2014
Misyon divin Jezikri: Sovè ak Redanmtè
Avril 2014


Mesaj Vizit nan fwaye, Avril 2014

Misyon divin Jezikri: Sovè ak Redanmtè

Nan lapriyè, etidye materyèl sa a epi chèche konnen kisa pou nou pataje.Nan ki jan konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan li e beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a?Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo, te di, nan mitan tout tit pi siyifikan yo itilize pou dekri Jezikri yo, gen tit Redanmtè a. “Rachte vle di peye pou yon obligasyon oswa yon dèt. Rachte kapab vle di pote sekou tou oswa libere anba yon bagay tankou peye yon ranson. … Chak mesaj sa yo sigjere diferant fasèt nan gwo Redanmsyon an Jezikri te akonpli atravè Ekspyasyon l lan, ki enkli, selon diksyonè a, ‘delivre anba peche ak penalite l yo, tankou yon sakrifis ki fèt pou pechè a.’”1

Linda K. Burton, prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Papa nou ki nan syèl la … te voye Sèl Pitit Gason Byeneme ak pafè li a pou soufri pou peche nou yo, chagren nou, ak tout sa ki parèt enjis nan lavi pèsonèl nou.

“… Yon madanm ki t ap travèse eprèv ak chagren pandan dèzane te di ak dlo nan je: ‘Mwen vin reyalize ke m tankou yon biyè 20 dola—ize, fennen, sal, prèske chire. Men … mwen toujou vo 20 dola.’ Madanm sa a konnen li …. te diy ase pou [Bondye] te voye Pitit Gason l lan ekspye pou peche li, pèsonèlman. Chak sè nan legliz la sipoze konnen sa madanm sa a konnen an.”2

Nan Ekriti yo

2 Nefi 2:6; Elaman 5:11–12; Moyiz 1:39

Nan Istwa Nou

Nouvo Testaman an gen resi sou kèk fi ki te egzèse lawa nan Jezikri, ki te aprann ak viv ansèyman l yo, epi temwaye konsènan ministè li, mirak li yo, ak majeste li.

Jezi te di fi a bò pi a:

“Moun ki bwè dlo m ap ba li a, li pap janm swaf ankò; paske dlo m ap ba li a ap tounnen yon sous dlo nan li k ap ba li lavi ki pap janm fini an.

“Fi a te di li, tanpri Misye, ban m ti gout nan dlo sa a, pou m pa janm anvi bwè dlo ankò. …

“Mwen konnen [Mesi a] gen pou vini, … lè la vini, la eksplike nou tout bagay.

“Jezi te reponn ni, Mwen menm k ap pale avèk ou a, m se Mesi a.”

Li “kite krich dlo a la menm” epi li retounen lavil la pou al rann temwayaj de li. (Gade Jan 4:6–30.)

Nòt

  1. D. Todd Christofferson, “Redemption,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 109.

  2. Linda K. Burton, “Is Faith in the Atonement of Jesus Christ Written in Our Hearts?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 114.

Enprime