2017
Mwen te deja deside
March 2017


Jèn yo

M Te Deja Deside

Otè a ap viv nan Utah, nan Etazini.

Yon fwa, m te resevwa yon leson valab nan yon klas Jènfi sou pite seksyèl—yon sijè ki te fè anpil nan jèn yo santi yo enkonfòtab. M pa sonje tout bagay m te aprann jou sa a, men m te sonje dirijan m nan pale sou yonn nan prensip pèsonèl li yo—pou toujou rete pi seksyèlman. Pawòl li yo te rete avèk mwen, epi m te pran yon desizyon konsyan pou adopte l kòm youn nan valè pèsonèl pa mwen.

Yon jou, pandan m te nan otobis ap sòti nan yon aktivite espò, yon moun nan otobis la te kòmanse yon jwèt pou chofe nou fè yon bagay. Paske nou pa t gen anyen lòt pou n te fè, mwen menm ak lòt timoun yo te entre nan jwèt la. Lè sete tou pa m, yo te ban m defi fè yon bagay m te konnen ki pat byen. Sa tap kapab yon desizyon difisil pou m te pran, men pawòl dirijan Jènfi m yo te vin nan panse m, epi chwa mwen an te vin fasil. Rapidman, m pat dakò. M te deja deside sou sa m tap fè nan sitiyasyon sa a.

Mwen konnen ke lè nal legliz epi nou fè plas pou bagay yo anseye nou nan legliz la, nap beni avèk pi gran fòs espirityèl ak pwoteksyon anba tantasyon nan mond la.

Enprime