2019
Kòman nou ka kreye yon Kilti Enklizyon nan Legliz la?
Jiyè 2016


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Jiyè 2019

Kòman nou ka kreye yon kilti Enklizyon nan Legliz la?

Lè nou gade ozalantou pawas ak branch yo, nou wè moun ki sanble entegre yo byen fasil. Sa nou pa reyalize sèke menm pami sa k sanble yo entegre yo, gen anpil ki santi yo ekskli. Paregzanp, gen yon etid resaman ki te twouve ke prèske mwatye adilt nan Etazini santi yo nan solitid, inyore, oubyen izole de lò moun.1

Li enpòtan pou n santi moun aksepte nou. Se yon bezwen ki fondamantal nan lòm, epi lè nou santi yo pa aksepte nou, sa fè nou mal. Lè yo mete yon moun akote, sa kapab pwodui santiman tristès oswa kòlè.2 Lè nou pa santi nou apateni, nou gen tandans chèche yon andwa kote nou plis konfòtab. Nou bezwen ede tout moun santi yo apateni nan legliz la.

Enkli yo nan fason Sovè a

Sovè a sete egzanp pafè nan valorize ak enkli moun. Lè l te chwazi Apot li yo, li pa t pote atansyon ak sitiyasyon, richès, oswa pwofesyon nòb. Li te valorize fanm Samaritèn nan bò pi a, li te temwaye l de divinite li malgre fason Juif yo te konn meprize Samariten yo (gade Jan 4. Li gade nan kè moun epi l pa rejte pèsòn (gade 1 Samyèl 16:7; Doktrin ak Alyans 38:16, 26).

Sovè a te di:

“M ap ban nou yon kòmandman nouvo, se pou nou youn renmen lòt. Wi, se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

“Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye” (Jan 13:35).

Kisa nou ka fè?

Pafwa li difisil pou n di si yon moun santi yo rejte l. Pifò moun pa di sa—omwen pa ase klè. Men avèk yon kè eman, gidans Sentespri a, ak yon efò priz konsyans, nou kapab rekonèt lè yon moun pa santi l entegre nan reyinyon ak aktivite Legliz yo.

Siy posib ki ka montre si yon moun santi l pa entegre:

  • Langaj kò ki fèmen, tankou kwaze bra byen sere oswa zye bese.

  • Chita dyè nan sal la oswa chita poukont li.

  • Pa vin legliz ditou oubyen pa vini regilyèman.

  • Kite reyinyon oswa aktivite yo anvan lè.

  • Pa patisipe nan konvèsasyon oswa leson yo.

Sa yo kapab siy lòt emosyon tou, tankou timidite, anksyete, oswa malalèz. Manm yo kapab santi yo “diferan” lè yo se nouvo manm nan Legliz la, lè yo soti nan yon lòt peyi oswa yon lòt kilti, oubyen yo te fè eksperyans yon resan chanjman twomatizan nan lavi yo, tankou divòs, lanmò yon manm fanmi, oubyen tounen soti nan misyon anvan lè.

Kèlkeswa rezon an, nou pa ta dwe ezite lonje lamen nan lanmou. Sa nou di ak sa nou fè kapab kreye yon santiman ke tout moun byenveni epi tout moun itil.

Kèk fason pou nou enkli moun yo e byen resevwa yo:

  • Pa toujou chita bò kote menm moun nan nan legliz la.

  • Gade odela aparans yo pou nou wè vrè moun nan. (Pou plis sou sijè sa a, gade “ Sèvis Pastoral se wè lòt moun jan Sovè a wè yo,” Lyawona Jen 2019, 8--11.)

  • Enkli lòt moun yo nan konvèsasyon nou.

  • Envite lòt moun yo pou yo patisipe nan lavi w. Ou kapab enkli yo nan aktivite ou deja ap planifye yo.

  • Jwenn epi konstwi sou entèrè komen.

  • Pa refize fè zanmi avèk yon moun paske l pa reponn a sa w atann.

  • Lè w wè yon bagay ki unique nan yon moun, enterese nan sa olye ke w fè komeraj sou sa oubyen evite li.

  • Eksprime lanmou epi ofri konpliman ki sensè.

  • Pran tan pou w panse sou kisa sa siyifi toutbon lè nou di Legliz la se pou tout moun, kèlkeswa diferans yo. Kouman nou kapab fè sa vin yon reyalite?

Li pa toujou fasil pou n santi n konfòtab bò kote moun ki diferan de nou. Men avèk pratik, nou kapab vin pi bon nan jwenn valè nan diferans ak nan apresye kontribisyon unique chak moun pote. Jan Èldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te ansenye, diferans nou yo kapab ede nou santi nou pi byen, vin moun ki pi kontan: “Vini, ede nou konstwi ak fòtifye yon kilti gerizon, jantiyès, ak pitye anvè tout pitit Bondye yo.”3

Beni pa enklizyon

Christl Fechter te ale nan yon lòt peyi apre lagè te fin dechire tè natal li. Li pa t pale lang nan byen epi li pa t konn pèsòn nan nouvo katye l la, konsa, li te toudabò santi l izole ak poukont li.

Kòm li te yon manm Legliz la, li te rasanble kouraj li epi l te kòmanse ale nan nouvo pawas li a. Li te pè pou aksan li pa t anpeche moun vin pale avèk li oubyen jije l paske li se yon fi selibatè.

Men li te rankontre lòt moun ki pa t gade diferans li yo men ki te swete l byenveni nan kominote zanmi yo a. Yo te akeyi l nan lanmou, epi li te byen vit vin ap ede anseye yon klas Primè. Timoun yo te gwo egzanp nan aksepte li, epi, paske l te santi yo renmen li e yo te bezwen li, sa te fòtifye lafwa li epi sa te ede l ranfòse devouman tout yon lavi pou Senyè a.

Nòt

  1. Gade Alexa Lardieri, “Etid: Anpil Ameriken deklare ke yo santi yo nan solitid, jèn jenerasyon yo santi sa pi plis toujou,” U.S. News, 1 Me 2018, usnews.com.

  2. Gade Carly K. Peterson, Laura C. Gravens, and Eddie Harmon-Jones, “Asymmetric Frontal Cortical Activity and Negative Affective Responses to Ostracism,” Social Cognitive and Affective Neuroscience, vol. 6, no. 3 (Jen 2011), 277–85.

  3. Dieter F. Uchtdorf, “Kwè, Renmen, Aji,” Lyawona, Nov. 2018, 48.

Enprime