2019
Devlope konsiderasyon pou n ka fè sèvis pastoral
Fevriye 2019


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Fevriye 2019

Devlope konsiderasyon pou n ka fè sèvis pastoral

Sèvis pastoral se yon bagay ki elvan. Nou ka elve lòt moun si nou eseye konprann sa y ap travèse epi nou montre yo ke nou dispoze pou n travèse l avèk yo.

Paske Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou vin menmjan avèk li, pwoblèm n ap travèse yo nan lavi sa a ka vin tounen opòtinite pou nou aprann, si nou mete konfyans nan li epi nou rete sou chemen an. Malerezman, rete sou chemen an ka patikilyèman difisil lè nou santi se kòmsi n ap travèse eprèv sa yo poukont nou.

Men sa pa t janm vledi ke nou dwe mache sou chemen an poukont nou. Sovè a te rive nan nivo konsiderasyon pafè a, kote l te desann pi ba pase tout bagay pou l t ak konnen kijan pou l pote nou sekou nan afliksyon nou ak enfimite nou yo (gade Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans 122:8). Li atann pou nou chak suiv egzanp li epi montre konsiderasyon pou lòt moun tou. Chak manm Legliz la fè alyans pou yo “kriye avèk moun k ap kriye; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon” (Mozya 18:9). Malgre pwòp pwoblèm pa nou, yo anseye nou nan ekriti yo pou nou vire gade lòt moun epi “leve men ki pandye yo, ak [ranfòse] jenou ki fèb yo” epi “mache sou wout ki dwat, pou moun ki bwate a pa devye sou chemen an” (Ebre 12:12–13; gade Ezayi 35:3–4; Doktrin ak Alyans 81:5–6) tou.

Lè nou pran lòt moun pa lamen, epi nou fè yo apiye sou nou, epi nou mache avèk yo, nou ede yo rete sou chemen an sifizamman pou Sovè a ka non sèlman konvèti yo—sa k se youn nan objektif kle sèvis pastoral la—men pou l ka geri yo tou (gade Doktrin ak Alyans 112:13).

Kisa konsiderasyon ye?

Konsiderasyon se konprann santiman, panse, ak kondisyon lòt moun apati pèspektiv pa yo olye de pwendvi pa nou.1

Konsiderasyon sipoze yon bagay enpòtan nan efò nou pou n sèvi lòt moun ak pou akonpli objektif nou kòm frè ak sè sèvis pastoral. Li pèmèt nou mete tèt nou nan plas yon lòt moun.

Mete nou nan plas yon lòt moun

Yo te rakonte yon istwa sou yon mesye ki sete manm Legliz la, ki te timid anpil; li te souvan konn chita nan dènye ban an nan chapèl la poukont li. Lè yon manm nan kowòm ansyen an te mouri toudenkou, evèk la te bay benediksyon prètriz pou l te rekonfòte manm fanmi yo. Sè Sosyete Sekou yo te pote manje. Zanmi ak vwazen byen entansyone t al vizite fanmi an epi yo te di: “Fè nou konnen si gen yon bagay nou kapab fè pou ede.“

Men, lè mesye timid sa a t al vizite fanmi an annapre, nan jou sa a, li te sonnen nan pòt la epi lè madanm moun ki temouri a te ouvri pòt la, li te di tou senpleman: “Mwen vin netwaye soulye pou nou.“ Nan lespas kèlke èdtan, tout soulye fanmi an te netwaye byen klere e pare pou yo t al nan antèman an. Nan Dimanch apre a, fanmi moun ki te mouri a te chita bò kote mesye timid sa a nan dènye ranje ban an.

Sete yon mesye ki te kapab ranpli yon bezwen ki te genyen. Fanmi an avèk li te beni pa sèvis pastoral ki te gide pa konsiderasyon mesye sa a te genyen an.

Kijan m ka devlope santiman konsiderasyon?

Gen moun ki sanble yo fèt avèk don pou yo kapab gen senpati pou moun. Men pou moun k ap lite anba bagay sa a, gen bòn nouvèl. Nan dènye trantan k sot pase yo, gen yon kantite moun k ap fè rechèch ki te fè etid sou senpati (konsiderasyon). Pandan ke anpil nan yo te konsidere sijè a sou diferan apwòch, pifò nan yo te dakò ke konsiderasyon (senpati) se yon bagay nou ka aprann genyen.1

Nou ka priye pou don sa a. Pou n ka amelyore, li enpòtan tou pou n gen yon pi bon konpreyansyon sou fason senpati (konsiderasyon) mache. Moun jeneralman aksepte sigjesyon sa yo nou pral bay la yo kòm eleman debaz pou senpati.3 Pandan ke eleman sa yo souvan andedan nou san nou pa menm rann nou kont ke yo la, si nou pran konsyans de yo, y ap ba nou yon chans pou nou wè opòtinite pou n amelyore.

