2022
Yo se Pitit Mwen e Mwen Konnen Yo
Janvye 2022


“Yo se Pitit Mwen e Mwen Konnen Yo,” Pou Fòs Jèn yo, Jan. 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Janvye 2022

“Yo se Pitit Mwen e Mwen Konnen Yo”

Moyiz 1

Imaj
yon jènfi ki nan yon foul

Foto Getty Images

Èske w janm konn santi w ensiyifyan? Ou petèt konn santi w konsa lè w ap panse a ki kantite moun ki gen nan mond lan oswa lè w ap gade konbyen zetwal ki nan syèl la. Èske w konn janm mande tèt si Bondye konnen w reyèlman e èske L konnen ki vi w ap mennen? Si wi, enben Moyiz gen yon mesaj pou ou.

Nan yon vizyon, Bondye te montre Moyiz chak grenn bagay ki sou tè a avèk tout moun ki t ap gen pou viv ladan. Yo te tankou “sab ki sou bò lanmè” (Moyiz 1:28). Apresa, Bondye te di Moyiz ke L te kreye “pakèt mond moun pa ka konte” (Moyiz 1:33)—ke kreyasyon L yo rive pi lwen pase tè sa a.

Moyiz te pwobableman santi bagay yo twòp pou li lè l te wè tout bagay sa yo. Petèt li te di tèt li: Ki kote plas mwen ye nan mitan pil kreyasyon sa yo? E kijan Bondye fè siveye tout bagay sa yo?

Repons Bondye te bay la te senp: “Tout bagay konte pou mwen.” Kijan? “Yo pou mwen epi m konnen yo” (Moyiz 1:35). Bondye te konnen kimoun Moyiz te ye, menmjan Li konn tout pitit Li yo, ansanm avèk tout kreyasyon L yo. Yo tout se pou Li—zetwal yo, sab la, e espesyalman pitit Li yo ki sou tè a. Yo se rezon prensipal ki fè Li te kreye tè a. Sali etènèl yo se travay ki pi enpòtan pou Bondye.

“Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39

Menmjan Moyiz te aprann ki kote li sitye nan plan Bondye a, oumenm tou ou ka sèten ke Bondye konnen w! Ede w retounen al jwenn Li se travay Li ak laglwa Li. Poukisa? Paske ou se pitit Li. E sa pa gen anyen ki ensiyifyan ladan!

Enprime