2019
Èske M Kapab Ede yon Moun Chanje?
Out 2019


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Out 2019

Èske M Kapab Ede yon Moun Chanje?

Wi. Men wòl ou kapab diferan de sa w te panse.

Nou te kreye avèk kapasite pou nou chanje. Grandi pou nou rive nan potansyèl diven nou se bi eksperyans mòtèl nou. Youn nan objektif iltim nou se pou nou ede lòt yo vin jwenn Kris epi fè chanjman ki nesesè pou yo retounen nan prezans li. Men akoz de lib abit yo, wòl nou pou ede yo vin pi sanble avèk Kris la limite.

Men sèt leson puisan Sovè a ba nou a sou fason nou kapab ede lòt yo nan efò yo pou yo chanje epi vin pi sanble avèk li.

  1. Pa pè envite chanjman

    Sovè a pa t pè envite lòt moun pou yo kite vye abitid yo dèyè epi anbrase ansèyman l yo. Li te envite Pyè ak Jak pou yo te kite travay yo epi “tounen pechè moun pito” (Mak 1:17). Li te envite fi yo te kenbe nan adiltè a pou l “ale, epi pa peche ankò” (Jan 8:11). Li te envite jenòm rich la pou l abandone atachman l avèk bagay monden yo epi pou l suiv li (gade Mak 10:17-22). Noumenm tou, nou kapab brav ak eman lè n ap envite lòt moun pou yo fè chanjman epi suiv Sovè a.

  2. Sonje se chwa pa yo pou yo chanje

    Kalite chanjman Sovè a envite a pa kapab yon chanjman fòse. Sovè a te ansenye e li te envite, men li pa t fòse. Jenòm rich la “te ale ak doulè” (Matye 19:22). Nan Kapènawòm, anpil nan disip li yo te chwazi pou yo “retounen,” epi li te mande Douz yo si yo t ap ale tou (gade Jan 6:66-67). Kèk nan moun ki t ap suiv Jan Batis yo te chwazi suiv Sovè a, lòt yo pa t fè sa (gade Jan 1:35-37; 10:40-42). Nou kapab envite lòt moun pou yo vin pi sanble avèk li, men nou pa kapab pran desizyon chanje a pou yo. Epi si yo poko chwazi pou yo chanje, nou pa ta dwe abandone--ni santi nou echwe.

  3. Priye pou lòt moun yo gen kapasite pou yo chanje

    Pandan Priyè Entèsesyon l lan, Jezi te mande Bondye pou disip li yo kapab pwoteje yo kont mal, pou yo vin pi sanble avèk limenm ak Papa a, epi pou yo ranpli avèk lanmou Bondye (gade Jan 17:11, 21-23, 26). Epi kòm li te konnen Pyè t ap bezwen fòs nan efò l yo pou l grandi nan wòl li a, Sovè a te priye pou li (gade Lik 22:32). Priyè nou yo pou lòt yo kapab fè yon diferans (gade Jak 5:16).

  4. Ansenye yo pou yo konte sou pouvwa l

    Se sèlman gras a Sovè a nou kapab vrèman chanje ak grandi pou nou rive nan potansyèl diven nou tout genyen an. Li se “chemen an, verite a, ak lavi a: pèsòn p ap rive jwenn Papa a, si l pa pase pa [limenm]” (Jan 14:6). Se pouvwa li ki kapab “fè bagay ki fèb vin fò” (Etè 12:27). Se te lafwa nan pouvwa ekspyasyon l lan ki te pèmèt Alma ki te pi jèn nan chanje (gade Alma 36:16-23). Nou kapab ansenye lòt yo pou yo konte sou Sovè a pou yo menm tou kapab gen pouvwa pou rafine l la nan lavi yo.

  5. Trete yo kòm sa yo kapab vin ye a

    Lanmou ak akseptasyon kapab ajan chanjman ki puisan. Fi ki te bò pui a t ap viv avèk yon mesye ki pa t mari l. Disip Jezi yo “te sezi wè l ap pale ak yon fi” (Jan 4:27), men sa ki te pi enterese Jezi se te sa li (fi sa a) te kapab vin ye a. Li te ansenye l epi li te ba li opòtinite pou l chanje, e manmzèl te chanje. (gade Jan 4:4–42.)

