2023
Dènye Mo: Chèche Konpreyansyon
Out 2023


“Chèche Konpreyansyon,” Pou Fòs Jèn yo, Out 2023.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Out 2023

Chèche Konpreyansyon

Adaptasyon ki soti nan yon diskou konferans jeneral Avril 2019.

Imaj
yon fi ki gen yon lanp aluil

Ilistrasyon Emily Jones

Objektif nou lè n ap chèche yon konpreyansyon nan levanjil Jezikri a se pou nou ogmante lafwa nou nan Bondye ak nan plan bonè l la ak nan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa l la epi reyalize dènye konvèsyon. Yon ogmantasyon lafwa ak yon konvèsyon konsa ap ede nou fè ak respekte alyans nou ak Bondye, kidonk l ap ede nou ranfòse dezi nou genyen pou n suiv Jezi epi pou n pwodui yon veritab transfòmasyon espirityèl. Transfòmasyon sa a pote yon lavi ki gen plis kè kontan, ki pi pwodiktif e ki pi bon pou sante epi li ede nou kenbe yon vizyon ki etènèl.

Imaj
yon jèn mesye k ap li ekriti yo

Pou nou rive fè sa a, nou bezwen rete kole nan Jezikri, lè nou plonje nou nan ekriti yo, lè nou rejwi nou nan yo, lè nou aprann doktrin Li an epi lè nou fè efò pou nou viv jan L te viv la. Se sèlman lè sa a n ap vin konnen Li ak rekonèt vwa Li, lè nou konnen si nou vin jwenn Li ak kwè nan Li, nou p ap janm grangou ni swaf ankò (gade Jan 6:35).

Imaj
yon jèn gason k ap priye

Sa pa vini pa chans. Mete nou sou menm liy avèk enfliyans divinite ki pi elve yo se pa yon bagay senp; sa mande pou nou envoke Bondye epi pou nou aprann kijan pou nou mete levanjil Jezikri a nan sant lavi nou.

Imaj
yon jèn fi k ap touche kè li

Mwen temwaye nou ke si nou konprann levanjil Jezikri a sensèman, ak tout kè nou, byen fèm, avèk bi reyèl e sou enfliyans Lespri a, ansèyman sa yo ka transfòme kè ak enspire yon dezi pou n viv selon verite Bondye yo.

Enprime