2023
Sèt Jou Pataj
Jiyè 2023


“Sèt Jou Pataj,” Pou Fòs Jèn yo, Jiyè 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Jiyè 2023

Sèt Jou Pataj

Ou ka pataje levanjil la nan fason ki nòmal ak natirèl. Èske w pare pou defi a?

Lè n ap pale de pataje temwanyaj nou, nou souvan panse a rann temwanyaj nou nan reyinyon sentsèn oswa nan kèk lòt sitiyasyon fòmèl. Men, yo souvan ankouraje nou pou n “chèche okazyon pou nou pale de lafwa nou nan fason ki natirèl ak nòmal.”1

Nan defi sèt jou ki anba a, ou kapab pataje temwanyaj ou nan yon fason ki diferan chak jou pandan yon semèn. Ou kapab fè bagay sa yo nan nenpòt lòd, oswa ou ka menm vini ak pwòp ide pa w. Èske w pare pou defi a?

Imaj
chapèl

Ilistrasyon Emily Davis

Jou 1: Legliz

Panse pou w pataje temwanyaj ou nan yon reyinyon jèn ak temwayaj nan legliz la, si se yon bagay ou alèz pou w fè. Si w pa alèz avèk sa, ou kapab pataje temwanyaj ou nan legliz la tou nan patisipe nan klas jou Dimanch ou yo ak nan seminè. Kòmantè ou pataje nan kote sa yo ka ankouraje lòt moun ak ranfòse temwanyaj pa yo ansanm avèk pa w.

Imaj
zanmi

Jou 2: Zanmi

Kisa w aprann nan legliz la nan jou Dimanch? Èske w te renmen sa yon moun te pataje nan yon diskou pandan reyinyon sentsèn nan oswa nan diskisyon nan klas ou a? Petèt chan douvèti a sete youn nan kantik prefere w. Pale yon zanmi w de li! Apresa, poze yo kesyon sou wikenn pa yo a tou.

Imaj
telefòn ak medya sosyal

Jou 3: Medya Sosyal

Medya sosyal se yon bon kote pou pataje bagay espirityèl nan yon fason nòmal ak natirèl. Pou jou defi sa a, panse pou w pataje yon pòs sou:

  • Youn nan vèsè levanjil prefere w yo.

  • Yon sitasyon ankourajan ki soti nan konferans jeneral.

  • Yon panse oswa yon eksperyans espirityèl.

  • Yon bagay ou renmen oswa apresye apwopo Sovè a.

  • Yon fason Li te ede w toudènyeman oswa yon kalite ou renmen lakay Li ak poukisa.

Imaj
telefòn avèk videyo ak mesaj tèks

Jou 4: Mesaj Tèks oswa Videyo

Voye yon mesaj ankourajan bay yon zanmi, atravè mesaj tèks oswa videyo. Ou ta ka pataje yon diskou konferans ou panse yo ta ka renmen, di yo yon bagay ou apresye nan yo, oswa pale yo de lafwa w nan Jezikri. Pa egzanp, yo ta ka bezwen konnen lanmou Papa Selès la genyen pou yo. Epitou, ou ka toujou di yo sa anpèsòn tou!

Imaj
yon jènfi ki gen yon blad an fòm kè nan men l

Jou 5: Sèvis

Ou ka ap mande tèt ou kijan sèvi lòt moun ka yon fason pou pataje temwanyaj ou. Apòt Pòl te di Timote, “Se pou w yon egzanp pou kwayan yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan espri, nan lafwa, nan pite” (1 Timote 4:12). Konsa, ou ka montre kwayans ou atravè egzanp ou, nan sèvi lòt moun jan Sovè a ta vle w sèvi yo.

Imaj
zouti atistik

Jou 6: Bagay Atistik

Pafwa, moun itilize bagay atistik kòm yon fason diferan pou yo pataje panse ak santiman yo. Ou kapab itilize tablo, eskilti, pwezi, mizik, oswa nenpòt lòt fòm bagay atistik pou w pataje fason ou santi w konsènan Jezikri ak levanjil Li a.

Imaj
jèn k ap pale

Jou 7: Konvèsasyon Enfòmèl

Pa pè pale de kwayans ou nan yon kad enfòmèl yo, menmjan w ta ka pataje nenpòt lòt panse ou genyen sou yon sijè.

Ou kapab, sètènman, pale sou aktivie Legliz yo oswa sou yon ekriti ou te li toudènyeman, men tou, sa ka menm pi enfòmèl pase sa. Pa egzanp:

  • Si w santi ke lanati enspire ou, eksprime apresyasyon w pou kreyasyon Bondye yo bay yon lòt moun.

  • Petèt ou te viv yon eksperyans spirityèl enteresan toudènyeman Pale yon zanmi w de sa si li pa twò pèsonèl.

  • Chèche resanblans ki genyen avèk levanjil la nan yon liv oswa nan yon fim ou renmen, epi pataje sa w panse.

Nòmal ak Natirèl

Pandan w ap jwenn diferan fason pou w pataje kwayans ou, l ap vin deplizanpli natirèl pou w fè sa. Ou ka santi l difisil premye fwa a, men se nòmal! Sonje, temwanyaj ou poukont pa l deja natirèl pou ou—li fè pati de moun ou ye a. Pataje l kapab vin natirèl tou. Tout sa w bezwen se eksprime l pi plis chak jou.

Kijan ou pral pataje temwanyaj ou jodia?

Enprime