2019
Sèvis Pastoral se wè lòt moun jan Sovè a sè yo.
Jwen 2019


Imaj
ministering

Prensip sèvis pastoral, Jwen 2019

Sèvis Pastoral se wè lòt moun jan Sovè a wè yo

Jezi te pase anpil nan tan li avèk moun ke lòt moun te pèsevwa kòm diferan; Li te wè potansyèl diven yo.

Nan efò nou pou nou sèvi menm jan ak Sovè a, yo gen dwa mande nou pou nou fè sèvis pastoral pou yon moun ki diferan de nou menm. Sa prezante nou yon opòtinite pou nou aprann epi grandi.

Diferans kiltirèl, edikasyon, rasyal, ekonomik, laj, konpòtman prezan oubyen pase, oubyen lòt diferans kapab fè l fasil pou nou jije yon moun anvan menm ke nou konnen li. Kalite jijman sa a se nannan prejije, epi Sovè a a avèti nou kont bagay sa a (gade 1 Samyèl 16:7; Jan 7:24).

Èske nou ka gade odela diferans yo epi wè lòt moun jan Sovè a wè yo? Kijan nou ka aprann renmen lòt moun pou sa yo ye ak pou sa yo ka vin tounen?

Gade epi Renmen

Bib la rakonte istwa familye jenòm rich la ki te mande kijan pou l te jwenn lavi etènèl: “Apre sa Jezi ki t ap gade nonm lan te renmen l’, epi li te di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.” (Mak 10:21).

Lè Èldè S. Mark Palmer nan Swasanndis yo te etidye ekriti sa a sa gen kèk ane, yon nouvo pati nan istwa a te toudenkou frape l.

‘Apre sa Jezi ki t ap gade nonm lan te renmen l’.

“Lè m te tande pawòl sa yo, yon imaj klè te ranpli lespri m sou Senyè a ki fè yon ti poze epi ki gade jenòm sa a. Gade—tankou obsève pwofondeman epi penetre nan nanm ni, rekonèt bonte l ak potansyèl li tou, epi disènen pi gwo bezwen l lan.

“Epi mo senp sa yo— Jezi te renmen li. Li te santi yon gwo lanmou ak konpasyon pou bon jenòm sa a, epi poutèt lanmou sa a epi avèk lanmou sa a, Jezi te mande l plis bagay toujou. Mwen te imajine kijan jenòm sa a dwe te santi l pou l te vlope nan yon lanmou konsa menm lè yo te mande l pou l te fè yon bagay si difisil tankou vann tout sa l te posede epi bay pòv yo. …

“[M te mande tèt mwen] ‘Kijan m ka ranpli avèk amou kretyen sa a pou [lòt moun] ka santi amou Bondye atravè mwen menm ak yon dezi pou yo chanje?’ Kijan m ka gade [moun bò kote m yo] menm jan Senyè a te gade jenòm rich lan, wè yo pou sa yo vrèman ye a ak sa yo ka vin tounen, olye de sa yo ap fè oubyen sa yo p ap fè? Kijan m ka vin plis tankou Sovè a?”1

Aprann wè lòt moun

Lè nou aprann wè lòt moun jan Sovè a wè yo, sa pote gwo rekonpans. Men kèk sikjesyon ki ka ede nou pandan n ap travay pou reyalize bi sa a.

  • Aprann konnen yo
    Fè efò pou nou aprann konn moun odela detay sipèfisyèl yo. Rekonèt ke sa pran tan ak efò sensè pou nou bati yon relasyon (Gade atik sou Prensip Sèvis Pastoral Out 2018 la “Bati relasyon siyifikan” pou èd.)

  • Egzamine tèt ou
    Pote atasyon a jijman w ka ap fè an tout konsyans oubyen san w pa rann ou kont. Veye deklarasyon w ap fè sou lòt moun epi eseye konprann poukisa w santi w jan w santi w lan apwopo de yo menm.

  • Pa jije
    Reyalize ke sikonstans yo pa defini valè yon moun. Mete tèt ou nan sitiyasyon yo epi panse a kijan w ta vle yon moun wè w si w te nan menm sitiyasyon sa yo. Separe chwa ak konpòtman yon moun de valè entèn yo ak potansèl diven yo kapab ede nou wè yo jan Sovè a t ap wè yo.

  • Priye pou w renmen yo
    Priye pou yo regilyèman ak pou pasyans pou w devlope yon vrè amitye avèk yo. Reflechi sou sèvis ou nan lapriyè. Èske gen yon fay ant sa w ap fè a ak sa yo vrèman bezwen?

Jezi te pase tan l avèk moun ki te soti nan diferant sikonstans nan lavi a: rich, pòv, dirijan, ak moun komen. Souvan li te konn viktim anba jijman enkòrèk lòt moun lè yo te gade l, ak sikonstans aparaman pòv li. “Lè nou va wè l, pa gen bote pou nou ta dezire l. … Yo te rayi l, e yo pa t vle wè l” (Ezayi 53:2–3).

Vizyon kretyen

Yon sè te pataje istwa sa a sou fason l te aprann wè yon vwazen avèk je kretyen:

“Julia (non an chanje) t ap viv bò kote m e sanble l pa t gen okenn zanmi. Li te toujou parèt kontrarye oubyen fache. Malgre sa, m te deside vin zanmi l. Non pa yon zanmi konsakonsa, an pasan, men yon vrè zanmi. M te pale avèk li chak fwa m te wè l epi m te montre l ke m te enterese nan sa l t ap fè. Piti piti, m te kreye yon lyen amitye avèk li, ki te pote lajwa nan kè m.

“Yon jou, m te deside al vizite Jilya epi mande l poukisa l te pran desizyon pou l pa t al legliz.

“M te aprann ke l pa gen okenn fanmi ki te rete toupre l. Sèl frè l te genyen an, te rete byen lwen, li te kominike avèk li yon fwa pa semèn sèlman nan telefòn. Pandan m t ap koute l pale m de amètim ni, kòlè l , ak fristrasyon l apwopo fanmi l ak Legliz la, yon santiman konpasyon ak lanmou pou sè sa a te tonbe sou mwen ak anpil fòs. M te santi lapenn ni ak fristrasyon li. M te reyalize konbyen l te santi l poukont li. Sete kòmsi m te tande yon ti vwa dèyè m ki t ap di: ‘Mwen renmen l tou. Renmen l epi respekte l.’

“M te chita epi m te koute jiskaske l pa t gen anyen ankò pou l te di. M te santi lanmou ak konpasyon pou li. Sa se yon sè ki pa t janm konn kisa sa vle di pou yon moun renmen l. Toudenkou, m te konprann ni pi pwofondeman. M te remèsye l dèske l te pèmèt mwen vin vizite l, epi m te ba l yon akolad epi m te di l lanmou m ak respè m pou li. Li pa p janm konnen konbyen l te touche m nan vizit sa a. Pè Selès la te louvri zye m epi l te anseye m ke m te gen kapasite pou m te renmen avèk anpil konpasyon. M te detèmine nan rezolisyon m pou m te non sèlman vin yon zanmi pou li men pou m te vin yon fanmi pou li tou.”

Se yon bagay sakre sa ye lè yon moun envite nou nan lavi li. Avèk priyè, pasyans, ak èd nan men Lespri a, nou ka aprann fè sa avèk yon vizyon pi kretyen.

Nòt

  1. S. Mark Palmer, “Apresa Jezi ki t ap gade l, te renmen li,” Lyawona, Me 2017, 115.

Enprime