2019
Kisa Istwa Nwèl la Anseye Nou apwopo Sèvis Pastoral
Desanm 2019


Prensip Sèvis Pastoral, Desanm 2019

Sa Istwa Nwèl la anseye nou osijè Sèvis Pastoral

“Se sezon moun plis renmen nan ane a. Chante chante nwèl; Fèt nwèl pral rive. Rakonte vrè istwa nesans Jezi a, lè li te vin sou latè tankou yon ti bebe” (“C’est l’heureux temps,” Chants pour les enfants, 32).

Imaj
ministering

Detay ki soti nan Gade Mouton Bondye a, pa Walter Rane

Epòk Nwèl la se yon bèl epòk kote mouton, bèje, krèch, ak etwal sibitman gen yon lòt siyifikasyon. Yo vin tounen aktè enpòtan nan rakonte youn nan evènman ki pi enpòtan nan istwa limanite: nesans Jezikri a. Anpil fanmi ekspoze yon sèn nativite lakay yo. Gen lòt ki konsidere se yon devwa pou yo li istwa nesans li a oswa patisipe nan yon prezantasyon nwèl. Menmjan ak tout lòt istwa sou Kris la, istwa nesans li a ranpli ak leson nou ka aprann sou sèvis pastoral, sou pataje limyè l pou klere mond lan. Daprè Prezidan Henry B. Eyring, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, “Istwa Nwèl la se yon istwa lanmou”.

“… Nan tout istwa yo bay sou nesans Kris la, nou ka wè e santi kiyès Li te ye ak kiyès Li ye. Sa aleje fado nou sou chemen an. Epi sa ap gide nou pou nou bliye tèt nou epi pou nou aleje fado lòt moun.”1

“Pa t gen okenn chanm pou yo nan obèj la” (Lik 2:7)

Gadyen obèj la pa t fè plas pou Sovè a, men noumenm nou pa oblije fè menm erè sa a! Nou ka fè plas pou Sovè a nan kè nou lè nou fè plas pou frè ak sè nou yo sou tab nou, lakay nou, ak nan tradisyon nou yo. Anpil tradisyon familyal ka vin pi agreyab e menm pi memorab si nou entegre lòt moun ladan yo. Daiana ak fanmi l gen yon tradisyon ki se envite yon moun vin pase fèt Nwèl ansanm avèk yo. Chak Desanm, yo diskite epi deside kiyès moun yo ta renmen envite.2 Petèt fanmi w ta ka deside kòmanse yon tradisyon konsa. Petèt yon moun w ap fè sèvis pastoral pou li ta byen renmen vini nan fanmi w pou chante kantik Nwèl nou renmen yo ansanm. Ou kapab fè plas tou pou yon moun ki gen dwa pa gen fanmi ki abite nan zòn nan vin manje pandan fèt la avèk ou.

Ki meyè fason pou selebre Sovè a pase suiv egzanp li te bay nan enkli lòt moun yo? Sonje ke Li envite ”tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; e li sonje payen yo; e tout moun se menm pou Bondye, ni Juif, ni Janti” (2 Nefi 26:33). Fè plas pou lòt moun epi kreye tèt ansanm.

“Epi nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t ap pase nuit la deyò ap veye mouton yo” (Lik 2:8)

Sa sanble l apwopriye pou bèjè yo te pami premye moun ki te akeyi ti Jezi, Sovè a. Pwofèt ansyen yo fè referans ak Jezikri kòm “Bèje Izrayèl” la (Sòm 80:1) ak “Bèje sou tout tè a” (1 Nefi 13:41) Epi Kris la Limenm di: “Mwen se bon bèje a, mwen konnen brebi m yo” (Jan 10:14) Konnen brebi nou yo epi veye sou yo se yon pati enpòtan nan pran swen brebi yo ak fè sèvis pastoral pou yo jan Sovè a te fè.

Avèk limyè k ap briye yo ak dekorasyon ònemantal yo, gen anpil bagay pou nou gade nan sezon Nwèl la. Men petèt nou ka jwenn pi bèl bote sezon an lè nou sonje pou nou fikse zye nou sou moun n ap fè sèvis pastoral pou yo yo epi veye sou pwòp twoupo nou yo. Veye sou yon moun gen dwa se note yon timanje l pi renmen oubyen mande l ki plan l genyen pou fèt la. Nou veye sou lòt moun lè nou wè bezwen yo epi nou satisfè yo—sa k vizib yo ak sa k pa vizib yo.

Lè Cheryl te briskeman pèdi mari li, Mick, li te devaste. Amezi premye Nwèl li san mari l la t ap apwoche, solitid li t ap ogmante. Erezman, sè sèvis pastoral li a, Shauna, te la pou li. Shauna ak mari l, Jim, te envite Cheryl sòti pandan plizyè nan jou fèt yo. Yo te remake manto Cheryl la te fin depafini epi yo te deside fè yon bagay ak sa. Kèk jou anvan Nwèl la, Shauna ak Jim te pote yon kado Nwèl pou Cheryl: yon bèl manto tou nèf. Yo te rekonèt bezwen fizik Cheryl te genyen pou yon manto pou chofe l la men yo te konsyan de bezwen emosyonèl li pou l te jwenn rekonfò ak moun bò kote l tou. Yo te avanse pou yo te satisfè bezwen sa yo osi byen yo te kapab epi yo te tabli yon bèl egzanp sou fason noumenm tou nou kapab veye sou twoupo nou yo.3

“Bèje yo yonn di lòt, ann al Bètleyèm kounyea” (Lik 2:15)

“Ann ale kounyea” se yon bèl envitasyon! Bèje yo pat asime ke zanmi yo t ap twò fatige pou yo te fè trajè a. Yo pa t derape tou dousman al Bètleyèm poukont yo. Yo chak te vire gade lòt ak kè kontan epi yo te di, “Ann ale kounyea!”

