2017
Ame avèk lajistis
March 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Mas 2017

Ame avèk Jistis

Pwofèt Bondye sou tè a, Prezidan Thomas S. Monson, te deklare, “Jodia, nou kanpe kont pi gran koleksyon peche, ak vis, ak mal ki te ka rasanble devan je nou.”1

Èske sa ta etone nou ke Prezidan Monson te di pawòl sa yo 50 tan pase? Si nou te kanpe devan yon koleksyon mechanste enkonparab konsa nan epòk pase sa a, ki kantite mal kap menase nou jodia? Se pou yon bon rezon, Senyè a te di konsènan dispansasyon nou an, “gade, ènmi an mete ansanm” (D&C 38:12).

Lagè “nou tout anwole a”2 te kòmanse anvan nou te fèt sou latè a. Li te kòmanse anvan latè a te kreye. Li te kòmanse depi plizyè milye ane nan epòk premòtèl la, kote Satan te revòlte eip l “te chèche detwi lib abit lòm” (Moyiz 4:3).

Satan te pèdi batay la epi “Bondye te chase l vin sou latè a” (Revelasyon 12:9), kote lap kontinye lagè li a jodia. Isit sou latè a “li fè lagè kont sen Bondye yo, epi li antoure yo tout kote” (D&A 76:29) avèk manti, desepsyon, ak tantasyon.

Li fè lagè kont pwofèt ak apot yo. Li fè lagè kont lwa chastete ak sentete maryaj. Li fè lagè kont fanmi ak tanp. Li fè lagè kont bagay ki byen, ki sen, ak sakre.

Kouman nou dwe konbat yon enmi konsa? Kouman nou ka konbat kont mal ki sanble lap anglouti mond nou an? Ki pwoteksyon nou genyen? Kiyès ki alye nou?

Pouvwa Anyo a

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke Satan gen pouvwa sou nou sèlman nan degre nou ba l pèmisyon.3

Lè l te wè epòk nou an, Nefi te “wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.” (1 Nefi 14:14; italik ajoute).

Kouman pou nou ame tèt nou avèk lajistis ak pouvwa? Nou sanktifye jou Saba a epi nou onore prètriz la. Nou fè epi nou kenbe alyans ki sakre, nou travay sou istwa familyal nou, epi nal nan tanp. Nou fè efo kontinyèlman pou nou repanti epi nou plede devan Senyè a pou L “aplike san ekspyatwa Kris la pou nou kapab resevwa padon pou peche nou yo” (Mozyia 4:2). Nou priye epi nou sèvi epi nou temwaye epi nou egzèse lafwa nan Jezikri.

Nou ame tèt nou avèk lajistis ak pouvwa tou, lè nou “medite pawòl lavi yo tout tan nan panse [nou]” (D&A 84:85). Nou fè mo sa yo tounen trezo nou lè nou plonje tèt nou nan ekriti sent yo ak nan pawol sèvitè Senyè a chwazi yo, ki ap fè nou konnen volonte L, panse L, ak vwa Li (gade nan D&A 68:4) pandan konferans jeneral mwa pwochen an.

Nan batay nou kont mal la, nou dwe toujou sonje nou gen èd moun ki nan toulède bò vwal la. Nan pami alye nou yo gen Bondye, Papa Etènèl nou an, Senyè a, Jezikri, ak Sentespri a.

Nan pami alye nou yo gen lame selès envizib yo. “Pa pè,” se sa Elize te di yon jèn gason ki te gen krent pandan yo te fè fas devan yon lame plen mechan, “paske moun ki avèk nou yo plis pase sa ki avèk yo a” (gade nan 2 Wa 6:15–16).

Nou pa bezwen pè. Bondye renmen Sen Li yo. Li pap janm abandone nou.

M konnen ke Bondye, kom repons pou priyè mwen, te reponn demann mwen pou delivre m anba sa ki mal. M temwaye ke avèk èd Bondye, Papa a, ak Sovè mond la, ak Sentespri a, nou kapab gen asirans ke nou pral resevwa plis pouvwa pou nou kontrekare nenpòt fòs nou rankontre.

Mwen swete pou nou toujou ame avèk lajistis pou nou ka gen konfyans nan viktwa final la.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Correlation Brings Blessings,” Relief Society Magazine, Apr. 1967, 247.

  2. “Nous voici tous enrôlés,” Cantiques, no. 161.

  3. Gade nan Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 214.

Enprime