2019
Fason Lespri a kapab (epi pral) ede w rann Sèvis Pastoral
Septanm 2019


Prensip Sèvis pastoral, Septanm 2019

Fason Lespri a kapab (epi pral) ede w fè Sèvis Pastoral

Responsablite prètriz la pou sèvis pastoral, ke mesye ak medam yo resevwa a, enkli dwa pou yo resevwa revelasyon.

Imaj
ministering

Ilistrasyon apati Getty Images

Apèl pou sèvis pastoral ak sèvi e menm pou renmen jan Sovè te fè a ka parèt difisil—espesyalman lè l mande pou nou lonje lamen bay moun nou ka pa fin konnen twò byen. Avèk si anpil fason pou nou sèvi konsa, nou gen dwa ap mande tèt nou kijan nou ka konn pi bon mwayen pou nou kontakte moun ki sou responsablite nou yo.

Nou pa oblije ap trakase tèt nou pou lontan paske Sentespri a ka gide efò sensè nou yo.

“Responsablite sakre pou sèvis pastoral ou a ba w dwa diven pou w resevwa enspirasyon,“ dapre Bonnie H. Cordon, Prezidant Jeneral Jènfi. “Ou ka chèche enspirasyon sa a avèk konfyans.“1

Lè nou cheche sèvi tankou Sovè a, nou ka jwenn gidans menm Lespri ki te gide l la. Sa espesyalman vrè lè n ap sèvi nan responsablite, tankou sèvis pastoral, ki fèt anba otorite kle prètriz evèk la. Men sis sigjesyon pou sèvis pastoral avèk Lespri a.

Kijan m ka gen Lespri a lè m ap fè Sèvis Pastoral?

  • Mande gidans. Pè Selès la vle pou nou kominike avèk li atravè lapriyè. “Priyè non sèlman pèmèt nou vin pi pre li, men li garanti “benediksyon Bondye deja gen dezi pou l akòde nou men ki chita sou kondisyon pou nou mande l yo.”2 “Pandan n ap priye ak chèche pou n konprann kè yo,” Sè Cordon di, “mwen temwaye nou ke Pè Selès la ap dirije nou epi Lespri li ap mache avèk nou.”3

  • Pa rete tann yon enpresyon. Pran devan. Rete “angaje ak detèminasyon” (Doktrin ak Alyans 58:27), epi n ap wè ke efò nou yo kapab byen oryante epi vin mayifye. Prezidan Dallin H. Oaks, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan di: “Kontinye avanse nan sèvis nou ak travay nou se yon fason enpòtan pou n kalifye nou pou revelasyon.” “Nan etid mwen nan ekriti yo, mwen remake ke pifò revelasyon pou pitit Bondye yo vini lè y ap bouje, non pa lè yo chita andedan lakay yo ap tann pou Senyè a di yo premye pa pou yo fè a.”4

Kijan m ka rekonèt enspirasyon pou m sèvi?

  • Pran konsèy Mòmon an. Nou pa oblije ap vire anwon nan mande si yon enpresyon sete yon enspirasyon ou pa. Pa pandan nou gen sekrè fasil Mòmon an pou nou jwenn konesans la: Si w gen yon panse ki pèsyade w pou w fè byen ak pou w kwè oubyen pou w ede lòt moun kwè nan Kris la, ou kapab sèten se nan Bondye l soti (gade Mowoni 7:16).

  • Pa fè twòp sousi pou sa. Èldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo di: “Jis plonje antre nan pisin nan epi naje,” “Ale nan direksyon moun ki nan bezwen yo. Pa kanpe ap mande si w ta dwe naje sou do oubyen sou vant. Si nou suiv prensip debaz yo te anseye nou yo, si nou rete aliye avèk kle prètriz yo, epi nou chèche Sentespri a pou gide nou, nou pa ka echwe.”5

Kisa ki pi bon fason pou nou suiv yon Enspirasyon?

  • Imedyatman. Sè Susan Bednard (madanm Eldè David A. Bednar ki nan Kolèj Douz Apot yo) se yon gwo egzanp nan suiv enspirasyon. Apre l te fin priye “pou je espirityèl pou l ka wè moun ki nan bezwen yo,” li voye je l sou tout kongregasyon an epi souvan li ”santi yon pouse pou l pale oswa rele yon moun an patikilye nan telefòn,” jan Eldè Bednard te pataje. “Epi lè Sè Bednard resevwa kalite enpresyon sa a, li reponn epi l obeyi rapidman. Ase souvan sa rive ke osito yo di “amèn” apre priyè final la, li kòmanse pale avèk yon tinedjè oubyen bay yon sè akolad oubyen lè l retounen lakay li, li pran telefòn ni imedyatman epi l fè yon apèl.”6

  • Kourajezman. Krent pou yo pa rejte nou ak santiman timidite, enkapasite, oswa panse ke nou pral deranje yon moun kapab anpeche nou suiv yon enspirasyon pou fè sèvis pastoral. “Nan anpil okazyon ak fason, nou tout santi nou enkapab, ensèten, petèt menm endiy,” selon Èldè Gerrit W. Gong nan Kolèj Douz Apot yo. “Men, nan efò fidèl nou pou nou renmen Bondye ak sèvi pwochen nouyo, nou ka santi amou Bondye ak enspirasyon ki nesesè a, pou yomenm ak pou lavi nou, nan nouvo fason ki pi sen.”7

    Yon frè te di kijan l te ezite pou l te kontakte mari yon fi ki te eseye touye tèt li. Men finalman li te envite mari a al manje ansanm. “Lè m te di, ‘Madanm ou te eseye touye tèt li. Siman sa difisil anpil pou ou. Èske w vle pale de sa?’ li te tonbe kriye,” selon sa l te pataje. “Nou te pase yon bon timoman ap pale avèk emosyon epi nou te vin rapwoche nan yon fason enkwayab epi etabli yon rapò konfyans nan espas kèk minit.”8

Nòt

  1. Bonnie H. Cordon, “Vin tounen yon Bèje,” Lyawona, Nov. 2018, 76.

  2. Diksyonè Bib la, “Priyè.”

  3. Bonnie H. Cordon, “Vin tounen yon Bèje,” 76.

  4. Dallin H. Oaks, “Nan Pwòp Tan pa li, nan Pwòp Fason pa li,” Lyawona, Out 2013, 24.

  5. Jeffrey R. Holland, “Ministè Rekonsilyasyon an,” Lyawona, Nov. 2018, 77.

  6. David A. Bednar, “Rapid nan Obsève,” Lyawona, Des. 2006, 17.

  7. Gerrit W. Gong, “Boukan Dife Lafwa nou,” Lyawona, Nov. 2018, 42.

  8. Bonnie H. Cordon, “Vin tounen yon Bèje,” 76.

Enprime