Pandan ke nou gen dwa pa ka envite zanmi nou pou yo vin wè Sovè a, tibebe a, nou ka envite yo pou yo santi lespri Nwèl la (oswa lespri Kris la) nan sèvi avèk nou. Bonnie L. Oscarson, ansyèn Prezidant Jeneral Jènfi yo te di: “Meyè fason pou nou ankouraje lespri Nwèl la se lonje lamen avèk jenewozite bay moun ki bò kote nou epi se bay tèt nou”.4 Imajine w kenbe yon balèn nan men w. Lòt moun sètènman ka wè e benefisye de limyè ki soti nan balèn ou a, men, imajine chalè yo ka santi si w itilize balèn ou an pou limen pa yo a, epi pèmèt yo gen limyè a yomenm tou.

Kris la Limenm te ansenye ke moun ki suiv li ap gen limyè lavi a (gade Jan 8:12). Sèvi jan l te fè a se yon fason nou ka suiv li epi jwi limyè sa a l pwomèt nou an. Konsa, pataje limyè a nan envite lòt moun pou yo sèvi ansanm avèk nou! Kijan oumenm ak moun w ap fè sèvis pastoral pou yo yo ka sèvi ansanm? Ansanm nou ka prepare manje w pi renmen an oubyen fè yon moun yon sipriz avèk yon ti kado oswa yon ti nòt. Ansanm nou toulède kapab santi limyè ki soti nan suiv egzanp sèvis Kris la.

“Yo te fè tout moun konnen sa zanj la te di yo sou pitit sa a” (Lik 2:17)

Li fasil pou nou imajine lajwa bèje yo pandan yo t ap rakonte tout moun yo te jwenn bèl nouvèl sou nesans Kris la. Jan zanj yo te anonse l la, Mesi yo te pwomèt la te vini! Li te la! Anfèt, pataje bòn nouvèl Sovè a se yon gwo tèm pou istwa Nativite a. Zanj yo te chante. Zetwal la te montre chemen an. Epi bèje yo te fè tout moun konn nouvèl la.

Nou ka ajoute vwa nou sou istwa Nwèl la epi pataje bòn nouvèl la ak temwanye konsènan Sovè a. Sè Jean B. Bingham, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, te anseye: “Pandan ke w gen privilèj pou w reprezante Sovè a nan efò sèvis pastoral ou yo, mande tèt ou, ‘Kijan m ka pataje limyè levanjil la avèk yon moun oswa yon fanmi?’” “Kisa Lespri a enspire m pou m fè?”5

Men kèk sijesyon ou ka konsidere pandan w ap chèche konn kijan w ka pataje temwanyaj ou sou Sovè a ak levanjil Li a:

  • Chèche yon ekriti ki kapte sa w santi osijè Sovè a oubyen di poukisa ou rekonesan anvè Li. Pataje l avèk moun w ap fè sèvis pastoral yo.

  • Voye yon tèks oswa yon mesaj sou rezo sosyal avèk yon videyo Nwèl. Gen anpil bèl videyo Nwèl nan ChurchofJesusChrist.org!

  • Rakonte yon zanmi yon souvni espesyal oswa yon tradisyon espesyal ki raple w Kris la.

Gen lafwa ke Sentespri a ap rann temwayaj de verite temwayaj ou a, menmjan l te rann Simeon ak Ana temwayaj ke ti Jezi bebe a sete Sovè a (gade nan Lik 2:26, 38).

Eldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Pou nou vrèman onore (Jezikri) ki vini nan mond lan, nou dwe fè jan L te fè a epi lonje lamen bay pwochen nou yo nan konpasyon ak mizèrikòd”. “Nou ka fè sa chak jou, nan pawòl ak nan aksyon. Ann fè sa tounen tradisyon Nwèl nou, nenpòt kote nou ye—pou nou pi janti, pi padonan, mwens jije, pi rekonesan, epi mete plis jenerozite lè n ap pataje abondans nou avèk moun ki nan nesesite.”6

Nòt

  1. Henry B Eyring, “Istwa Nwèl” (Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 6 Desanm 2009, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  2. Gade Daiana Melina Albornoz Díaz, “Pataje Nwèl,” Lyawona, Desanm 2007, 17.

  3. Gade Cheryl Boyle, “Li t ap achte l pou ou” Ensign, Desanm 2001, 57.

  4. Bonnie L. Oscarson, “Fèt Nwèl se lanmou kretyen” (Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 7 Desanm 2014) broadcasts.ChurchofJesusChrist.org

  5. Jean B. Bingham, “Sèvi jan Sovè a sèvi” Lyawona, Me 2018, 104.

  6. Dieter F. Uchtdorf, “Simaye myèt ou yo” (Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 3 Desanm 2017) broadcasts.ChurchofJesusChrist.org

Enprime