Dezyèm Gran Kòmandman an
Pi gwo lajwa nou vini lè nou ede frè n ak sè nou yo.
Chè frè m ak sè m yo, mèsi pou tout sa n ap fè pou ede rasanble Izrayèl nan toutlède bò vwal la, pou fètifye fanmi nou, ak beni lavi moun ki nan nesesite. Mèsi dèske n ap viv antanke vrè disip Jezikri. Nou konnen epi nou renmen obeyi de gran kòmandman L yo, renmen Bondye ak renmen pwochen nou.
Pandan sis dènye mwa yo, Sè Nelson avèk mwen te rankontre dè milye Sen pandan nou te vwayaje al nan Amerik Santral ak Amerik diSid, nan zile Pasifik yo, ak nan plizyè vil nan Etazini. Lè nou vwayaje, espwa nou se pou bati lafwa nan ou menm. Men nou toujou retounen avèk pwòp lafwa pa nou fòtifye pa manm ak zanmi nou rankontre yo. Èske m ka pataje twa moman espesyal nou te viv nan eksperyans resan nou yo?
An Me, Sè Nelson avèk mwen te vwayaje avèk Èldè Gerrit W. Gong ak Sè Susan Gong ale nan Pasifik Sid la. Pandan nou te Auckland, nan Nouvelle-Zélande, nou te gen onè pou n te rankontre “Imam” nan de moske nan Chirstchurch nan Nouvèl Zelann, kote de mwa anvan sa, yo te touye anpil manm inosan ki t ap adore nan moske a nan yon zak vyolans orib.
Nou te prezante frè lòt relijyon sa yo kondoleyans sensè nou epi nou te reyafime yo angajman komen nou pou libète relijye.
Nou te ofri yo travay volontè ak modès asistans finansye nou pou yo ka rebati moske yo a. Reyinyon nou avèk dirijan Mizilman sa yo te chaje ak bèl ekspresyon fratènite.
An Out, ansanm avèk Èldè Quentin L. Cook ak Sè Mary Cook, Sè Nelson avèk mwen te rankontre moun nan Buenos Aires, an Ajantin—pifò nan yo pa manm legliz nou an—ki te gen lavi yo chanje gras ak chèz woulant LDS Charities nou an te ba yo. Nou te jwenn enspirasyon pandan yo t ap eksprime rekonesans plen lajwa yo poutèt yo ka deplase kounyea.
Yon twazyèm moman presye te rive sa gen jis kèlke semèn isit la nan Salt Lake City. Sete akoz yon lèt m te resevwa jou fèt mwen ke yon jènfi m ap rele Mary—ki gen 14 an, te voye ban mwen.
Mary te ekri osijè sa limenm avèk mwen te gen an komen: Nou gen dis pitit. Ou pale Mandarin. Sèt nan timoun nan fanmi m, enkli mwenmenm, te adopte an Chine, konsa, Mandarin se premye lang nou. Ou se yon kadyològ. Sè m nan te sibi de operasyon nan kè. Ou renmen dezèdtan legliz la. Nou renmen dezèdtan legliz la. Ou jwe mizik byen. Frè m nan jwe mizik byen tou. Li avèg menmjan avèk mwen.”
Pawòl Mary yo te touche m pwofondeman, yo te revele non sèlman gran espri li men devosyon li pou manman l ak papa l tou.
Sen Dènye Jou yo, tankou tout lòt disip Jezikri, toujou ap chèche mwayen pou yo ede, soulaje, ak renmen lòt moun. Moun ki vle pou yo rele yo pèp Senyè a dwe “dispoze pou youn pote chay lòt, … pou kriye ak moun k ap kriye yo; … epi [pou] konsole moun ki bezwen konsolasyon.”
Yo vrèman chèche pou yo viv premye ak dezyèm gran kòmandman yo. Lè nou renmen Bondye ak tout kè nou, Li vire kè nou sou byennèt lòt moun nan yon bèl fason plen vèti.
Sa t ap enposib pou nou kalkile ki montan sèvis Sen Dènye yo ap rann toupatou sou glòb la chak jou nan chak ane, men se posib pou nou kalkile byen Legliz la ap fè kòm yon òganizasyon pou beni gason ak fi—tigason ak tifi—ki bezwen yon men sèvyab.
Pwogram Imanitè Legliz la te lanse an 1984. Lè sa a, yo te fè yon jèn nan tout Legliz la pou te leve fon pou ede moun ki te aflije pa yon sechrès devastan nan Lès Afrik. Manm Legliz yo te bay 6.4 milyon dola kòm don nan grenn jou de jèn sa a.
Lè sa a–yo te voye mwenmenm ki te Èldè M. Russell Ballard lè sa a ak Frè Glenn L. Pace nan Etyopi pou nou t al gade kijan yo te k pi byen itilize fon sakre sa yo. Efò sa a sete kòmansman sa ki ta pral rele Latter-day Saints Charities a nan apre.
