2011
Yon gwo domèn aksyon
desanm 2011


Mesaj vizit nan fwaye, Desanm 2011

Yon gwo domèn aksyon

Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Senyè a, Legliz li a, fanmi yo, ak kominote yo bezwen enfliyans fi fidèl yo. Anfèt, Èldè M. Russell Ballard nan Kolèj Douz Apot yo te anseye ke “chak sè nan Legliz sa a ki fè alyans avèk Senyè a gen yon manda diven pou ede sove nanm, pou dirije fi yo nan mond lan, pou fòtifye fwaye Siyon yo, ak pou bati wayòm Bondye a.”1

Gen kèk sè ki ka mande tèt yo si yo ka akonpli kalite objektif sa yo. Men jan Eliza R. Snow (1804–87), dezyèm konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a te eksplike: “Pa gen okenn sè ki si izole, ni si limite nan chan aksyon li, pou l pa kapab fè anpil pou kontribye nan etablisman Wayòm Bondye a sou tè a.”2 Sè Snow te anseye tou ke Sosyete Sekou te òganize “pou akonplisman tout bon travay nòb.”3

Patisipe nan Sosyete Sekou elaji domèn enfliyans nou nan bay chak sè opòtinite pou bati lafwa, pou fòtifye fanmi ak fwaye, ak pou rann sèvis lakay ak atravè tout mond lan. E erezman, efò nou endividyèlman ak antanke Sosyete Sekou pa bezwen gwo ni depasan, men yo dwe volontè ak konsistan. Pratik fidèl tankou priyè pèsonèl ak priyè familyal chak jou, etid ekriti chak jou, ak konstamman mayifye apèl nou nan Legliz la ap ede nou ogmante lafwa ak bati wayòm Senyè a.

Pou sè ki ap mande tèt yo so kontribisyon ki parèt piti sa yo fè yon diferans, Èldè Ballard afime: “Chak sè k ap defann laverite ak lajistis diminye enfliyans mal. Chak sè ki fòtifye ak pwoteje fanmi yo ap fè travay Bondye. Chak sè ki viv tankou fi Bondye vin tounen egzanp pou lòt moun suiv e plante semans enfliyans jis ki ap vin pote fwi pandan dè dizèn ane apre yo.”4

Apati ekriti yo

1 Korentyen 12:4–18; 1 Timote 6:18–19; Mozya 4:27; Atik Lafwa 1:13

Apati istwa nou

Eliza R. Snow, ki te sèvi kòm sekretè lè Sosyete Sekou a te òganize nan Novou, te aple pa Prezidan Brigham Young (1801–77) pou vwayaje nan tout Legliz la, pou ede evèk yo òganize Sosyete Sekou nan pawas yo.

Sè Snow te anseye: “Si nenpòt nan pitit fi ak manman nan Izrayèl yo ta jamè santi ke yo yon ti jan limite nan domèn yo nan moman an, yo pral kounyeya jwenn gwo kapasite pou gen tout pouvwa ak kapatite pou fè byen ke yo posede an gran abondans lan. … Prezidan Young remèt nou kle pou yon gwo domèn aksyon ak itilite.”5

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “Women of Righteousness,” Liahona, Des. 2002, 39.

  2. Eliza R. Snow, “An Address,” Woman’s Exponent, Sept. 15, 1873, 62.

  3. Eliza R. Snow, “Female Relief Society,” Deseret News, Avr. 22, 1868, 81.

  4. M. Russell Ballard, Liahona, Dec. 2002, 39.

  5. Eliza R. Snow, Deseret News, Avr. 22, 1868, 81.

Kisa m ka fè?

  1. Kijan m ka ede sè m ap vizite yo rekonèt ak aji sou kapatite yo pou gen yon enfliyans fidèl?

  2. Kijan m ka itilize don ak talan san parèy mwen yo pou beni lòt moun?

Enprime