2019
Objektif ki pral chanje sèvis pastoral nou
Janvye 2018


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Janvye 2019

Objektif ki pral chanje sèvis pastoral nou

Pandan ke gen anpil objektif nan sèvis pastoral la, efò nou ta dwe gide pa yon dezi pou ede lòt moun atenn yon konvèsyon pèsonèl pi pwofon epi pou ede yo vin plis tankou Sovè a.

Lè nou renmen lòt moun jan Sovè a renmen yo, nou vle ede yo jan l te ede yo tou. Antanke Bon Bèje, li se egzanp pafè nou nan sèvis pastoral ki siyifikan.

Lè n ap modle sèvis nou sou li, li enpòtan pou nou sonje ke efò l pou renmen, edifye, sèvi, ak beni yo te gen yon objektif pi elve pase reponn bezwen imedyat moun yo. Sètènman li te konn bezwen chak jou yo epi li te gen konpasyon pou soufrans yo t ap travèse. Konsa, li te geri yo, li te nouri yo, li te padone yo, epi l te anseye yo. Men, li te vle fè plis pase pran swen bezwen jounen an (gade Jan 4:13–14). Li te vle pou moun bò kote l yo suiv li (gade Lik 18:22; Jan 21:22), konnen li (gade Jan 10:14; Doktrin ak Alyans 132:22–24), epi atenn potansyèl divin yo (gade Matye 5:48). Se menm bagay la tou pou nou jodia (gade Doktrin ak Alyans 67:13).

Gen anpil kalite fason nou ka ede beni lòt moun, men, lè objektif final sèvis pastoral nou an se pou ede lòt moun vin konn Sovè a epi vin plis menmjan avèk li, se lè sa a n ap travay pou rive nan jou kote nou pa pral bezwen anseye pwochen nou pou yo konn Senyè a paske nou tout ap konnen li (gade Jeremi 31:34).

Atansyon Sovè a te ale pi lwen pase bezwen imedyat moun yo

  • Gen plizyè moun ki te fè tout sa yo te kapab pou yo te mennen yon zanmi yo bay Jezi pou l te geri l anba paralizi. Sovè a te geri mesye a alafen, men li te pi enterese nan padon l peche li (gadeLik 5:18–26).

  • Lè moun yo te mennen fi yo te kenbe nan adiltè a bay Sovè a, li pa t kondane li epi sa te sove lavi li fizikman. Men, Sovè a te vle sove l spirityèlman tou, konsa, li te di l, “ale, epi, pa peche ankò” (gade Jan 8:2–11).

  • Mari ak Mat te voye nouvèl bay Jezi pou yo te mande l pou l te vin geri zanmi li, Laza. Jezi, ki te geri lòt moun nan plizyè lòt okazyon, te retade l jiskaske Laza te mouri. Li te konn kisa fanmi an te vle, men, nan leve Laza anba lanmò a, li te fòtifye temwayaj yo konsènan divinite li (gade Jan 11:21–27).

Ki lòt egzanp nou ka ajoute sou lis sa a?

Kisa nou ka fè?

Si objektif nou se ede lòt moun vin pi plis menmjan ak Sovè a, sa ap chanje fason nou fè sèvis pastoral nou. Si nou rive konprann sa, men kèk fason ki ka gide efò nou pou nou sèvi.

Ide 1: Konekte sèvis nou an avèk Sovè a

Tout efò nou pou n fè byen se bon bagay, men, nou ka chèche opòtinite pou n amelyore sèvis nou nan konekte l avèk Sovè a. Paregzanp, si fanmi ki sou kont ou a malad, yon repa ka itil, men, senp ekspresyon lanmou ou ka miltipliye pa tmwayaj ou sou lanmou Sovè a pou yo. Èd ou bay pou ede moun nan nan travay nan lakou l la ka byen apresyab, men, petèt li ta pi siyifikan si w ta ofri yon benediksyon prètriz.

Èldè Neil L. Andersen nan Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Yon moun ki gen yon bon kè ka ede yon lòt moun fikse yon kawoutchou, mennen yon zanmi kay doktè, al nan restoran avèk yon moun ki santi l tris, oubyen di alo pou pote yon ti limyè nan jounen yon moun.

