2010–2019
Nan yon sèl akò
Avril 2018


2:3

Nan yon sèl akò

Pou nou ka atenn destine siblim nou, nou youn bezwen lòt, epi nou bezwen ini.

Yonn nan kreyati ki pi remakab sou tè a se papiyon yo rele monak la. Nan yon vyawaj nan Meksik pou n t al pase vakans Nwèl avèk fanmi mari m, nou te vizite yon rezèv papiyon, kote dè milyon papiyon monak pase sezon ivè a. Sa te fasinan pou n te wè yon spektak osi enpresyonan konsa, ki te fè nou reflechi sou egzanp inite ak obeyisans nan lwa divin yo kreyati Bondye yo demontre.

Papiyon Monak
Nich papiyon

Papiyon monak yo se gwo navigatè. Yo itilize pozisyon solèy la pou yo jwenn direksyon yo bezwen ale. Chak prentan, yo vwayaje dè milye kilomèt soti nan Meksik pou al Kanada, epi chak otòn yo retounen nan menm forè sapen sakre Meksik yo. Yo fè sa chak ane, yo ti bat zèl alafwa. Pandan vwayaj yo a, yo gwoupe kò yo ansanm lèswa sou pyebwa pou pwoteje tèt yo kont fredi ak bèt ofansif.

Kaleidoscope papiyon
Yon dezyèm kaleidoscope papiyon

Yo rele yon gwoup papiyon yon kaleidoscope. Èske se pa yon bèl imaj? Chak papiyon nan yon kaleidoscope unique ak diferan, men kreyati aparaman si frajil sa yo te kreye pa yon Kreyatè eman avèk kapasite pou yo siviv, pou yo vwayaje, pou yo miltipliye, epi pou yo simen lavi pandan y ap pase de flè an flè, pou simen polèn. E, malgre chak papiyon diferan, yo travay ansanm pou fè mond la vin pi bèl ak pi abondan.

Menmjan avèk papiyon monak yo, nou nan yon vwayaj pou n retounen al nan fwaye selès nou kote nou pral reyini avèk Paran Selès nou yo. Tankou papiyon yo, yo te ba nou dè kalite divin ki ap pèmèt nou navige atravè lavi a, pou n ka “[ranpli] mezi kreyasyon [nou].” Tankou yo, si nou mete kè nou ansanm, Senyè a ap pwoteje nou “tankou yon poul ap [rasanble] ti poul li yo anba zèl li” epi l ap fè nou vin tounen yon bèl kaleidoscope.

Tifi ak tigason, jènfi ak jènjan, sè ak frè, nou nan vwayaj sa a ansanm. Pou nou ka atenn destine siblim nou, nou youn bezwen lòt, epi nou bezwen ini. Senyè a kòmande nou. “Se pou fè youn; epi si nou pa fè youn, nou pa moun mwen.”

Jezikri se pi gran egzanp inite avèk Papa Li. Yo fè youn nan objektif, nan amou ak nan travay, avèk “volonte Pitit Gason an ki anglouti nan volonte Papa a.”

Kijan nou ka suiv egzanp inite pafè Senyè a ak Papa l la epi vin pi ini avèk yo epi youn avèk lòt?

Nou jwenn yon modèl enspiran nan Travay 1:14. Nou li: “Tout [mesye yo] te mete tèt yo ansanm, nan lapriyè ak siplikasyon, avèk fi yo.”

M panse l siyifikan ke “mete tèt ansanm” nan parèt plizyè fwa nan Liv Travay la, kote nou li kisa disip Jezikri yo te fè imedyatman apre l te fin monte nan syèl la kòm yon èt resisite a, ansanm avèk benediksyon yo te resevwa akoz efò yo. Sa egalman remakab ke nou jwenn yon chema menmjan an pami moun fidèl yo nan kontinan Amerik la nan moman Senyè a te vizite yo ak enstwi yo a. “Tèt ansanm” vle di fè youn nan antant, nan inite, e nou tout ansanm.

Kèk nan bagay sen fidèl yo te fè nan inite nan toulède kote sa yo sete temwaye de Jezikri, etidye pawòl Bondye a, epi youn te sèvi lòt avèk amou.

Disip Senyè yo te fè yon sèl nan objektif, nan lanmou amou, ak nan travay. Yo te konn kiyès yo te ye, yo te konn kisa pou yo te fè, epi yo te fè l avèk amou pou Bondye ak amou yonn pou lòt. Yo te fè pati yon kaleidoscope ki t ap avanse avèk yon sèl akò.

Men kèk nan benediksyon yo te resevwa yo: yo te ranpli avèk Sentespri a, mirak te fèt nan mitan yo, Legliz la te grandi, pat gen kontansyon nan pami pèp la, epi Senyè a te beni yo nan tout bagay.

Nou ka sipoze ke rezon k te fè yo te si ini konsa a se paske yo te konn Senyè a pèsonèlman. Yo te pwòch li, epi yo te temwen misyon divin ni, mirak li te akonpli yo, ak rezirèksyon l la. Yo te wè epi yo te touche mak nan men l ak pye yo. Yo te konnen avèk sètitid ke l sete Mesi yo te pwomèt la, Redanmtè mond la. Yo te konnen “Li se sous tout gerizon, tout lapè, ak tout pwogresyon etènèl.”

