2017
Pouvya Siyifikatif Jezikri a ak Ekspyasyon Li a
March 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Mas 2017

Pouvwa ranfòsan Jezikri ak Ekspyasyon Li a

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Lè nou konprann objektif Sosyete Sekou a, kouman sa ka prepare pitit fi Bondye yo pou benediksyon lavi etènèl

Imaj
Relief Society seal

Lafwa, Fanmi, Sekou

“M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fos” (Filipyen 4:13). “Malgre nou tout gen feblès, nou ka simonte yo,” se sa Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans la te di. Anfèt, se gras Bondye kifè, si nou bese tèt nou epi nou gen lafwa, bagay fèb yo ap vin fò pou nou.

Sovè nou an di, nan Doktrin ak Alyans yo: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88).

Èldè David A. Bednar nan Kolèj Douz Apot yo te di, “Nefi se egzanp yon moun ki te konnen, ki te konprann, epi ki te depann sou pouvwa ranfòsan Sovè a.” “Frè Nefi yo te mare l anba kòd epi yo te planifye destriksyon li. Tanpri, note priyè Nefi a: ‘O, Senyè, daprè lafwa m gen nan ou, tanpri, delivre m anba men frè m yo; wi, ban m fòs pou m menm kapab kase kòd sa yo ki mare m nan’ (1 Nefi 7:17; italik ajoute).

“… Nefi pat priye pou sikonstans yo te chanje. Okontrè, li te priye pou fòs pou l te ka chanje sikonstans li yo. Epi m kwè li te priye nan fason sa a presizeman paske l te konnen, li te konprann, epi l te fè eksperyans nan pouvwa reyèl Ekspyasyon an.

“M pa panse ke kòd ki te mare Nefi yo te majikman demare soti nan men l ak nan ponyèt li. Okontrè, m sispèk li te tèlman beni avèk pèsistans ak fòs pèsonèl ki depase kapasite natirèl li, ki fè lè sa a ‘nan fòs Senyè a’ (Mozya 9:17) li te travay, li te tòdye kòd yo, li te tire sou yo, epi li te finalman e literalman vin kapab kase kòd yo.”2

Ekriti Adisyonèl ak Enfòmasyon

Ezayi 41:10; Etè 12:27; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. Dieter F. Uchtdorf, “The Way of the Disciple,” Liahona, Me 2015, 108.

  2. David A. Bednar, “Strength beyond Our Own,” New Era, Mar. 2015, 4.

Enprime