2019
Kijan pou nou pataje temwayaj nou pi natirèlman
Mas 2019


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Mas 2019

Kijan pou nou pataje temwayaj nou pi natirèlman

Fè Sèvis Pastoral se temwanye. Fleksiblite sèvis pastoral la kapab ogmante opòtinite nou pou nou pataje temwayaj nou nan fason fòmèl ak enfòmèl.

Nou te fè alyans pou nou ”sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote” (Mozya 18:9). Pataje temwyaj nou se yon pati nan sèvi kòm temwen an epi se yon fason puisan pou nou envite Sentespri a pou l touche kè moun ak chanje lavi yo.

Prezidan M. Russell Ballard, Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo te di ”Temwayaj—vrè temwayaj, ki soti nan Lespri a epi Sentespri a konfime—ka chanje lavi,” 1

Men, pou kèk nan nou, sa kapab entimidan oubyen enkonfotab pou nou pataje temwayaj nou. Se petèt paske nou sipoze ke pataje temwayaj nou se yon bagay ki fèt nan reyinyon jèn ak temwayaj oubyen lè n ap anseye yon leson sèlman. Nan reyinyon fòmèl sa yo, nou souvan itilize sèten pawòl ak fraz ki ka sanble yo pa gen plas yo nan yon konvèsasyon natirèl.

Pataj temwayaj nou ka vin yon benediksyon pi regilye nan lavi nou ak nan lavi lòt moun lè nou konprann kijan sa ka senp pou nou pataje sa nou kwè nan sitiyasyon toulèjou nou yo. Men kèk ide ki ka ede nou derape:

Kenbe l senp

Yon temwayaj pa bezwen kòmanse avèk fraz: ”M ta renmen rann temwayaj mwen,” an ni li pa bezwen fini avèk ”Nan non Jezikri, amen.” Yon temwayaj se yon ekspresyon de sa nou kwè ak sa nou konnen ki se verite. Konsa, pale avèk vwazen nou nan lari a sou yon pwoblèm l ap travèse epi di l: ”M konnen Bondye reponn priyè” kapab yon bagay ki osi puisan ke nenpòt temwayaj nou pataje sou chè a nan legliz la. Pouvwa a pa vini lè nou pale bèl langaj; li vini de Sentespri a k ap konfime verite a (gade Doktrin ak Alyans 100:7-8).

Adapte flo konvèsasyon natirèl la

Si nou dispoze pou n pataje, gen opòtinite toutotou nou pou nou adapte temwayaj nou nan konvèsasyon toulèjou nou yo. Paregzanp:

  • Yon moun mande w kòman wikenn nan te ye. Ou reponn, ”Li te anfòm,” ”Legliz la se egzakteman sa m te bezwen.”

  • Yon moun eksprime senpati li apre l fin aprann yon pwoblèm ou te genyen nan lavi w: ”M dezole.” Ou reponn: ”Mèsi pou atansyon ou. M konnen Bondye ap ede m travèse sa. Li konn la pou mwen deja.”

  • Yon moun fè remak: ”M swete move tan sa a chanje vit,” oubyen ”Bis la anreta,” oubyen ”Gade yon blokis.” Ou ta ka reponn: ”M konnen Bondye ap fè tout bagay mache byen.”

Pataje eksperyans ou

Nou youn souvan pale ak lòt sou pwoblèm nou. Lè yon moun rakonte w pwoblèm l ap travèse, ou gen dwa pale l de yon eksperyans kote Bondye te ede w nan eprèv ou epi ou temwaye l ke w konnen Bondye ap ede l tou. Senyè a te di ke l fòtifye nou nan eprèv nou yo ”pou nou kapab sèvi m temwen apre sa, e pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo” (Mozya 24:14). Nou kapab sèvi kòm temwen li lè nou temwaye de fason l te ede nou travèse eprèv nou yo.

Prepare nou.

Pou kèk nan nou, pataje temwayaj nan moman sanzatann kapab yon bagay ki entimidan. Gen fason nou kapab prepare alavans pou nou ka ”toujou pare pou nou reponn nenpòt moun ki mande [nou] rezon esperans ki nan [nou] an” (1 Pyè3:15).