Menmsi nou ka pa wè Sovè nou an fizikman, nou ka konnen ke l vivan. Lè nou rapwoche n de li epi nou chèche resevwa yon temwayaj pèsonèl atravè Sentespri a konsènan misyon divin ni, n ap vin pi byen konprann objektif nou; amou Bondye ap demere nan kè nou; nap gen detèminasyon pou nou fè youn nan kaleidoscope fanmi nou, pawas nou, ak kominote nou; epi nou youn ap sèvi lòt “nan nouvo fason ki pi bon”

Mirak fèt lè pitit Bondye yo travay ansanm, dirije pa Lespri a, pou yo lonje lamen bay lòt ki nan nesesite.

Yon lari anba inondasyon ki ranpli ak sovtè

Nou tande anpil istwa sou lanmou pwochen ki manifeste lè katastwòf rive. Paregzanp, lè vil Houston an te sibi gwo inondasyon katatwofik ane pase yo, moun yo te bliye pwòp bezwen yo epi yo t al pote sekou. Yon prezidan kowòm ansyen te lanse yon apèl pou mande èd pou kominote a, epi yon flòt 77 bato te òganize rapidman. Sovtè yo t al nan tout katye inonde yo e yo te transpòte dè fanmi antye al nan chapèl nou yo, kote yo te jwenn refij ak èd yo te bezwen anpil la. Manm Legliz ak moun ki pat manm te travay ansanm pou yon sèl objektif.

Misyonè k ap anseye Espanyòl

Nan Santiago, nan peyi Chili, yon prezidant Sosyete Sekou a te anvi ede imigran nan kominote l yo k te sot an Ayiti yo. Lè l te fin pale avèk dirijan prètriz li yo, limenm avèk lòt dirijan yo te vin avèk yon ide pou yo te ofri imigran sa yo kèk kou Espanyòl pou te ede yo pi byen entegre yo nan nouvo patri yo a. Chak Samdi maten, misyonè te rasanble ansanm avèk etidyan sa yo ki te enterese anpil. Santiman inite ki egziste nan bilding sa a se yon egzanp enspiran sou moun ki soti nan milye diferan k ap sèvi avèk yon sèl kè.

Volontè nan Meksik

Nan Meksik, dèsantèn manm Legliz te vwayaje pandan plizyè èdtan pou yo t al ede moun ki te siviv anba de gwo tranblemandtè terib yo. Yo te mache avèk zouti, aparèy, avèk lanmou pou pwochen yo. Pandan volontè sa yo te rasanble ansanm nan yonn nan chapèl nou yo pou yo te tann enstriksyon, Majistra vil Ixhuatán an te tonbe kriye lè l te wè manifestasyon “amou pi Kris” sa a.

Kounyeya, Senyè a ap banou opòtinite pou nou chita an konsèy chak mwa nan kowòm prètriz nou yo ak nan Sosyete Sekou, pou nou tout ka patisipe pi plis nan kaleidoscope pawas nou oswa branch nou an—yon lye kote nou tout gen plas nou e kote yo bezwen nou tout.

Chemen nou chak diferan, e poutan, nou mache ansanm. Chemen nou se pa sa n ap fè oubyen ki kote nou t ale; chemen nou se ki kote nou prale ak kisa n ap devni, nan inite. Lè nou met tèt nou ansanm sou direksyon Sentespri a, nou ka wè kikote nou ye kounyeya ak ki kote nou dwe ye. Sentespri a banou yon vizyon je natirèl nou pa ka wè, paske “revelasyon gaye nan mitan nou,” epi lè nou mete revelasyon sa a ansanm, nou ka wè plis.

Lè n ap travay nan inite, objektif nou ta dwe pou nou chèche konn volonte Senyè a epi fè volonte li; motivasyon nou ta dwe amou nou santi pou Bondye ak pou pwochen nou; epi pigran dezi nou ta dwe pou nou “travay avèk dilijans,” pou nou ka prepare chemen pou retou gloriye Sovè nou an. Sèl fason n ap ka fè sa se “avèk yon sèl akò.”

Tankou papiyon monak yo, annou kontinye vwayaj nou an ansanm avèk menm objektif la, nou chak avèk kalite ak kontribisyon pa nou, k ap travay ansanm pou fè mond sa a vin pi bèl ak pi abondan—yon etap alafwa epi an amoni avèk kòmandman Bondye yo.

Senyè nou an, Jezikri, pwomèt nou ke, lè nou reyini ansanm nan non Li, l ap nan mitan nou. Mwen temwaye ke l vivan epi li te resisite nan yon bèl maten prentan tankou jodia. Li se Monak tout monak yo, “Wa tout wa, ak Senyè tout senyè.”

Pou nou fè youn nan Papa a ak nan Pitit Gason Literal li a, pandan n ap gide pa Sentespri a, se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade nanAbraram 3:26; 4:7, 9–12, 15, 18, 21, 24–25.

