2016
Ankre nan Lafwa Zansèt nou yo
jiyè 2016


Mesaj Premye Prezidans lan, Jiyè 2016

Ankre nan Lafwa Zansèt Nou yo

John Linford te gen 43 zan lè limenm ak madanm li, Maria, ak twa nan pitit gason yo te pran desizyon pou kite lakay yo nan Gravely, an Angletè pou yo te vwayaje plizyè milye kilomèt pou al jwen Sen yo nan Vale Gran Salt Lake la. Yo te kite katriyèm pitit gason yo a dèyè, li tap sèvi yon misyon, yo te vann tout afè yo, epi yo te pran transpòtasyon nan Liverpool sou bato Thornton.

Yo te vwayaje sou lanmè al nan vil Nouyòk, epi apresa apye al nan Iowa, san gwo pwoblèm. Sepandan, pwoblèm te kòmanse tousuit apre Lindfords yo ak lòt Sen Dènye Jou ki t ap vwayaje sou Thornton yo te kite vil Iowa a nan 15 Jiyè 1856, yo te fè pati konpayi charyo abra James G. Willi a ki te gen pil pwoblèm nan.

Move tanperati ak vwaya difisil la te lakoz anpil maladi ak lanmò nan plizyè konpayi, enkli konpayi John nan. Alafen, li te vin tèlman malad ak fèb ke yo te oblije pouse l nan yon charyo. Lè konpayi an te rive Wyoming, kondisyon sante l te deteryore anpil. Yon ekip sekou ki te sòti nan Salt lake te rive nan 21 Oktòb, sèlman kèlke èdtan apre vwayaj John nan mòtalite a te fini. Li te mouri bonè nan jou maten sa a bò kot rivaj Rivyè Sweetwater a.

Èske John te regrèt li te boukante konfò li ak lavi fasil pou soufrans ak privasyon, ak difikilte pou mennen fanm l nan Syon an?

Anvan l mouri li te di madanm li “Non, Maria.” “M kontan nou te vini. M pap vivan lè nou rive Salt Lake, men oumenm ak pitit gason nou yo ap rive, e m pa regrèt anyen nou te travèse si pitit gason nou yo ka grandi epi vin elve fanmi yo nan Siyon.”1

Maria ak pitit gason l yo te fini vwayaj la. Lè Maria te mouri prèske 30 tan pita, limenm avèk John te kite dèyè yo, yon eritaj lafwa ak sèvis, ak devouman, ak sakrifis.

Yon Sen Dènye-jou dwe yon pyonye, paske definisyon yon pyonye se “yon moun ki ale anvan pou prepare oubyen ouvri chemen pou lòt ka suiv.”2 Epi pou nou pyonye nou dwe vin fè konesans avèk sakrifis. Byenke yo pa mande manm Legliz yo pou yo kite kay yo ankò pou yo vwayaje al nan Siyon, souvan yo dwe kite ansyen abitid, ansyen koutim depi lontan, ak zanmi yo renmen dèyè. Kèk moun pran yon desizyon agonizan pou kite manm fanmi yo ki opoze a Legliz la dèyè. Sepandan, Sen Dènye-jou yo avanse, pandan y ap priye pou moun yo renmen sa yo ta vin konpran epi pou yo aksepte.

Chemen yon pyonye a pa fasil, men, n ap suiv mak pye pigran Pyonye a—Sovè a menm–ki te ale anvan nou, pou montre nou chemen pou nou suiv la.

Li envite nou,3 “Vini jwenn mwen.”

Li di: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a.”4

Li rele nou,5 “Vin jwenn mwen.”

Chemen an ka difisil. Gen moun ki twouve l difisil pou yo reziste anba mokri deplezan moun k ap ridikilize chastete, onètete, ak respè kòmandman Bondye yo. Men mond lan te toujou twouve ke sa pa enpòtan pou yo suiv prensip. Lè Nowe te resevwa enstriksyon pou l te bati lach la, pèp anfoli a te gade syèl san nyaj la epi yo te ri li ak pase l nan betiz—jiskaske lapli a te rive.

Sa gen anpil syèk, nan Kontinan Ameriken an, moun yo te doute, opoze, ak dezobeyi jiskaske dife te boule Zarayemla, tè te kouvri Mowoniya, epi dlo te anglouti Mowoni. P at gen pase nan betiz, moke, ridikilize, ak peche ankò. Yo te ranplase pa silans total ak gwo tenèb. Pasyans Bondye te rive nan limit, tan Li te akonpli.

Maria Linford pat janm pèdi lafwa malgre pèsekisyon an Angletè a, ak difikilte vwayaj la pou l t al “kote Bondye … te prepare a,6 ak lòt tribilasyon li te andire pou fanmi li ak Legliz la.

An 1937, nan yon seremoni sou tonb la an souvni Maria, Eldè George Albert Smith (1870-1951) te mande posterite Maria yo, “Èske nou pral viv ankre nan lafwa zansèt nou yo”? … Fè efò pou nou vin diy pou tout sakrifis [yo] te fè pou nou yo.“7

Pandan nap chèche bati Siyon nan kè nou, nan fwaye nou, nan kominote nou, ak nan peyi nou, se pou nou sonje kouraj rezoli ak lafwa konstan moun ki te bay tout sa yo te genyen pou yo te ka jwi benediksyon levanjil retabli yo, avèk esperans ak pwomès li atravè Ekspyasyon Jezikri a.

Nòt

  1. Gade nan Andrew D. Olsen, The Price We Paid (2006), 45–46, 136–37.

  2. The Compact Edition of the Oxford English Dictionary (1971), “pyonye.”

  3. Lik 18:22.

  4. Jan 14:6.

  5. Jan 7:37 gade tou nan 3-Nefi 9:22.

  6. “Venez, venez, sans craindre le devoir,” Cantiques, no. 18.

  7. Gade nan, The Price We Paid, 203–4.

Ansèyman nan Mesaj Sa a

Panse pou mande moun w ap anseye yo pou yo panse sou moun nan lavi yo ki ale anvan yo e ki te pyonye pou yo. Apresa, mande yo kilè yo te gen opòtinite sèvi kòm pyonye e prepare chemen pou lòt moun. Envite yo reflechi sou moman kote yo te oblije fè sakrifis ak poukisa sa te vo lapèn. Apresa, ou ta kapab mande yo pou yo ekri temwayaj yo konsènan “pi gran Pyonye a,” Sovè a.