    Lè nou trete lòt moun jan yo ye a olyede de jan yo kapab vin ye a, nou kapab anpeche yo avanse. Olyede sa, nou kapab padone epi bliye erè ki te pase yo. Nou kapab kwè ke lòt yo ka chanje. Nou gen dwa pa gade feblès yo men montre yo kalite pozitif yo gen dwa pa kapab wè nan yomenm. “Nou gen responsablite pou nou wè moun non pa jan yo ye men jan yo kapab vin ye pito.”1

  6. Kite yo fonksyone nan pwòp rit pa yo

    Chanjman mande tan. Nou tout dwe “kontinye nan pasyans jistan nou vin pafè.” (Doktrin ak Alyans 67:13). Jezi te gen pasyans avèk lòt moun epi li te kontinye ansenye menm sila yo ki te kont li yo, li te rann temwanyaj de wòl li ke Papa l te ba li epi li te reponn kesyon yo (gade Matye 12:1-13; Jan 7:28-29). Nou kapab gen pasyans avèk lòt moun epi ankouraje yo pou yo gen pasyans avèk tèt yo.

  7. Pa abandone si yo retonbe nan ansyen abitid yo

    Apre Kris te fin mouri, menm Pyè ak kèk nan lòt Apot yo te retounen nan bagay yo te abitye fè yo (gade Jan 21:3). Kris te raple Pyè ke li te bezwen pran swen brebi [li] yo” (gade Jan 21:15-17), epi Pyè te retounen nan ministè a. Li kapab vrèman fasil pou moun retounen nan ansyen abitid yo. Nou kapab kontinye sipòte avèk ankourajman janti ak envitasyon enspire pou yo kontinye suiv Sovè a epi fè efò pou vin pi sanble avèk li.

Pèmèt lòt yo pwogrese

Eldè Jeffrey R. Holand nan Kolèj Douz Apot yo rakonte istwa sa a sou fason pou nou kite lòt moun pwogrese: “Yo te rakonte m istwa yon jenòm ki, pandan anpil ane, te plizoumwen sibi tout blag mokri nan lekòl li. Li te gen kèk ti andikap epi l te fasil pou kanmarad li yo te takinen l. Pita nan lavi l li te demenaje. Li te finalman anwole nan lame epi l te rive reyisi nan etid li epi plizoumwen rive mete pase l akote. Plis pase tout bagay, jan sa rive pou anpil militè, li te dekouvri bote ak majeste Legliz la epi l te vin rive aktif ak kontan ladan l.

“Epi, apre plizyè ane, li te retounen nan vil jenès li a. Pifò nan jenerasyon l lan te ale men se pa t tout. Aparamman, lè l te retounen kòm yon moun ki te reyisi epi ki te vin nouvo a, menm mantalite ki te egziste anvan an te toujou la, ap tann retou l li. Pou moun vil kote l te soti a, li te toujou menm vye ‘entèl la.’ …

“Tikras pa tikras, gwo efò mesye sa a pou l te kite sa ki te dèyè l epi sezi pri ke Bondye te prezante l la te diminye pwogresivman jiskaske li te mouri apeprè jan l te viv jenès li a. … Se domaj, sa vrèman tris ke li te antoure ankò pa … menm moun sa yo ki te panse pase l te pi enteresan pase avni l lan. Yo te rive retire nan men l bagay Kris te sove l pou li a. Epi li te mouri tris, malgre ke se pa t vrèman fot pa li….…

Kite moun yo repanti. Kite moun yo pwogrese. Kwè ke moun kapab chanje ak amelyore.”2

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Wè lòt moun jan yo kapab vin ye” Lyawona, Nov. 2012, 68.

  2. Gade Jeffrey R. Holland, “Le meilleur est encore à venir,” Liahona, Jan. 2010, 25–26;

Enprime