“Men yon moun k ap suiv premye kòmandman an ap tou natirèlman ajoute pi plis sou zak sèvis enpòtan sa yo.”1

Ide 2: Konsantre sou chemen alyans lan

Premye fwa l te pale avèk manm yo antanke Prezidan Legliz la, Prezidan Russell M. Nelson te di: “Rete sou chemen alyans la.“ Fè alyans ak kenbe alyans “ap louvri pòt pou tout benediksyon spirityèl ak privilèj ki disponib pou nou.”2

Antanke Sen Dènye Jou, nou batize, nou konfime, nou resevwa don Sentespri a. Manm gason ki diy yo resevwa prètriz la. Nou ale nan tanp pou dotasyon nou epi nou sele ansanm kòm fanmi pou tout tan. Òdonans sali sa yo ak alyans ki asosye avèk yo esansyèl pou nou ka vin tankou li pou nou ka avèk li.

Nou ka gen yon wòl enpòtan pou n jwe nan ede lòt moun sou chemen sa a pandan n ap ede yo kenbe alyans yo e prepare pou yo fè lòt alyans tou.3 Kijan w ka ede moun oubyen fanmi w ap sèvi yo resevwa pwochen òdonans yo bezwen yo? Sa gen dwa vledi ede prepare yon papa pou l batize pitit fi li, kote w ap eksplike l benediksyon ki gen nan alyans li pral fè a, oubyen pataje avèk li kèk fason ki genyen pou nou fè yon pi bèl eksperyans lè n ap renouvle alyans nou pandan n ap pran sentsèn nan.

Ide 3: Envite epi Ankouraje

Lè sa apwopriye, pale avèk moun ou anchaj yo sou konvèsyon yo ak efò yo pou yo vin pi kretyen. Fè yo konnen fòs ou wè epi w admire nan yo. Chèche konnen ki domèn yo santi yo ta ka amelyore epi pale d i yo kijan w ta ka ede yo. (Pou plis enfòmasyon osijè fè konsèy ansanm avèk moun n ap sèvi yo, gade “Chita ansanm an konsèy sou bezwen yo,“ Lyawona, Sept. 2018, 6–9.)

Pa pè envite yo pou yo suiv Sovè a epi pou yo kite l ede yo atenn potansyèl divin yo. Envitasyon sa a kapab chanje lavi, lè nou mete l ansanm avèk yon ekspresyon konfyans nou nan yo ak lafwa nou nan Sovè a.

Sis fason nou ka ede lòt moun pwogrese al jwenn Kris la

Men kèk sigjesyon pou nou sipòte lòt moun pou yo fè amelyorasyon nan lavi yo ak pwogrese sou chemen alyans la. Gade Preche Levanjil Mwen an, chapit 11, pou plis ide.)

  1. Pataje. Se pou nou sensè ak brav lè n ap rakonte kijan Sovè a ede nou pandan n ap eseye rapwoche nou de li nan viv prensip levanjil yo malgre difikilte.

  2. Benediksyon yo pwomèt. Moun yo bezwen yon rezon pou yo chanje ki pi atiran pase rezon pou yo pa chanje yo. Eksplike yo ke benediksyon ki asosye avèk yon aksyon yo kapab pote motivasyon puisan (gade Doktrin ak Alyans 130:20–21).

  3. Envite. Viv yon prensip levanjil pote temwayaj ki l se verite (gade Jan 7:17 ) epi sa mennen nan yon konvèsyon pi pwofon.4 Prèske tout aksyon ta ka enkli yon senp envitasyon pou fè yon bagay ki ap ede yo pwogrese.

  4. Planifye ansanm. Kisa k bezwen fèt pou yo ka kenbe angajman yo pou chanje a avèk siksè? Kijan w ka ede? Èske gen yon tan detèmine ki enplike?

  5. Sipò. Si nesesè, devlope yon rezo moun pou sipò kapab ede moun nan rete motive ak reyisi. Nou tout bezwen yon moun pou ankouraje nou.

  6. Fè suivi. Pataje pwogrè nou regilyèman. Rete konsantre sou plan an men rafine l si nesesè. Chanjman ka pran tan. Se pou nou pasyan, pèsistan, ak ankourajan.

Envitasyon pou aji

Reflechi sou fason efò nou pou fè sèvis pastoral yo—gwo ak piti—kapab ede lòt moun apwofondi konvèsyon yo pou yo vin pi plis tankou Sovè a.

Nòt

  1. Neil L. Andersen, “Yon apwòch pi sakre nan sèvis pastoral” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Avr. 10, 2018), 3, speeches.byu.edu.

  2. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Liahona, Avr. 2018, 7.

  3. Gade Henry B. Eyring, “Pitit fi yo nan alyans lan,” Liahona, Me 2014, 125–28.

  4. Gade David A. Bednar, “Konvèti nan Senyè a,” Liahona, Nov. 2012, 106–109.

Enprime