2022
Yon Lanp k ap klere Pye nou
Out 2022


“Yon Lanp k ap klere Pye nou,” Pou Fòs Jèn yo, Out 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Out 2022

Yon Lanp k ap klere Pye nou

Yon objè ansyen Izrayelit yo te genyen kapab anseye nou kijan Senyè a ap gide nou.

Imaj
Lanp aluil

Reyalite

Nan epòk Ansyen Testaman an, moun yo te konn itilize lanp aluil pou yo te klere nan fènwa. Pifò nan lanp sa yo te gen twa karakteristik debaz:

  1. Yon bòl an ajil pou kenbe luil doliv la; jeneralman li te piti ase pou yon moun te kenbe l nan plamen l.

  2. Yon mèch an twal len pou limen l apre li fin rale luil la.

  3. Yon brilè pou kenbe mèch la.

Lanp aluil senp ki te gen sèlman yon mèch yo te kapab klere sèlman kèk mèt ozalantou yo. Si yo te itilize l pandan yo t ap mache, li te bay limyè jis pou yo te wè yon pa yo te fè annavan, pou yo te kapab mache avèk prekosyon nan fènwa a.

Kisa Nou Ka Aprann

Imaj
Jezikri ki kenbe yon lanp aluil

Itilize avèk pèmisyon. Lead, Kindly Light, tablo Simon Dewey. Koutwazi altusfineart.com © 2022.

Pawòl Senyè a kapab klere chemen nou atravè fènwa ak konfizyon ki antoure nou nan mond lan.

Senyè a mande nou pou nou pa kouvri limyè nou men pou nou pote limyè levanjil la ansanm avèk nou pou lòt moun kapab wè li (gade Matye 5:14–16).

Se nou menm ki pou asire nou ke lanp nou ranpli ak luil (gade Matye 25:1–13). Nou fè sa atravè lapriyè, etid ekriti, sèvis, suiv pwofèt la ak lòt zak lafwa ak devosyon (gade Spencer W. Kimball, Lafwa Vini Anvan Mirak [1972], 256).

Si nou egzèse lafwa, Senyè a ap pafwa klere chemen nou ase pou nou ka fè yon pa anplis (gade Boyd K. Packer, “Limyè Senyè a,” Ensign, Jan. 1983, 54).

Enprime