2010–2019
Repantans: Yon chwa agreyab
Oktòb 2016


15:45

Repantans: Yon chwa agreyab

Repantans non sèlman posib men li agreyab tou gras ak Sovè nou an.

Chè frè m ak sè m yo, lè m te gen douzan, fanmi m te abite nan Göteborg, yon vil nan kot Sid peyi Suède. Kòm referans, se vil natal chè zanmi nou Èldè Per G. Malm, ki te mouri ete sa a. Nou sonje li. Nou rekonesan pou gran diyite li ak sèvis nòb li ak egzanp fanmi li ki absoliman adorab. Epi nou priye pou pi bèl benediksyon Bondye yo repoze sou yo.

Sa gen senkantan, nou te konn al legliz nan yon gwo kay laj yo te restore. Yon jou Dimanch, zanmi m nan Steffan, sèl lòt dyak nan branch lan, te akeyi m legliz la ak gwo eksitasyon. Nou t al nan zòn pa dèyè a nan chapèl la, epi li te rale yon gwo peta ak kèk alimèt soti nan pòch li. Nan yon zak bravou lajenès, m te pran peta a epi m te limen mèch gri tou long ni an. M te gen entansyon pou m te gen tan etenn ni anvan l te pete. Men lè m te boule dwèt mwen pandan m t ap eseye fè sa a, m te jete peta a. Ak gwo laperèz, Steffan avèk mwen te gade mèch la ki te kontinye ap boule.

Peta a te eklate, epi lafimen ki te gen sant souf te ranpli zòn dèyè a ak chapèl la. Nou te kouri netwaye rès debri peta ki te epapiye yo epi nou te louvri fenèt yo pou n te eseye chase odè a, nou te espere nayivman ke okenn moun pa t remake sa. Erezman, okenn moun pa t blese e pa t gen okenn dega.

Lè manm yo te vin nan reyinyon an, yo te remake odè fò a. Sa te difisil pou rate li. Odè a te deranje karaktè sakre reyinyon an. Paske pa t gen anpil detantè Prètriz Aawon—epi nan sa m ka dekri sèlman kòm panse an dezòd—m te distribye sentsèn nan, men m pa t santi m diy pou m te pran l. Lè yo te prezante m plato sentsèn nan, m pa t pran ni pen an ni dlo a. M pa t santi m byen. M te anbarase, epi m te konnen sa m te fè a pa t fè Bondye plezi.

Apre legliz, prezidan branch lan, Frank Lindbergh, yon mesye aje trè distenge ki te gen cheve blan, te mande m pou m te vin nan biwo li. Lè m te fin chita, li te gade m jantiman epi l te di l te remake m pa t pran sentsèn nan. Li te mande poukisa. M sispèk li te konn poukisa. M te sèten ke l te konn sa m te fè a. Lè m te fin di li, li te mande m kijan m te santi m. Avèk dlo nan je, m te difisilman di l m te dezole epi m te konnen m te desi Bondye.

Prezidan Lindbergh te ouvri yon Doktrin ak Alyans ki te ize anpil epi l te mande m pou m te li kèk vèsè ki te souliyen. Men sa m te li:

“Gade, yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò.

“Men jan n ap konnen si yon moun repanti nan peche li yo—gade, l ap konfese yo epi l ap abandone yo.”

M pap janm bliye souri konpasyon Prezidan Lindbergh lè l m te leve je m gade l apre m te fin li a. Avèk emosyon, li te di m ke l te santi sa t ap bon pou m ta rekòmanse pran sentsèn. Lè m te kite biwo l la, m te santi yon lajwa endeskriptib.

Kalite lajwa sa a se youn nan rezilta natirèl repantans. Mo repanti a vledi “pèsevwa apresa” epi li enplike “chanjman.”Nan lang Syedwa yo, mo a se omvänd, ki senpleman vledi “fè demi tou.” Ekriven kretyen an, C. S. Lewis, te ekri sou bezwen pou chanje a ak metòd chanjman an. Li te deklare ke repantans enplike “retounen sou bon chemen an. Li di: “Ou gen dwa korije yon move kalkil: men se sèlman lè w retounen ann aryè jiskaske w jwenn erè a epi w rekòmanse ankò apati pwen sa a, ou pap janm jwenn ni si w senpleman kontinye. Chanje konpòtman epi retounen sou “wout dwat” la fè pati repantans, men se sèlman yon pati l ye. Vrè repantans lan mande pou vire kè nou ak volonte nou bay Bondye epi abandone peche. Jan Ezekyèl te eksplike, repanti se “vire do bay … peche, … fè sa ki jis ak dwat; … remèt sa w te pran, … [epi] suiv presèp lavi yo, san komèt inikite.”

