèk Li. E se pa sèlman lavi moun ou sèvi yo ou beni, men w ap beni tou.

Kreye yon Woutin pou Priyè ak Etid Ekriti ki Regilye

Imaj
men k ap priye

Yon lòt fason pou bati yon lavi satisfezan se kreye yon relasyon avèk Papa Selès la ak Jezikri. Yon bon fason pou fè sa se atravè lapriyè ak etid ekriti.

Prezidan Uchtdorf te di: “Pou fòtifye relasyon nou avèk Bondye, nou bezwen pase yon bon bout tan poukont nou avèk li. Konsantre an silans chak jou sou lapriyè ak etid ekriti pèsonèl… se ap envestisman rezonab nan tan ak efò nou pou nou vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la.”2

Lapriyè se yon opòtinite pou kominike ak Papa nou ki nan Syèl la. Li konnen nou, Li renmen nou e Li vle tande nou! Lè nou priye ak tout kè nou, nou ofri rekonesans nou, epi nou mande bagay nou bezwen yo, Li tande nou e Li toujou reponn nan fason ak nan delè pa Li.

Lè sa konsène etid ekriti yo, pa gen yon pi bon fason pou fè l. Sa ki enpòtan an sèke ou fè l! Prezidan Russel M. Nelson te anseye, “Plonje toulejou nan pawòl Bondye se sa ki nesesè pou sivi espirityèl nou.”3 Lè w pase tan chak jou nan ekriti yo sa ap, san okenn dout, ede w bati yon lavi lafwa ak fòs.

Antoure W de Moun Ki Ankouraje W Fè Byen

Imaj
tigason ki lonje bra li

Pè Selès la vle nou konekte epi bati relasyon avèk lòt moun—espesyalman ak fanmi ak zanmi. Pi souvan, nou suiv egzanp moun nou pase tan avèk yo a. Kit yo se manm kit yo pa manm Legliz la, ou dwe antoure w de moun ki ap ede w viv levanjil la, respekte prensip Senyè a bay yo, epi vin yon pi bon moun. Ou ka ede moun ki bòkote w yo fè menm bagay la tou. Kiyès nan zanmi w yo k ap ede w bati fondasyon w sou lajistis?

Jwen Lajwa nan Bati Fondasyon W

Gen plizyè lòt fason ou ka bati lavi w pou w solid espirityèlman e pou w gen kè kontan, sa gen ladann ale legliz, pran Sentsèn, fè ak respekte alyans, epi suiv konsèy pwofèt ki vivan yo.

Li enpòtan pou w sonje ke tout bagay sa yo mande travay e yo pran tan. Toujou gen konstriksyon ak aprantisaj ki pou fèt, men ou pa oblije fè l poukont ou. Senyè a ap ede w chak jou pandan w ap fè tout sa ou kapab pou w bati yon lavi ke oumenm avèk Li ka fyè e ki ap pote kè kontan pou ou.

Enprime