2023
Jetsemani
Jen 2023


“Jetsemani,” Pou Fòs Jèn yo, Avril 2023.

Lye yo nan Ekriti yo

Jetsemani

Aprann plis sou lye kote soufrans Sovè a te pran pou nou an te kòmanse.

Imaj
jaden oliv la

Ki Kote Li Ye?

Sou pant mòn Olivye a, nan pati lès Jerizalèm (adwat nan ilistrasyon an, ki make avèk yon gwo, gwo pyebwa).

Imaj
kat jewografik ansyen Jerizalèm

Ilistrasyon kat jewografik Jerizalèm nan pa Jim Madsen

Kisa Ki Te La a?

Yon pye oliv ak petèt yon preswa pou ekstrè luil nan oliv yo.

Imaj
preswa oliv

Kisa Ki Te Pase Isi La?

Apre Dènye Soupe a, Jezikri te ale Jetsemani avèk onz Apot Li yo. Apresa Li te ale aleka pou L te priye epi L te pran Pyè, Jak ak Jan avèk Li.

Li “te santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li.” Li te di, “Nanm mwen gen gwo lapenn. Mwen santi se mouri m vle mouri” (Mak 14:33–34).

Li te lapriyè: “Papa, si w vle, retire gode sa a devan mwen: sepandan, se pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt.

“Epi te gen yon zanj ki te parèt devan li ki te soti nan syèl la, pou fòtifye li.

“Epi kè Jezi te sere anpil, li t ap lapriyè pi rèd: swe ki t ap koule sou li te tonbe atè kòmsi sete gwo degout san” (Lik 22:42–44).

Apre gwo soufrans sa a Sovè a pran, Jida te trayi L epi sòlda Juif yo ak yon gwoup sòlda Women te arete L.

Imaj
Jezikri nan Jetsemani

Jetsemani, pa Michael Malm

Enprime