Premyèman, prepare kapab vle di reflechi sou fason n ap viv. Èske nou envite Sentespri a nan lavi nou epi fòtifye temwayaj nou chak jou nan fason n ap viv? Èske nou bay Lespri a opòtinite pou l pale avèk nou epi bannou pawòl nou bezwen yo atravè lapriyè ak etid ekriti? Jan Senyè a te konseye Hyrum Smith la: “Pa chèche deklare pawòl mwen an, men chèche pou ou jwenn pawòl mwen an, epi apre sa lang ou va delye” (Doktrin ak Alyans 11:21).

Dezyèmman, preparasyon ka vle di gade devan epi konsidere opòtinite nou ka jwenn nan jou sa a oubyen nan semèn sa a pou pataje temwayaj nou. Nou ka prepare nou pou opòtinite sa yo nan reflechi sou fason yo kapab bannou yon chans pou nou pataje sa nou kwè.

Rete santre sou Sovè a ak sou doktrin ni an

Prezidan Ballard te ansenye: ”Malgre ke nou ka gen temwayaj sou anpil bagay antanke manm Legliz la, gen verite debaz ke nou youn toujou bezwen ap anseye ak pataje avèk lòt.” Paregzanp, li te di: ”Bondye se Papa nou epi Jezi se Kris la” Plan sali a santre sou Ekspyasyon Sovè a. Joseph Smith te retabli plenitid levanjil etènèl Jezikri a, epi Liv Mòmon an se prèv ke temwayaj nou an vrè.” Lè nou eksprime verite sensè sa yo, nou envite Lespri a rann temwayaj ke sa nou di a se verite. Prezidan Ballard te souliye ke ”Nou pa ka anpeche pou Lespri a prezan lè yon moun ap rann yon temwayaj pur.” 2

Egzanp Sovè a

Paske l te fatige apre yon vwayaj atravè Samari, Sovè a te fè yon ti repoze bò yon pi epi l te rankontre yon fi bò pi a. Li te kòmanse yon konvèsasyon avèk li sou tire dlo nan pi a. Itilize travay toulèjou fi sa a te genyen an, te bay Jezi opòtinite pou l te temwaye de dlo vivan an ak lavi etènèl ki disponib pou tout moun ki kwè nan li (gade Jan 4:13-15, 25-26).

Yon temwayaj senp ka chanje lavi

Prezidan Russell M. Nelson te pale de yon enfimyè ki te poze Dr. Nelson yon kesyon apre yon operasyon difisil. ”Poukisa w pa tankou lòt doktè yo?” Kèk nan doktè l te konnen yo te gen dwa iritab epi pale lèd lè y ap fè kalite operasyon ki gen gwo presyon sa yo.

Gen plizyè fason Dr. Nelson te kapab reponn ni. Men li te reponn tou senpleman: ”Paske m konnen Liv Mòmon an vrè.”

Repons li a te pouse enfimyè a ak mari li al etidye Liv Mòmon an. Nan apre, Prezidan Nelson te batize enfimyè a. Dè dizèn ane apre, pandan l t ap prezide nan yon konferans Pye nan Tennessee, Etazini, kòm yon nouvo Apot ki te fè odòne, Prezidan Nelson te jwi yon bèl retwouvay avèk menm enfimyè sa a. Li te rakonte l ke konvèsyon li, ki te fèt akoz temwayaj senp sa a ak enfliyans Liv Mòmon an, te ede mennen konvèsyon 80 lòt moun. 3

Envitasyon pou n aji

Pa pè pataje temwayaj ou. Li ka beni moun w ap sèvi yo. Kijan w pral itilize ide sa yo pou pataje temwayaj ou jodia.

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “Pure Testimony,” Liahona, Nov. 2004, 40.

  2. M. Russell Ballard, ”Temwayaj pur,” 41.

  3. Nan Jason Swensen, Prezidan Nelson di: ”Pare w eksplike temwayaj ou nan itilize Liv Mòmon an,” Seksyon Nouvèl Legliz la nan LDS.org 6 Fev., 2018, news.lds.org.

Enprime