Men, menm sa a ankò se yon deskripsyon ki pa konplè. Li pa byen idantifye pouvwa ki rann repantans posib la, sakrifis ekspyatwa Sovè nou an. Vrè repantans dwe enplike lafwa nan Senyè Jezikri, lafwa ke li ka transfòme nou, lafwa ke l ka padone nou, ak lafwa ke l ap ede nou evite plis erè. Kalite lafwa sa a rann Ekspyasyon l la pi efikas nan lavi nou. Lè nou “vin wè nan apre” epi “fè demi tou” avèk èd Sovè a, nou ka santi esperans nan pwomès li yo ak lajwa padon. San Redanmtè a, esperans ak lajwa a disparèt, epi repantans lan vin senpleman tounen yon chanjman konpòtman mizerab. Men, si nou egzèse lafwa nan li, nou vin konvèti nan kapasite li ak dispozisyon li pou padone peche.

Prezidan Boyd K. Packer te kofime pwomès espwa repantans yo an Avril 2015 nan dènye diskou konferans jeneral li a. Li te dekri pouvwa gerizon Ekspyasyon Sovè a nan sa m konsidere kòm rezime lasajès li te akeri nan yon demi syèk sèvis apostolik. Prezidan Packer te di: “Sakrifis Ekspyatwa a pa kite okenn tras. Sa li repare a rete repare. … Li jis geri, epi sa l geri a rete geri.”

Li te kontinye:

“Sakrifis Ekspyatwa a, ki ka rachte nou chak la, pa kite sikatris. Sa vledi, kèlkeswa sa nou ta fè, oubyen kèlkeswa kote nou te ale, oubyen kèlkeswa sa k te pase, si nou repanti nou vrèman, li te pwomèt ke l t ap ekspye pou nou. Epi, lè l fin ekspye, tout bagay rezoud.

“Sakrifis Ekspyatwa a … kapab lave chak tach kèlkeswa jan l difisil, oubyen kèlkeswa kantite tan l genyen oswa konbyen fwa li te fèt.”

Pòte Sakrifis Ekspyatwa Sovè a enfini nan lajè ak nan pwofondè li, pou nou menm ak pou mwen menm. Men, li pap janm enpoze nou li. Jan pwofèt Leyi te eksplike, apre nou fin resevwa “ase enstriksyon” pou n kapab “konnen byen ak mal,” Nou “lib pou nou chwazi libète ak lavi etènèl pa mwayen gran Medyatè a ki pou tout moun nan, oubyen pou n chwazi kaptivite ak lanmò,” Otreman di, repantans se yon chwa.

Nou kapab fè chwa diferan---e pafwa nou fè sa. Chwa sa yo gen dwa pa nòmalman sanble yo move, men yo anpeche nou vin vrèman penitan epi konsa yo anpeche nou chèche vrè repantans nou. Paegzanp, nou ka chwazi blame lòt moun. Antanke yon tigason douzan nan Göteborg, m te ka blame Steffan. Apretou, se limenm ki te pote gwo peta a ak alimèt yo nan legliz la. Men, blame lòt moun, menmsi sa jistifye, ap fè nou ekskize konpòtman nou. Lè nou fè sa, nou mete responsablite aksyon nou yo sou do lòt moun. Lè nou deplase responsablite a, nou diminye bezwen ak kapasite pou nou aji a. Nou fè tèt nou tounen viktim ki pa gen chans olye nou aji kòm ajan ki kapab chwazi pou tèt pa nou.

Yon lòt chwa ki antrave repantans se minimize fot nou yo. Nan ensidan peta a nan Goteborg la, okenn moun pa t blese, pa t gen okenn domaj pèmanan, epi reyinyon an te fèt kanmèm. Li t ap fasil pou m te di pa gen rezon pou m repanti. Men, lè nou minimize erè nou, menmsi yo pa gen konsekans imedyat ki aparan, sa retire motivasyon pou chanje a. Fason panse sa a anpeche nou wè ke erè ak peche nou yo gen konsekans etènèl.

Yon lòt fason ankò se panse ke peche nou yo pa enpòtan paske Bondye renmen nou kèlkeswa sa nou fè. Sa atiran pou n ta kwè sa Neyò, mantè a, te anseye pèp Zarahemla a: “Ke nan dènye jou a tout moun ap sove, e yo pa bezwen pè, ni tranble, … epi alafen, tout moun ap gen lavi etènèl.” Men ide atiran sa a fo. Wi, Bondye renmen nou. Men, sa nou fè konte pou li ak pou nou. Li ba nou direksyon klè sou fason pou nou konpòte nou. Nou rele yo kòmandman. Apwobasyon li ak lavi etènèl nou depann sou konpòtman nou, enkli volonte nou pou enbleman chèche vrè repantans.

