2012
Viv yon lavi abondans
janvye 2012


Mesaj Premye Prezidans, Janvye 2012

Viv yon lavi abondans

Nan kòmansman nouvèl ane a, mwen egzòte Sen Dènye Jou yo toupatou pou yo antreprann yon rechèch pèsonèl, dilijan, siyifikan pou sa m rele yon lavi abondans — yon lavi ranpli ak abondans siksè, bonte, ak benediksyon. Menmjan nou aprann ABC nan lekòl la, mwen ofri nou pwòp ABC pa mwen pou ede nou tout akeri lavi abondans la.

Gen yon atitid pozitif

A nan ABC m nan fè referans ak atitid. William James, yon pyonye psikològ ak filozòf Ameriken, te ekri: “Pi gwo revolisyon jenerasyon nou an se dekouvèt ke kretyen vivan yo kapab chanje aspè eksteryè lavi yo nan chanje atitid mantal lespri yo.”1

Anpil bagay nan lavi depann de atitid nou. Fason nou chwazi pou n wè bagay yo ak reponn lòt moun afekte tout bagay. Fè pi byen nou kapab epi apresa chwazi pou n gen kè kontan nan sitiyasyon nou yo, kèlkeswa sa yo kapab ye, yo kapab pote lapè ak kontantman.

Charles Swindoll — otè, edikatè, ak pastè Kretyen — te di: “Atitid, pou mwen, pi enpòtan pase … . lepase, … pase lajan, pase pozisyon, pase echèk, pase siksè, pase sa moun panse oswa di oswa fè. Li pi enpòtan pase aparans, aptitid, oswa talan. Li kapab bati oswa kraze yon konpayi, yon legliz, yon fwaye. Bagay ki enteresan an sèke nou ka chwazi chak jou ki atitid n ap genyen pou jounen an.”2

Nou pa ka dirije van an, men nou ka ajiste vwal yo. Pou bonè, lapè, ak kontantman maksimòm, annou chwazi yon atitid pozitif.

Kwè nan tèt nou

B vledi kwè — nan tèt nou, nan moun bò kote nou, ak nan prensip etènèl yo.

Se pou nou onèt avèk tèt nou, avèk lòt moun, epi avèk Papa nou ki nan Syèl la. Yon moun ki pa t onèt avèk Bondye jiskaske l te twò ta sete Kadinal Wolsey ki, selon Shakespeare, te pase yon lavi long nan sèvis twa fanmi wayal epi ki te gen richès ak pouvwa. Finalman, yon wa enpasyan te retire tout pouvwa li ak posesyon li nan men l. Kadinal Wolsey te kriye:

Si sèlman m te sèvi Bondye m nan avèk mwatye zèl

M te sèvi wa m nan, li pa t ap janm, nan laj mwen

kite m toutouni devan enmi m yo.3

Thomas Fuller, yon kwayan ak istoryen Anglè ki te viv nan 17tyèm syèk la, te ekri verite sa a: “Moun ki pa viv selon kwayans li pa reyèlman kwè”4

Pa limite tèt nou e pa kite lòt moun konvenk nou ke nou limite nan sa nou kapab fè. Kwè nan tèt nou epi apresa viv yon fason pou nou rive atenn potansyèl nou.

Nou kapab akonpli sa nou kwè nou kapab. Gen konfyans epi kwè epi gen lafwa.

Fè fas ak difikilte yo avèk kouraj

Kouraj vin tounen yon vèti enteresan ak enpòtan lè nou konsidere l non pa kòm yon dispozisyon pou mouri kourajezman men kòm yon detèminasyon pou viv desaman.

Jounalis ak powèt Ameriken an, Ralph Waldo Emerson te di: “Kèlkeswa sa n ap fè, nou bezwen kouraj. Kèlkeswa wout nou deside pran, toujou gen yon moun k ap di nou ke nou gen tò. Toujou gen difikilte k ap leve pou tante nou pou n kwè ke moun k ap kritike nou yo gen rezon. Pou drese yon plan aksyon epi suiv li rive nan fen sa mande menm kalite kouraj yon sòlda bezwen. Lapè gen viktwa li, men sa mande gason ak fi brav pou gen viktwa sa yo.”5

Ap gen moman kote n ap santi nou pè ak dekouraje. Nou gen dwa santi ke nou pèdi batay la. Chans pou pòte laviktwa yo kapab parèt ireyalis. Pafwa nou kapab santi nou tankou David k ap eseye goumen avèk Golyat. Men sonje — David te pote laviktwa!

Sa mande kouraj pou yon moun fè yon premye vanse vè yon objektif dezire, men sa mande pi plis kouraj toujou lè yon moun bite epi l oblije fè yon dezyèm efò pou atenn bi a.

Se pou nou gen detèminasyon pou fè efò a, konsistans pou travay pou atenn yon bi louwab la, ak kouraj pou non sèlman fè fas ak difikilte k ap vini inevitableman yo men tou pou fè dezyèm efò a, si gen bezwen. “Pafwa kouraj se ti vwa sa a nan fen jounen an ki di nou, ‘M pral eseye ankò demen.’”6

Se pou nou sonje ABC sa yo pandan n ap kòmanse vwayaj nou antre nan nouvèl ane a, pandan n ap kiltive yon atitid pozitif, yon konviksyon ke nou kapab atenn bi ak rezolisyon nou yo, ak kouraj pou nou fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou ka jwenn. Lè sa a, n ap gen lavi abondans la.

Nòt

  1. William James, nan Lloyd Albert Johnson, comp., A Toolbox for Humanity: More Than 9000 Years of Thought (2003), 127.

  2. Charles Swindoll, nan Daniel H. Johnston, Lessons for Living (2001), 29.

  3. William Shakespeare, King Henry the Eighth, act 3, scene 2, lines 456–58.

  4. Thomas Fuller, nan H. L. Mencken, ed., A New Dictionary of Quotations (1942), 96.

  5. Ralph Waldo Emerson, nan Roy B. Zuck, The Speaker’s Quote Book (2009), 113.

  6. Mary Anne Radmacher, Courage Doesn’t Always Roar (2009).

Ansèyman apati mesaj sa a

Panse pou envite manm fanmi yo pou pataje eksperyans pèsonèl kote yon atitid pozitif, kwayans nan tèt yo, oswa kouraj te ede yo. Oubyen envite yo pou yo jwenn egzanp sou twa prensip sa yo nan ekriti yo. Ou gen dwa prepare pou anseye nan panse ak ekriti yo ak eksperyans pa ou, nan yon espri lapriyè.