2017
Sonje Senyè a chak jou
October 2017


Jèn yo

Sonje Senyè a chak jou

Zanmi, travay nan kay, devwa, televizyon—gen sitèlman anpil bagay ki mande atansyon nou. Men chak semèn, nou pwomèt Papa nou ki nan Syèl la “pou [nou] toujou sonje [Pitit Gason L., Jezikri]” (D&A 20:79).

Prezidan Eyring di ke nou kapab “fè chwa chak jou ki ap ede nou sonje Sovè a.” Panse pou w fikse yon bi mwa sa a pou sonje Sovè a pi plis chak jou. Ou gen dwa prepare yon kalandriye epi pran angajman pou fè yon bagay chak jou pou bati relasyon ou avèk Li. Prezidan Eyring fè lis bagay tankou li ekriti yo, priye ak lafwa, epi sèvi Sovè a ak lòt moun. Epitou, gen ekri nan jounal, ale nan reyinyon Legliz yo, koute konferans jeneral, al nan tanp, chante kantik—lis la ka kontinye! Si nou sonje Sovè a chak jou, Prezidan Eyring pwomèt ke “benediksyon yo … ap vini lantman epi avèk konsistans … [epi] y ap transfòme nou pou fè nou vin tounen vrè disip Senyè a Jezikri.”

Enprime