2017
Pouvwa Prètriz la atravè kenbe alyans
June 2017


Mesaj Vizit nan Fwaye, Jen 2017

Pouvwa Prètriz la atravè kenbe alyans

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Lè nou konprann objektif Sosyete Sekou a, kouman sa ka prepare pitit fi Bondye yo pou benediksyon lavi etènèl yo?

Imaj
Relief Society seal

Lafwa, Fanmi, Sekou

Èldè Neil L. Andersen nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Mesaj mwen pou…nou tout sèke nou kapab ‘beni pa fòs pouvwa prètriz la‘, kèlkeswa sikonstans nou.”

“… Si nou patisipe diyman nan òdonans prètriz yo, Senyè a ap ba nou pi gwo fòs, ak lapè, ak pèspektiv etènèl. Kèlkeswa sitiyasyon nou, fwaye nou ap ‘beni pa pouvwa prètriz la.’”1

Kijan nou ka envite pouvwa prètriz la nan lavi nou? Èldè M. Russel Ballard nan Kolèj Douz Apot yo raple nou ke “moun ki antre nan dlo batèm yo epi ki resevwa dotasyon yo apresa nan kay Senyè a kalifye pou bèl benediksyon abondan. Dotasyon an se literalman yon don pouvwa … [epi] Papa nou ki nan syèl la gen jenewozite nan pouvwa Li.” Li raple nou ke gason ak fi “dote avèk menm pouvwa a” nan tanp lan, “sa ki, pa definisyon, se pouvwa prètriz la.”2

Linda K. Burton, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Paske pouvwa prètriz la se yon bagay nou tout vle genyen nan fanmi nou ak nan fwaye nou, kisa nou bezwen fè pou n envite pouvwa sa a nan lavi nou? Jistis pèsonèl nesesè pou nou ka gen pouvwa prètriz la nan lavi nou.”3

Prezidan Russel M. Nelson, Prezidan Kolèj Douz Apot yo te di “ Si nou prezante tèt nou enbleman devan Senyè a epi nou mande L pou L ansenye nou, L ap montre nou kijan pou nou amelyore aksè nou nou nan pouvwa Li a.” 4

Ekriti ak enfòmasyon adisyonèl

1 Nefi 14:14; Doktrin ak Alyans 121:36; 132:20; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. Neil L. Andersen, “Power in the Priesthood,” Liahona, Nov. 2013, 92, 95.

  2. M. Russell Ballard, “Men and Women and Priesthood Power,” Liahona, Sept. 2014, 36.

  3. Linda K. Burton, “Priesthood Power—Available to All,” Liahona, Jen 2014, 21.

  4. Russell M. Nelson, “The Price of Priesthood Power,” Liahona, Me 2016, 69.

Enprime