2020
Sèvis pastoral atravè Vini, Suiv Mwen
Septanm 2020


Sèvis Pastoral atravè Vini, Suiv Mwen, Lyawona Septanm 2020

Imaj
Sèvis pastoral

Prensip Sèvis Pastoral, Septanm 2020

Sèvis pastoral Vini, Suiv Mwen

Kijan Vini Suiv Mwen an ka ede w fè yon diferans nan lavi lòt moun?

Kit ou avèk fanmi w, nan yon salklas Lekòldidimanch kòm yon enstriktè oswa elèv, oswa nan lekòl, travay, oswa yon lòt kote, etid ekriti atravè Vini, Suiv Mwen an ofri anpil opòtinite pou w ka sèvi lòt moun. Apre tout bagay, anseye “se plis pase dirije yon diskisyon lè Dimanch; li enplike sèvi avèk lanmou avèk beni pwochen nou avèk levanjil la.”1

Konekte avèk elèv yo

Lè yo te aple Ofelia de Cárdenas pou l te anseye jèn adilt yo nan pawas li a nan Vil Meksik, li te santi ke si l te gen yon relasyon avèk chak elèv nan klas Lekòldidimanch li a, sa t ap ogmante kapasite l pou l te anseye yo ak fòtifye yo.

Li di: “Si m pa gen yon relasyon serekole avèk elèv mwen yo e si yo pa santi lanmou mwen, yo gen dwa pa kwè m lè m ap anseye yon klas oswa rann temwayaj mwen.” “Yo ka santi ke m se jis yon enstriktè Lekòldidimanch.”

Men, kijan Sè Cárdenas te ka devlope yon relasyon konsa si li te sèlman anseye yon fwa chak de semèn? Li te jwenn repons la atravè teknoloji. Li te itlize aplikasyon WhatsApp sou telefòn mobil li, epi limenm ak elèv li yo te konekte chak jou atravè tèks ak mesaj oral. Kounyeya, chak jou avan pwochen leson Lekòldidimanch lan, yon volontè nan klas la voye yon vèsè ekriti sou pwochen leson an bay lòt manm klas yo avèk yon panse pèsonèl ki gen rapò avèk li. Apre yo li vèsè a ak panse a, manm klas yo reponn avèk panse pa yo.

Sè Cárdenas di: “Lè yo li ekriti a, yo voye yon figi souriyan pou m ka konnen yo te li oswa etidye ekriti a epi yo te panse sou li.” Lè li lè pou pwochen leson diimanch lan, elèv yo prepare pou yo patisipe.

Koneksyon chak jou sa a te beni youn nan jèn adilt yo ki gen paran l ki inaktif nan Legliz la.

Sè Cárdenas di: “Mwen renmen lè m wè l vini legliz paske m konnen ke pou li te rive la, li te oblije pase anba plizyè difikilte.” “Mwen sèten ke ekriti ak panse kondisip klas li yo voye yo avèk ekriti ak panse limenm li te voye lè se te tou pa l yo te fòtifye l anpil.”

Sè Cárdenas di sèvis pastoral atravè ekriti yo pa sispann avèk leson Dimanch li a ak koneksyon espirityèl klas li a genyen chak jou a.

Li di: “Lapriyè fè pati preparasyon m pou elèv mwen yo.” “Mwen pa sèlman panse avèk yo le Dimanch, men chak jou nan semèn nan tou.” Yo chak gen bezwen espesik ak diferan. Chak se yon pitit Bondye. Mwen panse avèk yo pandan m ap prepare leson m yo.”

Epi lè li anseye, li koute—ni elèv li yo ni Sentespri a.

“Pwofesè a se Lespri a” sa se yon bagay li tande souvan nan vwa elèv li yo. “Mwen dwe pote atansyon paske sa yo di se revelasyon Lespri a ap ba yo.”

