Timoun yo
Mwen ka jwenn repons atravè konferans jeneral la
Prezidan Uchtdorf anseye ke si nou panse ak kèk kesyon anvan konferans jeneral la, Senyè a ka pale avèk nou atravè pwofèt ak apot li yo pandan konferans lan.
-
Antanke fanmi oswa klas, diskite sou sa nou bezwen aprann, keseswa endividyèlman oubyen ansanm. (Pa egzanp: Kijan m ka fòtifye temwayaj mwen? Kijan m ka fè fas ak yon pwoblèm nan lekòl mwen?) Ekri kesyon w yo sou yon moso papye oswa nan jounal ou.
-
Nan semèn anvan konferans yo, ou kapab panse ak priye sou kesyon sa yo.
-
Koute byen pandan konferans lan (sa kapab ede si w pran nòt). Epi apresa ekri kijan Senyè a — atravè dirijan Legliz yo — reponn kesyon w yo.
-
Sou yon lòt moso papye, ou kapab fè desen ou menm k ap fè sa w te aprann nan.