2009
Mwen menm? Yon bèje an Izrayèl?
Oktòb 2009


Mwen menm? Yon bèje an Izrayèl?

Mwen te yon temwen ak yon patisipan nan dè milye vizit pou ede ministre lòt moun. Mwen temwaye de devèsman Lespri ekstraòdinè ki akonpaye vizit sa yo.

Elder Daniel L. Johnson

Youn nan bagay ki distenge Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se paske nou genyen bèje san peye ke youn ap gide lòt. Nou pa gen klèje peye nan pawas yo, branch yo, pye yo, ak distri yo nan Legliz la; men, manm yo youn pran swen lòt yo menm.

Chak manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen yon apèl pou l se yon bèje an Izrayèl. Manm bèje yo sèvi nan episkopa ak prezidans branch, antanke dirijan Prètriz ak dirijan Oksilyè, antanke grefye ak sekretè, antanke enstriktè tout kalite—ladan yo enstriktè vizit nan fwaye—ak nan lòt bagay san konte.

Bèje sa yo gen anpil bagay an komen. Yo chak gen mouton pou nouri, ankouraje, ak sèvi. Yo chak aple pa Senyè a atravè sèvitè otorize li. Yo chak responsab devan Senyè a pou entandans yo antanke yon bèje.

Al chèche mouton ki pèdi a

Joseph Serge Merilus te kite peyi natif natal li Ayiti nan laj 19 an epi li t al abite Repiblik Dominikèn an 1980 pou l al chèche travay. Uit mwa apre li te retounen an Ayiti, li te tonbe damou, epi li te retounen an Repiblik Dominikèn avèk madanm ni, Marie Reymonde Esterlin.

Pandan yo te kòmanse lavi marye yo ansanm nan peyi yo te fèk adopte a, Joseph te fè eksperyans yon grangou espirityèl. Li menm ak Marie te vizite plizyè legliz ap chèche satisfè grangou sa a, men antanke moun ki te pale Kreyòl nan yon peyi ki pale Espanyòl, yo te gen difikilte pou konrpann ak pou moun konprann yo. Finalman yo te tonbe sou de misyonè Sen Dènye Jou, ki te envite yo legliz. Apre Joseph ak Marie te fin asiste plizyè reyinyon, misyonè yo te anseye yo leson yo avèk pasyans an Espanyòl, epi yo te batize an Septanm 1997.

Joseph te aple pou l sèvi nan prezidans Lekòldidimanch, epi apre antanke yon konseye nan prezidans branch lan, epi nan apre antanke prezidan branch. Men akoz yon seri enkonpreyansyon ak santiman blese, ki te soti anpil nan mal kominike, Joseph, Mari, ak senk pitit yo te tonbe nan inaktivite epi manm Legliz yo te vin bliye yo.

Pandan sèt pwochen ane yo, koup la te vin gen kat pitit anplis epi yo te pran yon neve ak yon nyès yo ki te soti Ayiti lakay yo. Gras avèk anpil efò Joseph te vin bon nan Espanyòl ak an Anglè epi li te kòmanse anseye Anglè ak Kreyòl pou yon konpayi lokal.

An Out 2007, de dirijan Prètriz, nan pwosesis pou chèche brebi pèdi Senyè a yo, te parèt devan pòt fanmi an. Yo te dekouvri ke Joseph ak Marie te toujou gen temwayaj konsènan levanjil la, malgre yo p at asiste reyinyon yo depi setan. Dirijan yo te envite fanmi an pou retounen legliz, sa yo te fè nan demen tout suit—tout 13 nan fanmi an. Depi lè sa a yo toujou vin legliz.

Jodi a Joseph se yon dirijan misyon branch nan Barahona, ki sitiye nan pati Sidwès Repiblik Dominikèn nan. De pi gran pitit gason l yo ap sèvi kòm dirijan nan branch lan tou epi, neve l la, ki fèk òdone kòm ansyen, se prezidan Jènjan yo. Sa pa gen lontan fanmi an te vwayaje ale nan tanp, kote yo te sele antanke yon fanmi etènèl.

Jis panse sou sa, 13 brebi pèdi rantre kounyeya paske de manm bèje te dispoze pou al chèche, nouri, ak pote fanmi sa a retounen nan twoupo Senyè a. Yo te dirije vè fwaye sa a jis menmjan ou menm avèk mwen ap dirije lè n ap chèche brebi pèdi a ki se responsablite nou an.