Depi lè sa a, LDS Charities bay plis pase de milya dola kòm èd pou ede moun ki nan nesesite toupatou nan mond lan. Yo ofri asistans sa a bay tout moun kèlkeswa relijyon, nasyonalite, ras, oryantasyon seksyèl yo, sèks yo oswa apatenans politik yo.
Men se pa tout la sa. Pou ede manm nan Legliz Senyè a ki nan detrès yo, nou renmen lwa jèn nan epi nou aplike li. Nou rete grangou pou n ka ede moun ki grangou. Yon jou nan chak mwa, nou rete san manje epi nou bay pri manje sa a t ap koute a (ak plis) pou ede moun ki nan bezwen.
M p ap janm bliye premye vizit mwen nan Lwès Afrik an 1986. Sen yo te vini nan reyinyon nou yo an gran kantite. Malgre pifò ladan yo prèske pa t gen okenn byen materyèl, prèske tout te vini abiye nan rad blan byen pwòp.
M te mande prezidan pieu a kijan l te pran swen manm li yo ki te gen mwayen si piti konsa. Li te reponn ke evèk yo te konn pèp yo a byen. Si manm yo te ka manje defwa pa jou, yo pa t bezwen èd. Men si yo te ka gen yon grenn repa sèlman oswa mwens—menm avèk èd fanmi yo—evèk la te bayo manje, ke l te peye nan fon ofrann jèn yo. Apresa, li te ajoute bagay remakab sa a: kontribisyon yo bay nan ofrann jèn yo abityèlman depase depans yo. Konsa, yo te voye sa k te gen anplis nan ofrann jèn yo bay moun lòt kote ki te gen plis bezwen pase yo. Sen Afriken fidèl sa yo te anseye m yon gwo leson sou pouvwa lwa jèn nan ak espri lwa jèn nan
Antanke manm Legliz la, nou santi yon koneksyon avèk moun k ap soufri nan nenpòt fason. Antanke pitit gason ak pitit fi Bondye, nou tout se frè ak sè. Nou suiv egzòtasyon Ansyen Testaman an: “Aprann louvri men nou bay frè parèy nou, moun ki pòv yo, ak moun ki nan nesesite yo.”
Nou eseye viv ansèyman Senyè Jezikri yo jan yo ekri nan Matye 25la:
“Mwen te grangou, epi w te ban m manje; mwen te swaf dlo, epi w te ban m bwè. Mwen te lwen peyi m, ou te resevwa m lakay ou.
“Mwen te toutouni, epi ou te ban m rad; mwen te malad, ou te vizite mwen. …
“… Chak fwa ou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen ou te fè li.”
Kite m site jis kèk egzanp sou fason Legliz la suiv ansèyman sa yo Sovè a bay la.
Pou ede soulaje grangou, Legliz la gen 124 magazen evèk nan tout mond lan. Ladan yo, gen apeprè 400.000 kòmand manje ki fèt chak ane pou moun ki nan bezwen. Nan andwa kote magazen evèk pa egziste, evèk yo ak prezidan branch yo pran nan fon ofrann jèn Legliz la pou yo achte manje ak pwovizyon pou manm ki nan bezwen yo.
Sepandan, pwoblèm grangou a afekte anpil lòt moun ki pa nan Legliz nou an tou. Epi l ap ogmante atravè tout mond lan. Nasyonzini fèk bay yon rapò ki endike ke kantite moun ki mal nouri nan pami pèp nan mond lan depase 820 milyon kounyea—prèske yon moun sou nèf nan abitan latè yo.
Statistik sa fè moun reflechi! Ala nou rekonesan pou kontribysyon nou yo. Gras ak jenewozite sensè nou, dè milyon moun atravè mond lan ap resevwa manje, rad, abri tanporè, chèz woulant, medikaman, dlo pwòp, ak plis toujou, pou milyon moun ki nan bezwen.
Gen anpil maladi nan mond lan ki se akoz dlo ki pa pwòp. Rive jodia, èd imanitè Legliz la ede pote dlo pwòp nan dè santèn kominote nan 76 peyi.
Pwojè nan Luputa, nan Repiblik Demokratik Kongo a, se yon bèl egzanp. Avèk yon popilasyon ki depase 100.000 moun, vil la pa t gen okenn dlo kouran. Moun yo te oblije mache sou pil distans pou yo t al nan sous pou yo te ka jwenn dlo pwòp. Malgre yo te dekouvri yon fontèn dlo nan yon mòn a vent nèf kilomèt, moun lavil yo pa t ka ale nan dlo regilyèman.
