2017
Priye pou Lapè
fevriye 2017


Jèn yo

Priye pou Lapè

Otè a ap viv nan Arizona, Etazini .

Paran m te konn asiste reyinyon apre legliz souvan, epi mwen te konn siveye twa ti frè m yo epi ede yo prepare dine—souvan yo konn kolerik ak grangou. Dabitid si yo te kòmanse goumen, mwen te kapab rezoud ti pwoblèm nan byen vit. Men pafwa li te difisil pou fè lapè lè yo te kòmanse goumen paske mwen te konn vin irite.

Yon aprèmidi, frè m yo te gen pwoblèm pou yo te antann yo. Mwen te reyalize efò m yo pou te etabli lapè a te fè bagay yo vin pi grav paske mwen te fache. Donk mwen te jis prepare manje pa m epi m te sispann pale. Finalman, m te anonse, “Mwen pral priye.” Èske nou ka fè silans pou yon ti moman silvouplè?” Lè yo te kalme, mwen te fè yon benediksyon sou manje a. Avan m te fini priyè a, m te ajoute, “Epi tanpri ede nou pou nou kapab patizan lapè.”

Toudabò, li pa t sanble ke yo te tande epi yo te kòmanse goumen ankò. Mwen te enève men m te konnen mwen te bezwen eman epi kalm paske m te fèk priye pou lapè. Apre yon minit, m te santi m vrèman kalm. Mwen te manje san m pa t di anyen, epi finalman ti mesye yo te sispann goumen. Mwen te reyalize ke lapè m te santi a sete yon repons pou yon priyè senp. Mwen te priye pou m te ka yon patizan lapè, epi Papa m ki nan Syèl la te ede m rete kalm lè mwen te tèlman tante pou m rele sou yo. Mwen konnen ke Li ka vrèman bannou lapè.

Enprime