Vizyon Redanmsyon Mò yo
Mwen temwaye ke vizyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa a vrè. Mwen rann temwayaj ke chak moun ka li l epi vin konnen ke li vrè.
Frè m ak sè m yo, m te prepare diskou m nan yon ti tan anvan madanm mwen, Barbara, te mouri. Fanmi m avèk mwen remèsye nou pou lanmou nou ak pou demonstrasyon jantiyès nou. M priye pou Senyè a beni m pandan m ap pale avèk nou maten sa a.
An Oktòb 1918, sa gen yon syèk, Prezidan Joseph F. Smith te resevwa yon vizyon gloriye. Apre prèske 65 ane sèvis devwe pou Senyè a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi, jis kèlke semèn anvan lanmò li nan 19 Novanm 1918, li te chita nan chanm ni ap medite sou sakrifis ekspyatwa Kris la epi l t ap li deskripsyon Apot Pyè te bay sou ministè Sovè a nan mond dèzespri a apre Krisifiksyon l lan.
Li te ekri: “Pandan m t ap li, m te enpresyone anpil … Pandan m t ap medite sou bagay sa yo … , je konpreyansyon m te louvri, epi Lespri Senyè a te repoze sou mwen, epi m wè pakèt mò yo, ni piti yo ni gran yo.” N ap jwenn tout tèks sou vizyon an nan Doktrin ak Alyans seksyon 138.
Kite m bay kèk enfòmasyon pou nou ka totalman apresye preparasyon tout yon lavi Joseph F. pou l te ka resevwa revelasyon remakab sa a.
Lè l te Prezidan Legliz la, li te vizite Novou an 1906, epi l t ap reflechi sou yon souvni l te genyen lè l te gen senkan. Li te di: “Se egzakteman la a m te kanpe lè [Joseph, tonton mwen, ak papa m Hyrun] te vin pase sou cheval yo pou yo t al Carthage. San l pa t desann cheval la, papa m te panche sou sèl la epi l te leve m anlè. Li te anbrase m pou l te di m orevwa epi l te mete m atè epi m te wè l ale.”
Pwochèn fwa Joseph F. te wè yo, manman l, Mary Fielding, te leve l anlè pou l te ka wè mati yo kouche youn kot lòt apre yo te fin touye yo britalman nan Prizon Kataj la jou 27 Jen 1844 la.
Dezan apre, Joseph F. ansanm ak fanmi li ak manman fidèl li a, Mary Fielding Smith, te kite lakay yo nan Novou pou yo t al Winter Quarters. Malgre l potko gen yuitan, Joseph F. te oblije kondui youn nan atelaj bèf yo soti Montrose, Iowa, pou rive Winter Quarters, epi apresa al nan Vale Salt Lake la, kote yo te rive lè l te prèske gen 10 zan. M espere noumenm, jènjan yo ak tigason yo, n ap koute epi n ap reyalize responsablite ak chay yo te mete sou Joseph F. pandan anfans li.
Katran apre, an 1852, lè l te gen 13 zan, manman l te mouri—li te kite Joseph ak frè l ak sè l yo òfelen.
Yo te aple Joseph F. pou l te sèvi yon misyon nan Zile Awayi yo an 1854 lè l te gen 15 zan. Misyon sa a, ki te dire plis ke twazan, sete kòmansman yon lavi sèvis nan Legliz la.
Lè l te retounen Utah, Joseph F. te marye an 1859. Pandan ane apre yo, lavi l te ranpli ak travay, responsablite familyal, ak de lòt misyon. 1e Jiyè 1866, nan laj 27 tan, lavi Joseph F. te chanje ajamè lè Prezidan Brigham Young te òdone l kòm Apot. An Oktòb ane apre a, li te aple pou l te sèvi nan Konsèy Douz yo. Li te sèvi kòm konseye Brigham Young, John Taylor, Willford Woodruff, ak Lorenzo Snow anvan l te vin Prezidan an 1901.