Epitou, nou pa atenn vrè repantans lè nou chwazi pou n separe Bondye avèk kòmandman l yo. Apre tou, si sentsèn nan pa t sakre, sa pa t ap fè anyen si odè peta a te deranjan pou reyinyon sentsèn sa a nan Goteborg la. Nou dwe fè atansyon pou n pa diminye gravite konpòtman peche a nan souzestime oswa minimize dwa Bondye nan kòmandman l yo. Epitou, vrè repantans mande pou nou rekonèt divinite Sovè a ak verasite travay dènye jou L la.

Olye nou envante ekskiz, annou chwazi repantans. Atravè repantans, nou ka rantre nan noumenm, menmjan ak pitit pwodig la nan parabòl la, epi reflechi sou pòte etènèl aksyon nou yo. Lè nou konprann kijan peche nou ka afekte bonè etènèl nou, nou non sèlman vin vrèman penitan men nou eseye vin pi bon tou. Lè nou rankontre tantasyon, nou plis kapab mande tèt nou, nan pawòl William Shakespeare yo:

Kisa m benefisye si m jwenn sa m ap chèche a?

Yon rèv, yon souf, yon brèf lajwa efemè:

Kimoun ki ap achte yon minit gete pou yon semèn doulè?

Oubyen vann letènite pou l ka gen yon jwèt?

Si nou pèdi vizyon etènite a poutèt yon jwèt, nou ka chwazi pou n repanti. Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, nou gen yon lòt chans. Metaforikman, nou ka chanje jwèt nou te si mal avize pou nou t achte toudabò a pou nou ka resevwa esperans letènite a ankò. Jan Sovè a te eksplike: “Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè tout moun, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn li.”

Jezikri ka padone paske Li te peye pri pou peche nou yo.

Redanmtè nou an chwazi pou l padone akoz konpasyon, mizèrikòd, ak lanmou enkonparab li.

Li vle padone. Se youn nan karakteristik divin ni.

Epi, antanke Bon Bèje li ye a, li kontan lè nou chwazi pou n repanti.

Menm si nou santi pwofon regrè pou aksyon nou yo, lè nou chwazi pou n repanti, nou imedyatman envite Sovè a nan lavi nou. Jan pwofèt Amilèk te anseye a: “Wi, m ta vle nou vini, pou nou pa fè kè di ankò; paske, reyèlman, kounyeya se lè a ak jou a pou sali ou; epi se poutèt sa si nou repanti epi nou pa fè kè di, imedyatman gwo plan redanmsyon an ap akonpli pou nou.” Nou ka santi pwofon regrè pou aksyon nou yo e an menm tan nou ka santi lajwa dèske nou gen èd Sovè a.

Lefèt ke nou ka repanti a se bòn nouvèl levanjil la! Kilpabilite kapab efase.” Nou ka ranpli ak lafwa, resevwa yon remisyon pou peche nou, epi gen lapè konsyans.” Nou ka libere anba santiman dezespwa ak esklavaj peche. Nou ka ranpli ak limyè mèveye Bondye a epi nanm nou “pa p dechire ankò.” Repantans non sèlman posib men li pote lajwa tou gras ak Sovè nou an. M ankò sonje santiman ki te anvayi m nan biwo prezidan branch la apre epizòd peta a. M te konnen m te jwenn padon. Santiman kilpabilite a te efase, tristès mwen an te efase, epi kè m te vin lejè.

Frè m ak sè m yo, pandan n ap fini konferans sa a, m ap envite nou pou nou santi plis lajwa nan lavi nou: lajwa nan konesans ke Ekspyasyon Jezikri a reyèl; lajwa nan kapasite, dispozisyon, ak dezi Sovè a pou padone; ak lajwa nan chwazi pou nou repanti. Annou suiv enstriksyon pou “avèk lajwa … nou vin bwè nan dlo sali yo.” Se pou nou chwazi pou n repanti, bliye peche nou yo, epi tounen kè nou ak volonte bay Sovè a pou nou suiv li. Mwen temwaye konsènan reyalite egzistans Li. Mwen se yon temwen epi yon benefisyè konpasyon, mizèrikòd, ak lanmou enkonparab li. Mwen priye pou benediksyon redanmsyon Ekspyasyon l la ka pa nou kounyeya—epi nan fason repete toutolon lavi nou, nan yo te ye nan lavi pa m nan. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Èldè Per Gösta Malm (1948–2016) te sèvi kòm Swasanndis Otorite Jeneral depi 2010 jiska lanmò li. Malgre l te fèt nan Jönköping, nan peyi l Suède, limenm ak madanm ni, Agneta, tea bite nan Göteborg, Suède. Nan diskou konferans jeneral remakab li a an Oktòb 2010, Èldè Malm te pale de yon panse enspire pa Göteborg tou (gade “Rest unto Your Souls,” Liahona, Nov. 2010, 101–2).

