2017
Vin tounen vrè disip
October 2017


Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2017

Vin tounen vrè disip

Nan chak reyinyon sentsèn, nou gen privilèj pou nou pwomèt Papa nou ki nan syèl la ke nou ap toujou sonje Sovè a epi respekte kòmandman L yo pou nou kapab gen Lespril L avèk nou (gade Mowoni 4:3; 5:2; D&A 20:77, 79). Lè nou pran non L sou nou, n ap toujou sonje L natirèlman. Nou fè sa nan plizyè fason men spesyalman lè nou sèvi lòt moun nan nou L, nou li pawòl sakre l yo, epi priye pou nou konnen kisa L vle nou fè.

Sa te rive pou mwen lè mwen t ap batize yon jenòm. Mwen te konnen ke sèvitè òdone Sovè a te aple m kòm yon misyonè pou mwen preche levanjil Li a epi pou mwen temwaye de Li e de vrè Legliz Li a. Konpanyon misyonè mwen ak mwenmenm te pwomèt jenòm sa a ke li t ap vin pwòp atravè pouvwa Ekspiyasyon Jezikri a lè li repanti ak lafwa nan Sovè a epi batize pa youn nan sèvitè otorize L yo.

Lè mwen te leve jenòm nan soti nan dlo nan fon batismo a, li te chichote nan zòrèy mwen, “Mwen pwòp, mwen pwòp.” Nan moman sa a, mwen te sonje batèm Sovè a pa Jan Batis nan Rivyè Jouden an. Epitou, mwen te sonje mwen t ap fè travay sali yon Sovè resisite epi vivan—asiste pa Sentespri a, menm jan ak Jan.

Pou mwen menm ak pou chak nan nou, sonje Sovè a kapab vledi plis pase depann sou yon souvni konesans nou ak eksperyans nou avèk Li. Nou kapab fè chwa chak jou k ap fè nou vin pi pwòch Li nan moman prezan an.

Chwa ki pi senp la se petèt li ekriti yo. Lè nou fè sa, nou kapab gen santiman ke nou pwòch Li. Pou mwenmenm, santiman pwòch sa a vini pi souvan lè m li Liv Mòmon an. Nan premye minit lè m ap li chapit 2 Nefi yo, mwen tande nan tèt mwen vwa Nefi ak Leyi k ap dekri Sovè a kòmsi yo te konnen L pèsonèlman. Mwen santi ke m pwòch Li.

Pou noumenm, se gen dwa lòt kote nan ekriti yo ki kapab atire nou vè Li. Men kèlkeswa kote ak kilè nou li pawòl Bondye a, avèk imilite ak entansyon reyèl pou n sonje Sovè a, dezi nou pou pran non L sou nou nan lavi nou chak jou ap ogmante.

Dezi sa a ap chanje fason nou sèvi nan Legliz Senyè a. N ap priye Papa nou ki nan Syèl La pou ede nou manifye menm sa ki parèt yon ti apèl piti pou nou. Èd n ap mande a se kapasite pou bliye tèt ou epi konsantre plis sou sa Sovè a vle pou moun nou aple pou sèvi yo.

Mwen te konn santi men L ak prezans Li nan sèvis mwen avèk pitit mwen yo lè m te konn priye pou konnen kijan pou m te ede yo jwenn lapè ke sèlman levanjil la kapab pote a. Nan moman sa yo, mwen pa t tèlman sousye si moun te konsidere m kòm yon paran ki gen siksè, mwen mwen te sousye m pwofondeman pou siksè ak byenèt pitit mwen yo.

Dezi pou bay moun nou ap sèvi yo sa Sovè a vle nou ba yo a ap mennen nan lapriyè ki sipliye Papa nou ki nan Syèl la, vrèman nan non Jezikri. Lè nou priye nan fason sa a—nan non Sovè a, avèk lafwa nan Li—Papa a reponn. Li voye Sentespri a pou gide nou, rekonfòte nou, ak ankouraje nou. Paske Lespri a toujou rann temwayaj de Sovè a (gade 3 Nefi 11:32, 36; 28:11; Ether 12:41), Kapasite nou pou renmen Senyè a ak tout kè nou, ak tout pouvwa nou, ak tout fòs nou an ap ogmante (gade Mak 12:30; Lik 10:27; D&A 59:5).

Benediksyon ki se sonje chak jou ak sonje nan moman prezan yo ap vini dousman e konstamman pandan n ap sèvi Li, fè festen ak pawòl Li, epi priye ak lafwa nan non Li. Epi souvni sa a ap transfòme nou pou fè nou vin vrè disip Senyè a, Jezikri, nan wayòm Li an sou tè sa a—epi avèk Papa Li nan apre, nan mond gloriye ki gen pou vini an.

Enprime