2017
Yon sèl kè
September 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Septanm 2015

Yon sèl kè

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou ou ka konnen kisa pou ou pataje. Lè pitit fi Bondye yo konprann bi Sosyete Sekou, kijan sa ap prepare yo pou benediksyon lavi etènèl yo?

Imaj
So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Epi Senyè a te rele pèp li a Siyon, paske yo te gen yon sèl kè ak yon sèl panse, epi yo te viv nan lajistis; epi pa t gen pòv pami yo. (Moyiz 7:18). Kijan nou ka vin fè youn?

Èldè M. Russel Ballard ki nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Nan mitan mo anglè ki vle di ekspyasyon an gen yon mo ki vle di youn. Si tout limanite te konprann sa, pa tap janm gen okenn moun ki pa tap konsène nou, kèlkeswa laj, ras, sèks, relijyon, oswa sitiyasyon sosyal ou ekonomik li. Nou tap bat pou nou imite Sovè a e nou pa tap janm pa janti, endiferan, derespektan, oswa ensansib vizavi lòt moun.1

Prezidan Henry B. Eyring, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan, te anseye: “Kote moun gen Lespri avèk yo, yo kapab atann yo a amoni …. Lespri Bondye pa janm koze kontansyon (gade nan 3 Nephi 11:29). … Li mennen moun nan lapè pèsonèl ak yon santiman inyon avèk lòt moun.”2

Pandan li tap pale de pwoblèm familyal, Carole M. Stephens, ki te sèvi kòm Premye Konseye nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, te di: “M pa t janm te travèse divòs, lapenn, ak ensekirite ki soti nan abandon ,oswa responsablite ki asosye avèk reyalite yon manman selibatè. M pa konn anyen sou lanmò yon timoun, sou enposiblite pou fè pitit, oubyen atirans pou moun menm sèks. M pa t janm te soufri anba abi oswa maladi kwonik oswa adiksyon. Mwen pa t jwenn posiblite depasman sa yo.

“… Men gras a tès ak eprèv pèsonèl mwen yo … mwen vin byen konnen Moun ki vrèman konprann nan. … Epitou, mwen pase anba tout eprèv mòtalite sa yo m sot mansyone la yo antanke pitit fi, manman, grann, sè, matant, ak zanmi.

“Opòtinite nou genyen kòm pitit fi Bondye ki respekte alyans se pa sèlman pou pwòp pwoblèm pa yo sèvi nou leson; men se pou nou ini nou nan senpati ak konpasyon pandan n ap sipòte lòt manm nan fanmi Bondye yo nan pwoblèm pa yo tou.”3

Ekriti adisyonèl ak enfòmasyon

Jan 17:20–23; Efezyen 4:15; Mozya 18:21–22; 4 Nefi 1:15

reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “The Atonement and the Value of One Soul,” Liahona Me 2004, 86

  2. Henry B. Eyring, “That We May Be One,” Ensign, May 1998, 67.

  3. Carole M. Stephens, “The Family Is of God,” Liahona, May 2015, 11–12.

Enprime