2022
Chwazi
Jen 2022


“Chwazi,” Pou Fòs Jèn yo, Jen 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Jen 2022

Chwazi

Jozye te ankouraje pèp li a pou yo te fè bon chwa—pou yo te suiv Senyè a.

chwazi

Kapasite nou genyen pou nou chwazi ak aji pou tèt pa nou an rele libabit. Se yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Sèl objektif nan lavi sa a se montre ke nou chwazi obeyi kòmandman Bondye yo pou nou ka vin sanble plis avèk Li. Y ap jije nou selon chwa nou fè. (Gade nan 2 Nefi 2:27; Doktrin ak Alyans 101:78; Abraram 3:25.)

jou sa a

Jozye te ankouraje pèp li a pou yo te chwazi “jou sa a,” oswa jodiya menm. Nou ka fè chwa enpòtan yon fwa epi apresa eseye rete angaje nan yo. (Gade nan Sòm 37:5.)

sèvi

Nan vèsè sa a, sèvi vle di adore, ede, obeyi, ak konsakre tèt ou bay yon moun. Nou ta dwe sèvi Senyè a (gade Moyiz 1:15).

bondye

Pèp Izrayèl la te resevwa kòmandman pou yo te sèvi sèlman vrè Bondye vivan an, ki se Jezikri (gade Egzòd 20:2–5). Jozye te bay egzanp sou lòt bondye pèp li a pa ta dwe adore yo. Lòt bondye nan lavi nou yo kapab enkli byen, opinyon lòt moun, lòt enterè—nenpòt bagay ki rale nou ale lwen Senyè a.

mwenmenm ak lakay mwen

Jozye te pale pou tèt li ak pou moun lakay li. Li te di yo t ap sèvi Senyè a. Li te vle dirije fanmi l avèk jistis epi anseye yo pou yo te suiv Senyè a (gade Doktrin ak Alyans 93:40).

Enprime