Pou Fòs Jèn yo
Yon Relasyon Puisan
Out 2024


Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Out 2024

Yon Relasyon Puisan

Yon alyans se plis pase yon kontra; se yon relasyon.

Imaj
chèz vèt

Mwen toujou gen yon foto chèz vèt Èldè Pistone ak Èldè Morasco te konn chita pandan yo t ap anseye fanmi m lakay nou nan Ajantin nan. Yo te anseye avèk sitèlman pouvwa espirityèl ke sè m nan ki te gen 10 zan avèk mwen (laj 9 an) te konn kouri al manyen chèz yo apre yo te fin leve ale, nan lespwa ke pouvwa sa a ta tou tache sou nou.

Mwen te vin byen vit aprann ke pouvwa a pa t soti nan chèz yo, men nan yon relasyon alyans avèk Bondye ak Jezikri.

Eksperyans Batèm Mwen

Mwen te fè premye alyans mwen an nan dat 13 novanm 1977. Mwen pa sonje anpil bagay sou batèm mwen, men mwen sonje Èldè Pistone te ede m antre nan dlo a epi Èldè Morasco te konfime m pandan cheve m te toujou mouye. Mwen sonje lajwa mwen te santi tou pandan nouvo zanmi pawas yo te vin ban m akolad ak bo m jan yo fè sa an Ajantin ak dezi fò mwen te santi pou m te yon pitit fi fidèl Papa nou ki nan Syèl la.

Imaj
fanmi an nan batèm

Jèn Sè Spannaus (nan mitan) avèk paran li (agoch), sè li Silvina (nan pwent adwat), ak Èldè Morasco.

Nan apre, m te vin rann mwen kont ke lajwa m te santi a te soti nan don Sentespri a. Mwen te aprann ke toutotan mwen te kenbe alyans mwen avèk Bondye fidèlman, Lespri a t ap avèk mwen. Sentespri a se jis youn nan benediksyon puisan ki soti nan yon relasyon alyans avèk Bondye ak Jezikri.

Koulye a, menm lè motivasyon mwen, panse mwen, ak aksyon mwen febli, mwen genyen espwa ki fè m kontinye eseye. Poukisa? Paske lè m pran Sentsèn nan, sa pèmèt mwen renouvle alyans mwen yo epi fè nouvo alyans chak semèn. Mwen rekonesan anpil pou benediksyon sa a.

Yon Relasyon Alyans Kòdyal

Nou souvan tande ke alyans se pwomès doub sans ant nou menm avèk Bondye. Pandan ke se vre, se pa sèlman sa yo ye. An reyalite, “respekte yon alyans se pa yon aktivite mosad, men yon relasyon kòdyal.”

Kidonk, kijan ou fè pou kreye yon relasyon alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a? Yo deja renmen ou pafètman epi yo vle beni ou (gade 3 Nefi 14:11). Men tout relasyon a doub sans mande tan ak lanmou nan men tou de bò yo.

Èske ou vle pase plis tan avèk Yo? Lè w fè sa Yo t ap fè, w ap mache avèk Yo! Sa ka senp tankou koute yon zanmi k ap travèse yon moman difisil, pran tan pou jwe avèk yon frè oswa sè w, oswa entegre yon moun ki santi l abandone. Dènyèman, mwen te pase tan ap mache avèk Bondye kote m te anrejistre mesaj vokal epi voye tèks bay yon zanmi nan Ajantin ki te santi li poukont li. Mwen te deside touj pou m toujou kenbe rekòmandasyon tanp mwen aktif pou mwen ka pase tan avèk Senyè a nan kay sakre Li a. Ou ka priye pou ide ki ap ede w pase tan avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an.

Èske ou vle montre Yo ke w sousye w de Yo? Trete kòmandman ou te fè alyans pou w kenbe yo kòm yon mwayen pou eksprime lanmou ou, pa tankou yon lis règleman. Pa egzanp, pou m viv Pawòl Sajès la, mwen te aprann kijan pou m kwit manje ki bon pou sante. Koulye a, m ap anseye pitit fi m yo pou yo fè menm bagay la tou. Toutotan nou dispoze pou nou respekte kòmandman Bondye yo, lanmou nou pou Li ak pou Sovè a ap grandi.

Relasyon alyans nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap ede nou konnen Yo pi byen epi genyen plis aksè a pouvwa Yo nan lavi nou—enfiniman plis pase sa yon seri chèz vèt ka ofri. E pouvwa sa a chanje nou pou tout tan!

Nòt

  1. Ann Madsen, nan Trimann G. Madsen, Tanp Lan: Kote Syèl La Rankontre Tè a (2008), 69.

Enprime