2022
Patriyach yo: Ki Moun yo te Ye e Poukisa Sa Enpòtan
Fevriye 2022


“Patriyach yo: Ki Moun yo te Ye e Poukisa Sa Enpòtan,” Pou Fòs Jèn yo, Fev. 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Fevriye 2022

Jenèz 11-50

Patryiach yo

Ki Moun yo te Ye e Poukisa Sa Enpòtan

Ou petèt konn tande pale de Abraram, Izaak ak Jakòb. Nou fè lekti sou yo souvan nan Liv Mòmon an e siman w ap gen pou w tande plis bagay sou yo pandan n ap etidye Ansyen Testaman an ane sa a. Avèk tout atansyon sa a nou ba yo a, yo genlè enpòtan anpil, pa vre? Men ou ka ap mande tèt ou, “Poukisa twa mesye ki t ap viv depi dèmilye dane enpòtan konsa jounen jodiya?” Ebyen, kle repons sa a chita nan alyans etènèl ak benediksyon Bondye te pwomèt ke L t ap ba yo a.

Abraram

Imaj
Abraram

Ilistrasyon Jarom Vogel

Abraram sete yon gwo pwofèt. Li te dwat e li te obeyi kòmandman Bondye yo.

Li te batize, li te resevwa prètriz la, epi li te sele avèk madanm ni Sara pou letènite.

Bondye te fè yon alyans avèk Abraram ke li t ap gen anpil desandan epi yo t ap gen menm benediksyon li te resevwa yo.

Yo t ap pote plenitid levanjil Jezikri a bay nasyon yo sou tè a.

Izaak

Imaj
Izaak

Izaak sete pitit gason Abraram ak Sara.

Bondye te di Abraram pou l te sakrifye Izaak. Abraram te renmen Izaak men li te chwazi obeyi Bondye. Jis avan Abraram t ap pral sakrifye Izaak la, yon zanj te di Abraram pou l te sispann. Volonte Abraram ak Izaak pou yo te obeyi Bondye a se senbòl Ekspyasyon Sèl Pitit Gason Literal Bondye a.

Yo te pwomèt Izaak menm benediksyon avèk Abraram.

Jakòb

Imaj
Jakòb

Menmjan avèk papa ak l granpap li, Jakòb te fidèl anvè Bondye.

Akoz fidelite li, Senyè a te chanje non Jakòb epi l te vin rele li Izrayèl, ki vle di “yon moun ki triyonfe avèk Bondye” oswa “kite Bondye triyonfe” (gade Diksyonè Bib la, “Izrayèl,”).

Jakòb te gen 12 pitit gason. Yo te vin rekonèt pitit gason sa yo ak fanmi yo kòm tribi Izrayèl yo.

Alyans Bondye te fè avèk Abraram nan te renouvle avèk Jakòb ansanm ak pitit li yo.

Patriyach yo avèk Oumenm

Antanke yon manm nan Legliz la, ou fè pati posterite Abraram, Izaak ak Jakòb la. Alyans yo te fè ak Bondye a aplike pou ou!

Ou gen benediksyon ak responsablite pou w temwanye non Sovè a e pou w pataje levanjil la.

Ou aple tou pou w envite tout moun fè ak respekte alyans epi resevwa òdonans prètriz yo. Prezidan Russell M. Nelson di ke tout sa fè pati rasanbleman Izrayèl la, ki se “bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jounen jodiya” (“Lespwa Izrayèl,” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 jen 2018], 8, ChurchofJesusChrist.org).

Enprime