Men konn temwen ak yon patisipan nan dèmilye vizit pou al chèche brebi. Mwen temwaye de devèsman Lespri ekstraòdinè ki akonpaye yo a. Mwen konn wè anpil brebi pèdi retounen epi santi lajwa ki vini pandan y ap akeyi yo retounen nan twoupo a. Mwen konn wè kè touche, benediksyon pwononse, dlo vide, temwayaj rann, priyè ofri epi jwenn repons, epi lanmou eksprime. Mwen konn wè lavi ki chanje.

Nouri twoupo yo

Yon lè ant 592 ak 570 B.C., Bondye te pale avèk pwofèt li Ezekyèl konsènan bèje neglijan yo. Akoz neglijans yo, twoupo a epapiye. Konsènan bèje sa yo, Senyè a te di:

“Nonm o, bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la, di yo, Men sa Senyè Bondye a voye di yo [:] … èske bèje a pa dwe nouri twoupo yo? …

Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete remèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa k te ki te sòti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chèche sa ki te pèdi yo. …

“… Wi, mouton yo gaye toupatou sou latè, epi pèsonn pa okipe yo, pèsonn pa chèche kote yo ye.

“Konsa Senyè Bondye a di; … M ap wete mouton m yo anba men nou” (Ezekyèl 34:2, 4, 6, 10).

Nan plizyè sans, nou vin yon legliz baze sou chapèl. Nou fè anpil efò pou bay nouriti espirityèl ak emosyonèl pou moun ki vini nan legliz la, men e sa ki pèdi chemen pou vini nan chapèl yo?

Si m resevwa yon apèl pou sèvi nan Legliz la, lè sa a mwen gen mouton ke m gen yon obligasyon divin pou m ministre ak sèvi. Pa egzanp, antanke yon enstriktè mwen se yon bèje non sèlman pou moun ki vini nan klas mwen yo men pou moun ki pa vini yo tou. Mwen gen responsablite pou jwenn yo, vin konnen yo, vin zanmi yo, okipe bezwen yo, epi mennen yo retounen nan twoupo a.

Dirije yo pou yo retounen

Antanke bèje ki manm nou dwe sonje ak medite sou ansèyman ki nan Lik 15 yo. Nan chapit sa a, Senyè a te anseye parabòl mouton ki te pèdi a, pyès lajan ki te pèdi a, ak pitit gason ki te pèdi a. Toulètwa gen rapò ak “sa ki te pèdi a” ke yo te jwenn nan apre. Nan parabòl mouton ki te pèdi a, Senyè a mande:

“Sipoze youn nan nou gen san mouton. Si l pèdi youn ladan yo, èske li pap kite katrevendiznèf lòt mouton yo nan dezè a, pou l al dèyè sa k pèdi a?

“Epi lè l jwenn ni, l ap mete l sou zepòl li ak kè kontan.

“Epi lè l tounen lakay li avè l, la p rele tout zanmi l ak tout vwazen l yo, l ap di yo: Vin fè fèt avè m, mwen jwenn mouton m ki te pèdi a.

“Konsa, m ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendiznèf moun k ap mache dwat, ki pa bezwen repantans” (Lik 15:4–7).

Nan parabòl la, sèlman yon mouton te ale epi l te pèdi, men se raman ka a nan pawas nou yo ak branch nou yo. Aplikasyon parabòl la rete menm nan, sepandan, san konte kantite mouton ki ekate soti nan twoupo a.

Parabòl la pa endike konbyen tan pwosesis rekiperasyon an ap pran. Nan efò nou antanke bèje, gen kèk mouton k ap retounen apre yon sèl vizit, pandan ke gen lòt sa mande dèzane ankourajman konstan ak janti.

Pandan pwosesis rekiperasyon frè nou yo ak sè nou yo, annou pa bliye ke mouton an n ap “mennen … tounen nan twoupo a” li “chè pou Bèje a.”1 Li konnen yo chak endividyèlman. Li renmen yo chak avèk yon lanmou pafè. Paske yo se pa li, l ap gide nou, dirije nou, ak enspire nou nan sa pou n di si nou mande li epi apresa koute vwa Lespri li. Atravè pouvwa Sentespri a, anpil ap reponn pozitivman pandan n ap lonje lamen enbleman epi sensèman bayo.

Se pou nou sonje responsablite nou antanke bèje pou nou kapab bay Senyè a yon bon rapò sou entandans nou anvè mouton yo li bay nou chak okipe yo.

Nòt

  1. “Aux bergers elles sont chères,” Cantiques, no. 221.

Detay soti nan The Road to Bethlehem, pa Joseph Brickey; adwat: detay soti nan Cain and Abel, pa Robert T. Barrett

Lost No More, by Greg K. Olsen, pa dwe kopye; foto ilistrasyon pa Laureni Fochetto