Joseph F. ak madanm ni, Julina, te fè preyme pitit yo, Mercy Josephine. Li te gen dezan edmi sèlman lè l te mouri. Tousuit apresa, Joseph F. te ekri: “Yè te fè yon mwa depi … chè Josephine mwen an te mouri. O! m te swete m te ka sove l pou l te grandi rive vin nan matirite. Mwen sonje l chak jou epi m santi m sèl. … Ke Bondye padone feblès mwen si sa pa bon pou m renmen pitit mwen yo jan m renmen yo a.”
Pandan lavi li, Prezidan Smith te pèdi papa l, manman l, yon frè ak de sè, de madanm, ak 13 pitit. Li te abitye avèk chagren ak lanmò moun ki te chè pou li.
Lè pitit gason l lan, Albert Jesse te mouri, Joseph F. te ekri sè li, Martha Ann ke l te sipliye Senyè a pou l te sove l epi l te mande “Poukisa? O. Bondye, poukisa l dwe konsa?”
Malgre priyè l yo nan epòk sa a, Joseph F. pa t resevwa okenn repons pou bagay sa a. Li te di Martha Ann ke “syèl yo te sanble avèk eren anlè tèt nou” apwopo sijè lanmò ak mond dèzespri a. Men, lafwa l nan pwomès etènèl Senyè a te fèm e inebranlab.
Nan moman Senyè a te chwazi, Prezidan Smith te resevwa repons adisyonèl, rekonfò, ak konpreyansyon sou mond dèzespri a li t ap chèche a nan yon vizyon ekstraòdinè l te resevwa an Oktòb 1918.
Ane sa a te patikilyèman douloure pou li. Li te chagren pou pil moun ki te mouri nan Gè Mondyal la ke kantite a te kontinye grenpe depase 20 milyon moun. Epitou, yon epidemi grip te simaye nan tout mond lan, ki te pran lavi prèske 100 milyon moun.
Pandan ane a, Prezidan Smith te pèdi twa lòt manm presye nan fanmi li. Èldè Hyrum Mack Smith nan Kolèj Douz Apot yo, premye pitit gason li, ki te gran papa m, te mouri sibitman akoz yon apendis ki te eklate.
Prezidan Smith te ekri: “M pa ka pale—[numb] with grief! … Kè m brize; e m apèn ka viv! … O! M te renmen li. M ap renmen pou tout tan. Epi se konsa sa ye e sa ap toujou ye avèk tout pitit gason m ak pitit fi m yo, men li se premye pitit gason m, premye ki te pote lajwa ak esperans yon posterite onorab ak san fen pami lèzòm. Soti nan fon nanm mwen, m di Bondye mèsi pou li! Men O! M te bezwen li! Nou tout te bezwen li! Li te tèlman itil nan Legliz la. … Epi kounyeya … O! kisa m ka fè! O! Bondye, ede m!”
Nan mwa apre a, bofis Prezidan Smith la, Alonzo Kesler, te mouri nan yon aksidan trajik. President Smith noted in his journal, “This most terrible and heart-rending fatal accident, has again cast a pall of gloom over all my family.”
Sèt mwa apre, an Septanm 1918, bèlfi Prezidan Smith la, Ida Bowman Smith, ki sete grann mwen, te mouri apre l te fin akouche senkyèm pitit li, tonton m, Hyrum.
Epi sete konsa, jou 3 Oktòb 1918 la, pandan l te santi yon gwo chagren pou lanmò dè milyon moun ki te mouri nan mond lan akoz lagè ak maladi osibyen ke lanmò pwòp manm fanmi pa li, Prezidan Smith te resevwa revelasyon selès nou rekonèt kòm “vizyon redanmsyon mò yo.”
Li te pale de revelasyon an nan demen, nan premye sesyon konferans jeneral Oktòb la. Sante Prezidan Smith t ap bese, men, li te pale brèfman: “M pa kapab, m pa oze abòde pil bagay ki okipe lespri m maten sa a, epi m ap ranvwaye pou apre, si Senyè a vle, tantativ mwen pou m di nou kèk bagay ki nan lespri m e ki nan kè mwen. M pa t poukont mwen nan dènye senk mwa sa yo. M te viv nan yon espri lapriyè, siplikasyon, lafwa ak detèminasyon; epi m te gen kominikasyon avèk Lespri a san rete.”
