Pou Fòs Jèn yo
Kisa nou pwomèt egzakteman lè nou batize?
Jen 2024


“Kisa nou pwomèt egzakteman lè nou batize?,” Pou Fòs Jèn yo, Jen 2024.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Jen 2024

Kisa nou pwomèt egzakteman lè nou batize?

Imaj
batèm

Batèm, tablo Annie Henrie Nader

Levanjil la anseye nou ke lè nou batize, nou fè alyans (pwomès) pou nou dispoze pran non Jezikri, sèvi Bondye, ak respekte kòmandman L yo (gade Mozya 18:10; Doktrin ak Alyans 20:37, 77).

Nou aprann tou nan ekriti yo ke batèm ede nou satisfè dezi nou “pou nou antre nan bèjri Bondye a, epi l rele nou pèp li” (Mozya 18:8). Sa vle di, youn nan rezon ki fè nou batize se paske nou vle ini avèk Legliz Jezikri a epi jwi lanmou ak apatenans ki vini avèk inyon nan Kris la.

Angajman pou nou sèvi Senyè ak pou nou respekte kòmanman L yo kapab enkli anpil bagay pandan tout lavi nou. Pa egzanp, li gen ladan l “vle pou youn pote chay lòt, … pou nou kriye avèk moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, ak tout kote” (Mozya 18:8–9).

Enprime