Klas nou an se “Tankou Sware Familyal”

Carla Gutiérrez Ortega Córdoba santi li beni dèske li se yon manm klas Lekòldidimanch Sè Cárdenas la paske anviwònman klas la bay ankourajman ak sèvis. Carla atribiye anviwònman sa a a plizyè faktè, tankou:

  • Preparasyon: Pataje ekriti ak panse yo ede elèv yo prepare pou pwochen klas la. Li eksplike:“Eitdye ekriti yo chak jou nouri nou ak elaji konesans nou.”

  • Patisipasyon: “Nou tout pale. Sa ede m konnen kamarad klas mwen yo pi byen, kòm zanmi ak kòm frè ak sè.”

  • Lanmou: ”Sè Cárdenas pran w anmen. Klas nou an tankou sware familyal avèk plizyè frè ak sè. Li espesyal anpil.”

  • Sentespri a: “Nou genyen yon bèl espri amoni nan klas nou an paske nou sou menm paj avèk Lespri a.”

  • Temwayaj: “Vini, Suiv Mwen an ede m pare pou m pataje temwayaj mwen. Mwen gen yon konesans pi pwofon sou Liv Mòmon an ak Bib la. Sa pèmèt mwen pataje sa m ap aprann avèk kamarad klas lekòl mwen yo avèk moun nan travay mwen.

Sèvis Pastoral pou Bezwen Espirityèl

Lè Greg ak Nicki Christensen, ki soti nan Kentucky, USA, te li konsènan alyans Abraramik la nan ekriti yo avèk twa pitit gason l yo, yo te twouve l difisil pou yo te eksplike l pou yo. Yo te deside, kòm yon fanmi, ke yo chak t ap etidye alyans Abraramik la poukont yo epi apresa pataje sa yo te jwenn.

Greg di: “Nou te resevwa kèk kòmantè enteresan.” “Ti pitit uitan nou an te aprann ke non Abraram sete Abram. Non li te chanje vin Abraram paske l te fè yon pwomès avèk Senyè a pou l te vire do bay peche epi viv yon lavi ki jis. Mwen te vrèman etone dèske l te kapab aprann sa.”

Yo tout te aprann yon bagay nouvo epi nou te fè yon bon diskisyon sou kisa alyans Abraramik la ye ak kisa l vle di pou Sen Dènye Jou yo jodi a.

Nicky di: “Nou te abitye fè chak moun nan sal la fè yon kout pou li vèsè ekriti yo pou etid ekriti familyal nou” “Vini, Suiv Mwen an plis oryante sou ansèyman atravè Lespri a. Kounyeya lè nou etidye ansanm, mwen santi Lespri a k ap pouse m pou m oryante diskisyon nou yo nan yon direksyon diferan, baze sou bezwen fanmi nou.

Itilize Vini, Suiv Mwen an pa sèlman ede fanmi yo vin plis angaje ak enterese nan etid levanjil familyal la, men li ede Greg ak Nicki fè sèvis pastoral daprè bezwen espirtyèl timoun yo tou.

Nicky di: “Vini, Suiv Mwen an ede m anseye pitit mwen yo.” “Li ede mwen jere pwoblèm diferan ke m genyen pafwa avèk pitit mwen yo tou. M santi mwen plis an amoni avèk Lespri a, mwen koute pi byen, epi mwen resevwa enspirasyon sou fason m ka ede chak timoun.”

Greg jwi diskisyon levanjil ki pi long yo ke Vini, Suiv Mwen an ede pwodui nan fanmi an. Li di: “Pitit gason nou yo nan nivo diferan nan konesans yo sou levanjil la. “Vini, Suiv Mwen an bannou yon jan pou nou ede yo chak aprann baze sou bezwen yo. Lè m wè kijan lanmou yo pou levanjil la grandi epi m gade yo ap reyalize kijan yo ka aplike konesans levanjil la nan lavi yo, sa se yon bèl benediksyon pou mwen.“

Nòt

  1. Viini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020), 19.

Enprime