  2. Byenke Steffan se pa vrè non zanmi m nan, m rakonte istwa a avèk pèmisyon li.

  3. Doktrin ak Alyans 58:42–43.

  4. Mo Grèk metanoeo a literalman vledi “‘pèsevwa aprè’ (meta, ‘aprè,’ siyifi ‘chanjman,’ noeo, ‘pèsevwa’; nous, ‘lespri a, syèj refleksyon moral la’)” (gade James Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible [2010], Greek dictionary section, 162).

  5. Tradiksyon m sou omvänd. Om kapab tradui kòm “demi tou.” Vänd kapab tradui kòm “vire.”

  6. C. S. Lewis, The Great Divorce (1946), 6. Nan prefas liv la, Lewis ekri ke kèk moun eseye ini syèl la ak lanfè a olye ke yo chwazi youn oswa yon lòt. Li di anpil moun panse ke “pwogresyon oswa adaptasyon oswa sofistikisasyon ap transfòme yon fason oubyen yon lòt pou fè mal tounen byen. … Kwayans sa a se yon erè katastwofik. … Nou pap viv nan yon mond kote tout chemen se reyon yon sèk epi kote tout, si yo suiv yo ase lontan, ap fini pa rapwoche epi reyini nan mitan sant la. …

    “M pa pans eke tout moun ki chwazi move wout yo ap peri; men sovtaj yo se nan remete yo sou bon wout la. … Mal la ka repare, men li pa ka ‘transfòme’ an byen. Tan pa geri anyen. Sò moun nan dwe chavire, moso pa moso … oswa non” (5–6).

  7. Gade Bible Dictionary, “Repentance.”

  8. Ezekyèl 33:14–15.

  9. Temwayaj Prezidan Boyd K. Packer nan reyinyon dirijan yo nan konferans jeneral Avril 2015 la pa pibliye. Remak sa yo soti nan nòt prive mwen, ke m te pran nan moman an.

  10. Boyd K. Packer, “The Plan of Happiness,” Liahona, Me 2015, 28.

  11. 2 Nefi 2:5.

  12. 2 Nefi 2:27.

  13. See 2 Nephi 2:26.

  14. Alma 1:4. Neyò ak disip li yo pa t kwè nan repantans (gade Alma 15:15).

  15. Gade Russell M. Nelson, “Divine Love,” Liahona, Fev. 2003, 12–17.

  16. Gade Lik 15:17; gade tou vèsè 11–24.

  17. William Shakespeare, The Rape of Lucrece, lines 211–14.

  18. Doktrin ak Alyans 18:11.

  19. Gade Ezayi 53:5.

  20. See Luke 15:4–7; Doctrine and Covenants 18:10–13.

  21. Vrè repantans enkli “tristès selon Bondye” (2 Korentyen 7:10). Èldè M. Russell Ballard te anseye: “Pou moun ki ekate yo de chemen an, Sovè a prevwa yon mwayen pou yo retounen. Men li pa san lapenn. Repantans pa fasil; li pran tan—tan douloure!” (“Keeping Covenants,” Ensign, Me 1993, 7). Èldè Richard G. Scott te anseye tou: “Pafwa etap repantans yo difisil e douloure toudabò” (“Finding Forgiveness,” Ensign, Me 1995, 77). Byenke tristès selon Bondye a ak soufrans fè pati repantans lan, konsekans final la se lajwa, lè yon moun santi padon pou peche li.

  22. Alma 34:31; italik ajoute.

  23. Gade Bible Dictionary, “Gospels.”

  24. Enòs 1:6.

  25. Mozya 4:3.

  26. Mozya 27:29.

  27. Ezayi 12:3.

  28. Gade Mozya 26:29–30. Pandan ke Bondye pwomèt ke l ap padone nou libreman an, lefèt ke nou peche volontèman pandan n ap konte sou gras Sovè a pou l akòde nou yon repantans fasil la se bagay Bondye pa renmen (gade Ebre 6:4–6; 10:26–27). Èldè Richard G. Scott te di: “Bòn nouvèl pou nenpòt moun ki anvi debarase yo anba konsekans move chwa lepase yo sèke Senyè a wè feblès yo nan yon lòt fason ke l wè rebelyon. Li avèti nou ke rebelyon nou pa repanti pou li a ap pote pinisyon, men, lè Senyè a pale de feblès, se toujou avèk mizèrikòd” (“Personal Strength through the Atonement of Jesus Christ,” Liahona, Nov. 2013, 83).