2022
Soufrans Sovè a
Avril 2022


“Soufrans Sovè a,” Pou Fòs Jèn yo, Avr. 2022.

Mesaj mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Avril 2022

Soufrans Sovè a

Plizyè santèn ane avan Jezikri te vini, Ezayi te bay pwofesi sou soufrans Li pou peche nou yo.

meprize e rejte

Imaj
Men Jezikri ki mare

Lè Jezikri te vini sou latè, gen kèk moun ki te kwè nan Li, men gen anpil ki pa t kwè. Yo te menm meprize L, e anpil te rayi Li. Alafen, pèp la te chwazi pou yo te tòtire L ak touye Li. (Gade 1 Nefi 19:9.)

se soufrans nou li te pran sou tèt li

Imaj
Jezikri ajenou nan Jetsemani

Jezikri te pran sou do Li tout doulè, maladi, ak feblès nou yo. Li te fè sa yon fason pou Li te gen mizèrikòd pou nou e pou L te konnen kijan pou Li ede nou. (Gade Alma 7:11–13.)

se pou peche nou ki fè yo te mete san l deyò konsa

Imaj
Jezikri sou kwa a

Jezikri te soufri pou peche nou. Li te fè sa pou nou ka jwenn padon lè nou repanti. (Gade Doktrin ak Alyans 18:11; 19:15–19.)

avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon

Imaj
pèp la touche men Jezikri resisite a

“Sikatris Li yo” se blesi L yo. Tout sa se pou tout soufrans Li te andire pou nou, enkli san Li ki te koule ak lanmò Li. Paske Jezikri te soufri pou nou, nou ka geri yon fwa ankò. Sakrifis Li a rann posib pou peche nou yo jwenn padon. Lè nou repanti epi nou eseye kenbe alyans nou yo, Li geri nou epi Li chanje nou. (Gade Moyiz 3:7–11; Atik Lafwa 1:3.)

Enprime