2011
Ansèyman pou epòk pa nou an
novanm 2011


Ansèyman pou epòk pa nou an

Leson Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou yo pou katriyèm Dimanch yo apral dedye ak “Ansèyman pou epòk pa nou an. ” Chak leson kapab prepare apati youn oswa plis diskou ki te fèt nan dènye konferans jeneral yo (gade lis anba a). Prezidan pye oswa distri yo kapab chwazi ki diskou ki dwe itilize, oubyen yo ka bay evèk yo ak prezidan branch yo responsablite sa a. Dirijan yo dwe veye pou pou frè yo nan Prètriz Mèlkisedèk la ak sè yo nan Sosyete Sekou a etidye menm diskou yo nan menm jou Dimanch yo.

Yo ankouraje moun ki asiste leson katriyèm Dimanch yo pou yo pote revi dènye konferans lan avèk yo nan klas la.

Sigjesyon pou prepare yon leson apati diskou yo

Priye pou Sentespri a kapab avèk ou lè w ap etidye ak anseye nan diskou yo. Ou gen dwa ta renmen itilize lòt atik pou prepare leson an, men se diskou konferans yo ki pwogram apwouve a. Tach ou se pou ede lòt moun aprann ak viv levanjil la jan yo te anseye li nan dènye konferans jeneral Legliz la.

Repase diskou yo, chèche prensip ak doktrin k ap reponn ak bezwen manm klas ou yo. Epitou, chèche istwa, referans ekriti, ak deklarasyon nan diskou yo ki ap ede ou anseye verite sa yo.

Fè yon plan sou fason pou anseye prensip ak doktrin yo. Plan w lan dwe gen kesyon ki ap ede manm klas yo.

  • Chèche prensip ak doktrin ki nan diskou yo.

  • Panse sou siyifikasyon yo.

  • Pataje sa ou konprann, ide, eksperyans, ak temwayaj.

  • Aplike prensip ak doktrin sa yo nan lavi yo.

Mwa pou anseye leson yo

PWOGRAM pou leson katriyèm Dimanch

Novanm 2011 - Avril 2012

Diskou pibliye nan Liahona* Novanm 2011 la

Mai 2012 - Oktòb 2012

Diskou pibliye nan Liahona* Me 2012 la

  • Diskou sa yo disponib nan plizyè lang nan conference. lds. org.

Enprime