Revelasyon l te resevwa 3 Oktòb la te konsole kè li epi l te ba l repons pou anpil nan kesyon l yo. Nou menm tou nou ka konsole epi aprenn plis sou pwòp fiti pa nou lè nou mouri epi n ale nan mond dèzespri a nan etidye revelasyon sa a epi medite sou enpòtans li nan lavi n ap mennen chak jou.
Pami tout sa Prezidan Smith te wè yo, te gen vizit Sovè a te fè moun fidèl yo nan mond dèzespri a aprel te fin mouri sou kwa a. Nan vizyon sa a, m ap site:
“Men gade, pami moun ki jis yo li te òganize fòs li epi l te chwazi mesaje, ki te abiye avèk pouvwa epi avèk otorite, epi l te otorize yo pou y ale epi pou yo pote limyè levanjil la pou moun ki te nan tenèb yo, menm pou tout lespri gason [ak fi]; epi se konsa levanjil le te preche devan mò yo. …
“Yo te ansenye moun sa yo lafwa nan Bondye, repantans pou peche, batèm pa pwokirasyon pou padon peche yo, don Sentespri a pa enpozisyon men,
“Ak tout lòt prensip levanjil la ki te nesesè pou yo konnen pou yo kapab kalifye tèt yo pou yo kapab jije tankou moun ki gen kò fizik epi pou viv tankou Bondye nan lespri. …
“Paske mò yo te konsidere gran espas tan lespri yo te rete san kò a kòm yon esklavaj.
“Se moun sa yo Senyè a te ansenye, epi l te ba yo pouvwa pou yo leve, apre rezirèksyon li pami mò yo, pou yo antre nan wayòm Papa li a, nan kote sa a, pou kouwone yo avèk imòtalite epi avèk lavi etènèl,
“And continue thenceforth their labor as had been promised by the Lord, and be partakers of all blessings which were held in reserve for them that love him.”
Nan vizyon an, Prezidan Smith te wè papa l, Hyrum, ak Pwofèt Joseph Smith. Sa te fè 74 zan depi l te wè yo pou la dènyè fwa pandan l te yon tigason tou piti nan Novou. Nou ka imajine lajwa li lè l te wè papa byeneme l la ak tonton li. Siman l te edifye ak rekonfòte dèske l te konnen ke tout espri yo konsève aparans kò mòtèl yo epi y ap tann jou rezirèksyon yo pwomèt yo a avèk enpasyans. Vizyon an pi totalman revele pwofondè ak pòte plan Pè Selès la pou pitit li yo ak lanmou redanmtè Kris la ak pouvwa san parèy Sakrifis Ekspyatwa l la.
Nan santèm anivèsè espesyal sa a, m envite nou pou n al li revelasyon an atantivman. Pandan n ap fè sa, se pou Senyè a beni nou pou n ka pi byen konprann ak apresye amou Bondye ak plan sali ak bonè l la pou pitit li yo.
Mwen temwaye ke vizyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa a vrè. Mwen rann temwayaj ke chak moun ka li l epi vin konnen ke li vrè. Moun ki pa resevwa konesans sa a nan lavi sa a ap sètènman vin konnen san okenn dout lè tout moun rive nan mond dèzespri a. Kote sa a, tout moun pral renmen ak louwe Bondye ak Senyè a, Jezikri, pou gran plan sali a ak benediksyon rezirèksyon yo pwomèt la kote kò a ak lespri a pral reyini ankò pou yo pa janm separe.
Ala m rekonesan dèske m konn ki kote chè Barbara m nan ye epi nou va reyini ankò avèk fanmi nou pou tout letènite. Ke lapè Senyè a soutni nou kounyeya e pou tout tan, m priye enbleman, nan non Jezikri, amèn.