“Sèvis pastoral atravè Otonomi,” Lyawona, Out 2020
Prensip Sèvis Pastoral, Out 2020
Sèvis pastoral atravè Otonomi
Ede lòt moun vin otonòm se pran swen yo ak sèvi yo nan fason Senyè a.
Plizyè nan manm fanmi nou, zanmi nou, ak vwazen nou enterese pou yo vin yon moun ki pi otonòm. Nan itilize pwogram otonomi Legliz la, manm Legliz yo jwenn opòtinite pou yo sèvi, pran swen, ak fè sèvis pastoral paske yo beni lòt moun avèk prensip ki pote “pi gwo lespwa, lapè, ak pwogrè.”1
“Mwen te Lakay Mwen”
Chrissy Kepler, Arizona, Etazini
Mwen te gen pwoblèm lajan apre m te fin divòse, m t ap eseye wè kòman m te ka retounen al travay apre m te fin pase uitan rete lakay antanke manman. Mwen te gen pwoblèm espirityèl tou, m t ap chèche laverite ak lafwa, malgre ke m pa t met pye m nan yon chapèl depi lè m te adolesan.
Yon jou Dimannch, mwen t ap fè lesiv lakay pi gran sè m nan, Priscilla, ki te yon manm aktif Legliz la. Pandan mwen te la a, Priscilla te envite m pou m t al legliz avèk li ansanm ak fanmi l—sete premye envitasyon m depi plis pase 15 zan.
Mwen te retisan toudabò, men jou swa anvan an, mwen te envoke Bondye pou L te montre m kòman pou m te rapwoche m de Li. Apre m te fin santi yon bagay anndan m ki t ap pouse m pou m t ale, mwen te konkli: “Poukisa w pa ta ale pou w ta tande ak wè pou pwòp tèt pa ou antanke yon adilt, avèk pwòp kè w ak pwòp zye w?”
Pandan nou te nan reyinyon sentsèn nan, mwen te remake yon feyè nan bilten Dimanch lan ki te anonse yon kou otonomi sou finans pèsonèl. Mwen pa t pare pou m te retounen legliz, men mwen te santi m atire pa kou 12 semèn sa a. Avèk ankourajman sè m nan ak bòfrè m nan, mwen te enskri, an esperan ke m ta pral jis aprann kòman pou m te fè bidjè ak peye dèt mwen yo. Men klas yo te transfòme m espirityèlman.
Mesaj espirityèl nan de premye semèn yo te vrèman siprann mwen, men pandan twazyèm klas la, mwen te santi m anvayi pa yon santiman ki te konfime m ke mwen te lakay mwen, ke mwen t ap tande verite ki te nouvo men ke m te deja konnen. Mwen te kite klas la epi mwen t al dirèkteman lakay Priscilla. Ak dlo nan je m, mwen te mande l: “Kijan m ka fè pou m ta kenbe sa m santi a pi plis nan lavi m?” Li te fè aranjman pou misyonè yo te vin kòmanse ansenye m.
Manm nan klas otonomi m yo te vini nan leson misyonè m yo pou yo te ban m sipò. Yo te fè yon gwo enpak sou espirityalite mwen epi yo te ede m devlope yon temwanyaj sou levanjil la ak sou pwofèt modèn yo.
Distans pou m te fini ak kou a, mwen te fè plizyè chanjman tanporèl ak espirityèl. Mwen te kòmanse yon nouvo karyè nan yon bon konpayi, epi mwen te peye plizyè dèt.
Men benediksyon ki te pi bèl ak pi pwofon m te resevwa nan kou a sete posiblite m te jwenn pou m te kreye bèl amitye, devlope yon relasyon pozitif avèk yon evèk ki te toujou ap ankouraje m, jwenn yon temwanyaj sou ladim, resevwa rekòmandasyon tanp mwen, fè dotasyon m, epi pou m te wè de pi gran pitit mwen yo batize.
Pakou mwen vè otonomi an toujou ap evolye, men pandan rès vwayaj la, m ap cheri leson m te aprann yo ak zanmi m te fè yo.
“Mwen Kite Chak Klas avèk Yon Santiman Lanmou”
Lè l te vizite Temple Square nan Salt Lake City nan Utah, avèk ti pitit gason l ki te gen dizan an, Vincent, an desanm 2016, Katie Funk te konsidere tèt li kòm yon “moun san relijyon, epi ki te santi l byen konsa.” Li te kite Legliz la nan laj 16 zan, li te vin fè yon pitit san papa nan laj 17 tan, li te kòmanse fè tatwaj sou kò li epi l te vin devlope yon lanmou pou kafe. Men pandan vizit la nan Temple Square la, Vincent te santi Sentespri a epi li te mande manman l si l te ka pran leson misyonè yo.
Malgre l te nan de djòb 80 èdtan pa semèn, Katie te chwazi pou l te etidye levanjil la avèk Vincent, epi yo te chèche repons pou kesyon Vincent te genyen yo pandan entèval ant vizit misyonè yo. Rive ete 2017, Katie te kòmanse ale nan reyinyon Legliz yo, kote l te vin okouran de kou otonomi Legliz la bay la.
Li di: “Mwen te reyalize ke se te yon bagay ki te ka ede m”. “Petèt m pa t ap bezwen gen de djòb oswa konte sou paran m pandan rès vi m.”
Katie te di kou a te “enkwayableman fòtifye l tanporèlman ak espirityèlman,” non sèlman akoz sa l te aprann yo men akoz fason gwoup otonomi l la te asepte l ak sèvi l tou.
© 2020 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Ministering Principles, August 2020. Haitian Creole. 16723 036