1.Konprann

Konsiderasyon mande pou nou konprann sitiyasyon yon moun. Plis nou konprann sikonstans moun yo, se plis l ap vin pi fasil pou nou konprann kijan yo santi l nan sitiyatyon yo ye a ak sa nou ka fè pou ede.

Byen koute yo, poze yo kesyon, epi fè konsèy avèk yo epi avèk lòt moun se aksyon enpòtan ki ka pèmèt nou konprann sitiyasyon yo. Aprann plis sou konsèp sa yo nan atik nou te bay anvan yo sou Prensip Sèvis Pastoral yo:

  • “Senk bagay bon ekoutè yo fè,” Liahona, Jen 2018, 6.

  • “Fè konsèy ansanm sou bezwen yo,” Liahona, Sept. 2018, 6.

  • “Enplike lòt moun nan Sèvis Pastoral la—si sa nesesè,” Liahona,Okt. 2018, 6.

Pandan n ap chèche konprann nan, nou dwe pran tan pou n konprann sitiyasyon espesifik yo olye ke nou fè sipozisyon baze sou yon lòt moun ki te travèse menm eksperyans lan. Otreman, nou ka rate mak la epi nou kite yo avèk santiman ke nou pa konprann yo.

2.Imajine

Nan efò nou pou kenbe alyans nou pou n kriye avèk moun k ap kriye ak konsole moun ki bezwen konsolasyon yo, nou ka priye pou Sentespri a ede nou konprann kijan yon moun ka santi l ak kijan nou ka ede.4

Yon fwa nou fin konprann sikonstans yon moun, —keseswa sa fèt tou natirèlman ou pa—nou chak ka eseye imajine kisa nou t ap panse oubyen kisa nou t ap santi nan sitiyasyon sa a. Konprann panse ak emosyon sa yo, ansanm ak gidans Sentespri a, ka ede nan gide fason n ap reponn a sitiyasyon yo.

Lè nou rive konprann sitiyasyon lòt moun epi nou imajine kijan yo dwe santi yo, li enpòtan pou nou pa mal jije yo (gade Matye 7:1). Fè kritik sou kijan yon moun ka fè tonbe nan sitiyasyon l ye a ka fè nou pa panse ak doulè sitiyasyon an lakoz la.

3.Reponn

Fason nou reyaji enpòtan paske se konsa nou montre konsiderasyon nou. Gen plizyè fason nou ka montre ke nou konprann, vèbalman ak san pale. Li enpòtan pou nou sonje ke objektif nou se pa nesesèman pou fikse pwoblèm nan. Souvan bi a se pou n senpleman soulaje yo ak fòtifye yo nan fè yo konnen ke yo pa poukont yo. Sa gen dwa vledi: “M kontan dèske w di m sa” oubyen “Podyab. Siman sa fè w mal.”

Nan chak ka, fason nou reponn nan dwe sensè. Epi, lè sa apwopriye, pa ezite fè yo wè pwòp feblès ak ensekirite pa nou; sa ka kreye yon santiman koneksyon ki trè valab.

Envitasyon pou aji

Lè w ap konsidere sikonstans moun w ap sèvi yo, imajine oumenm ki ta nan menm sitiyasyon an epi imajine kisa w t ap twouve k t ap pi itil si w te nan plas yo. Priye pou w ka konprann kijan yo santi yo epi fè suivi. Fason w reponn nan gen dwa senp, men l ap siyifikan.

Nòt

  1. Gade W. Ickes, Empathic Accuracy (1997); ak M. L. Hoffman, Empathy and Moral Development: Implications for Caring and Justice (2000).

  2. Gade, paregzanp, Emily Teding van Berkhout and John M. Malouff, “The Efficacy of Empathy Training: A Meta-Analysis of Randomized Controlled Trials,” Journal of Counseling Psychology (2016), 63(1), 32–41.

  3. Gade, paregzanp, Brené Brown, I Thought It Was Just Me (But It Isn’t) (2008); Theresa Wiseman, “A Concept Analysis of Empathy,” Journal of Advanced Nursing (1996), 23, 1162–67; and Ed Neukrug and others, “Creative and Novel Approaches to Empathy: a Neo-Rogerian Perspective,” Journal of Mental Health Counseling, 35(1) (Jan. 2013), 29–42.

  4. Gade Henry B. Eyring, “Konsolatè a,” Lyawona, Me 2015, 17–21.

Enprime