Lè misyonè imanitè nou yo te aprann pwoblèm sa a, yo te travay avèk dirijan nan Luputa yo kote yo te founi yo materyèl ak fòmasyon sou kijan pou yo te fouye pi pou te mennen dlo a rive nan vil la. Pèp Luputa a te pase twazan ap fouye yon kanal pwofondè yon mèt atravè wòch ak raje. Yo te travay ansanm, epi, bèl jou sa a te finalman rive kote dlo pwòp tou frèch te vin disponib pou tout moun nan vilaj sa a.
Legliz la ede refijye tou, keseswa refijyek ap kouri pou lagè sivil, katastwòf natirèl, oswa pèsekisyon relijye. Gen plis pase 70 milyon moun yo te chase fè yo kite lakay yo kounyea.
Nan ane 2018 la sèlman, Legliz la te bay materyèl ijans pou refijye nan 56 peyi. Anplis, anpil manm Legliz la bay tan yo kòm volontè pou ede refijye yo entegre nan nouvo kominote yo. Nou remèsye nou chak ki lonje lamen pou ede moun k ap eseye etabli nouvo kay sa yo.
Gras ak don plen jenewozite nou bay magazen Deseret Industries yo nan Etazini, dè milyon kilo rad kolekte e triye chak ane. Pandan ke evèk lokal yo ap itilize gwo montan rad ak lòt bagay sa yo pou ede manm ki nan bezwen, nou voye pi gwo pòsyon ladan yo kòm don bay lòt òganizasyon charite k ap distribye bagay nan tout mond lan.
Epi, ane pase, Legliz la te bay swen nan zye pou plis pase 300.000 moun nan 35 peyi, swen pou tibebe pou dè milye manman ak timoun nan 39 peyi, ak chèz woulant pou plis pase 50.000 moun k ap viv nan dè douzèn peyi.
Legliz la rekoni kòm enstitisyon ki reponn anpremye lè trajedi frape. Menm anvan yon siklòn frape, dirijan Legliz ak ekip nan lokasyon ki ekspoze yo kreye plan pou konn kijan yo pral pote sekou ak asistans volontè bay moun ki pral afekte yo.
Ane pase poukont li, Legliz la te reyalize plis pase 100 pwojè sekou pou dezas nan tout mond lan, pou ede viktim siklòn, dife, inondasyon, tranblemandtè, ak lòt kalamite. Kèlkeswa lè sa posib, manm Legliz nou yo ki abiye ak mayo jòn Men Sèvyab yo mobilize an gran kantite pou ede moun ki afekte pa dezas yo. Kalite sèvis sa yo, ke si anpil nan nou ap rann, se vrè esans sèvis pastoral.
Frè m ak sè m yo, aktivite m sot dekri la yo se sèlman yon ti pati nan gwo pwogram antrèd ak èd imanitè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Epi se noumenm ki rann bagay sa yo posib. Gras ak lavi egzanplè nou, kè plen jenewozite nou, ak men sèvyab nou, se pa etonan ke anpil dirijan kominote ak gouvènman ap louwe efò nou.
Depi m vin Prezidan Legliz la, mwen etone pou wè konbyen anpil prezidan, premye minis, ak anbasadè ap sensèman remèsye m pou èd imanitè nou bay moun peyi yo. Epi, yo eksprime rekonesans yo pou fòs manm fidèl nou yo pote nan peyi yo kòm sitwayen lwayal, k ap bay kontribisyon yo.
Mwen emèveye tou pou dirijan nan mond lan ki vizite Premye Prezidans lan pou eksprime espwa yo pou Legliz la etabli nan peyi yo. Poukisa? Paske yo konnen Sen Dènye Jou yo ap ede bati fanmi ak kominote solid, ap fè lavi vin pi bon pou lòt moun kèlkeswa kote yo viv.
Kèlkeswa kote nou rele lakay nou, manm Legliz yo sousye anpil pou Patènite Bondye ak fratènite lòm. Konsa, pi gwo lajwa nou vini lè n ap ede frè ak sè nou, kèlkeswa kote n ap viv nan mond mèveye sa a.
Bay lòt moun èd—fè yon efò konsyans pou sousye pou lòt moun otan oubyen plis pase nou sousye pou tèt nou—se jwa nou. M ap di, espesyalman lè sa deranje nou ak lè l fè nou soti nan zòn konfò nou.. Vviv dezyèm gwo kòmandman sa a se kle pou nou vin yon vrè disip Jezikri.
Chè frè m ak sè m yo, nou se egzanp vivan sou fwi ki soti nan suiv ansèyman Jezikri yo. Mwen remèsye nou! Mwen renmen nou!
Mwen konnen Bondye vivan. Jezi se Kris la. Legliz Li a te retabli nan dènye jou sa yo pou akonpli objektif divin ni. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.