  2. Yon reyalite konsènan papayon souvren yo sèke li pran jiska twa jenerasyon pou yo vwayaje monte nan nò al Kanada. Sepandan, yon “jenerasyon fantastic” fè tout vwayaj la al jis nan Meksik, yo pase Livèr la nan Meksik, epi yo fè premye bout trajè retounen nan nò. Gade nan “Flight of the Butterflies” (video, 2012).

  3. See “Why Do Monarchs Form Overnight Roosts during Fall Migration?” learner.org/jnorth/tm/monarch/sl/17/text.html.

  4. See “What Is a Group of Butterflies Called?” amazingbutterflies.com/frequentlyaskedquestions.htm; see also “kaleidoscope,” merriam-webster.com. Kaleidoscope comes from the Greek kalos (“beautiful”) and eidos (“form”).

  5. See “The Family: A Proclamation to the World,” Liahona, May 2017, 145.

  6. Doctrine and Covenants 88:19; see also Doctrine and Covenants 88:25.

  7. Gade nan Mozya 18:21.

  8. 3 Nefi 10:4.

  9. Doktrin ak Alyans 38:27.

  10. Mozya 15:7.

  11. Ak 1:14; anfaz te ajoute.

  12. Some of the things that the Saints did in Jerusalem: chose a new Apostle and “seven men of honest report” and supported them (see Acts 1:26; 6:3–5); gathered together on the day of Pentecost (see Acts 2:1); testified of Jesus Christ (see Acts 2:22–36; 3:13–26; 4:10, 33; 5:42); called people to repentance and baptized them (see Acts 2:38–41); continued in fellowship and breaking of bread, and in prayer (see Acts 2:42); were together and had everything in common (see Acts 2:44–46; 4:34–35); attended the temple (see Acts 2:46); ate “their meat with gladness and singleness of heart” (Acts 2:46); praised God and found favor with all people (see Acts 2:47); were obedient to the faith (see Acts 6:7); gave themselves continually to prayer and “the ministry of the word” (Acts 6:4). Some of the things that the Saints did on the American continent: preached the gospel of Christ (see 3 Nephi 28:23); formed a church of Christ (see 4 Nephi 1:1); baptized people (see 4 Nephi 1:1); everyone dealt justly one with another (see 4 Nephi 1:2); had all things in common among them (see 4 Nephi 1:3); rebuilt cities (see 4 Nephi 1:7–9); were married (see 4 Nephi 1:11); walked after the commandments that they received from the Lord (see 4 Nephi 1:12); continued in fasting and prayer (see 4 Nephi 1:12); met together often to pray and hear the word of the Lord (see 4 Nephi 1:12).

  13. Some of the blessings that the Saints received in Jerusalem: they were filled with the Holy Ghost (see Acts 2:4; 4:31); they received the gift of tongues and prophecy and spoke “the wonderful works of God” (see Acts 2:4–18); many wonders and signs were done by the Apostles (see Acts 2:43); miracles happened (see Acts 3:1–10; 5:18–19; 6:8, 15); more people joined the Church (see Acts 2:47; 5:14). Some of the blessings that the Saints received on the American continent: people were converted unto the Lord (see 3 Nephi 28:23; 4 Nephi 1:2); a generation was blessed (see 3 Nephi 28:23); there were no contentions and disputations among them (see 4 Nephi 1:2, 13, 15, 18); there were no rich and poor (see 4 Nephi 1:3); “they were all made free, and partakers of the heavenly gift” (4 Nephi 1:3); there was peace in the land (see 4 Nephi 1:4); mighty miracles happened (see 4 Nephi 1:5, 13); the Lord did prosper them exceedingly (see 4 Nephi 1:7, 18); they did wax strong, did multiply exceedingly fast, and became exceedingly fair and delightsome (see 4 Nephi 1:10); they were blessed according to the multitude of promises made to them by the Lord (see 4 Nephi 1:11); “there was no contention in the land, because of the love of God which did dwell in the hearts of the people” (4 Nephi 1:15); “there were no envyings, nor strifes, nor tumults, nor whoredoms, nor lyings, nor murders, nor any manner of lasciviousness; and surely there could not be a happier people among all the people who had been created by the hand of God” (4 Nephi 1:16); “there were no robbers, nor murderers, neither were there Lamanites, nor any manner of -ites; but they were in one, the children of Christ, and heirs to the kingdom of God” (4 Nephi 1:17); the Lord blessed them in all their doings (see 4 Nephi 1:18).

  14. Jean B. Bingham, “ Afin que votre joie soit parfaite ,” Liahona, Nov. 2017, 85.

  15. Gade 4 Nefi 1:15.

  16. Jeffrey R. Holland, “Représentants auprès de l’Église,” Liahona, Nov. 2016, 62.

  17. Moroni 7:47.

  18. Neil L. Andersen, in “Auxiliary Panels Use New Training Library,” Liahona, Apr. 2011, 76.

  19. Gade Matthew 22:37–40.

  20. Jacob 5:61.

  21. Gade Matthew 18:20.

  22. 1 Timothy 6:15.