2014
Priyè Sandwich
oktòb 2014


Timoun

Sandwich priyè

Kijan pou w konnen sa pou w di lè w ap priye? Ou ka kòmanse priyè w yo avèk, “Chè Papa nou ki nan syèl la,” epi fini yo avèk “Nan non Jezikri, amèn.” Sa w ap di nan mitan yo se chwa pa ou, menmjan ak chwazi kisa pou w mete nan yon sandwich.

Fè desen yon sandwich, pandan w ap chwazi anpil bagay diferan ou ta renmen nan sandwich ou a. Sou chak moso vyann oubyen bagay nan mitan moso pen yo, ekri yon bagay ke ou ta renmen priye sou li. Ou ka di “mèsi” pou benediksyon yo, pale sou pwoblèm ou, mande benediksyon, oswa priye sou kesyon w yo.

Ou ka koupe foto sandwich ou a. Kwoke l nan chanm ou pou ede w sonje sa ou ka di nan priyè ou yo.

Enprime