2021
Grandi nan Prensip Revelasyon an
Janvye 2021


“Grandi nan Prensip Revelasyon an,” Lyawona, Janvye 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Janvye 2021

Grandi nan Prensip Revelasyon an

Mwen ankouraje nou pou nou pran mezi ki nesesè yo pou nou ka tande Senyè a pi byen ak pi souvan pou nou kapab resevwa limyè li vle ba nou an.

Imaj
plante

Ilistrasyon Getty Images

Jou ki te 30 Septanm 2017 la, aprè sesyon aprèmidi konferans jeneral la, mwen te rive nan lopital la pou m te ale wè manm kowòm byenneme nou an, Èldè Robert D. Hales. Li te ospitalize aprè li te fin fè yon kriz kadyak kèk jou anvan sa.

Nou te fè yon bèl vizit, epi li te sanble l t ap fè pwogrè. Li te menm ap respire poukont li, sa ki te yon bon siy.

Men, nan aswè jou sa a, Lespri a te pale nan kè m ak nan lespri m pou m te retounen nan lopital la nan Dimanch. Pandan sesyon Dimanch maten an, gwo enpresyon sa a te retounen. Mwen te santi m te dwe sote dejene a epi kouri al wè Èldè Hales osito sesyon maten an te fini, e se sa m te fè.

Lè m te rive, mwen te kapab wè Èldè Hales te vin pi mal. Malerezman, li te mouri 10 minit aprè m te rive, men mwen rekonesan dèske m te bò kote l avèk madanm li, Mary, ak de pitit gason l yo, lè li t ap kite lavi sa a.

Ala mwen rekonesan dèske chichotman Sentespri a te pouse m pou m te fè yon bagay mwen petèt te ka pa fè otreman. Epi, ala m rekonesan pou reyalite revelasyon an epi paske syèl la louvri yon lòt fwa ankò.

Ane sa a, pou etid pèsonèl nou ak etid nan klas yo, nou pral fokis sou Doktrin ak Alyans. “Revelasyon divin ak deklarasyon enspire” sa yo kapab beni tout moun ki etidye yo epi ki aji selon direksyon divin yo bay yo. Yo envite “tout moun tout kote pou yo tande vwa Senyè Jezikri,”1 paske an verite “vre vwa Senyè a ale jwenn tout moun” (Doktrin ak Alyans 1:2).

Danje, Fènwa, Twonpri

Tanpèt fizik ak espirityèl yo fè pati lavi nou sou tè a, jan pandemi COVID-19 la fè nou sonje. Apwopo tan anvan Dezyèm Vini l la, Sovè a te prevwa epòk gwo tribilasyon. Li te di, “Pral gen grangou, ak lapès, ak tranbleman tè, nan anpil kote” (Joseph Smith—Matye 1:29).

Anplis tribilasyon sa a, nou gen plis anplis fènwa ak twonpri ki antoure nou. Jan Jezi te di disip li yo, “Inikite pral fè mikalaw” anvan li retounen (Joseph Smith—Matye 1:30).

Satan ap rasanble fòs li yo epi l ap dechennen kont travay Senyè a ak moun ki angaje ladan l yo. Akoz ogmantasyon danje n ap fè fas yo, nou vin plis bezwen direksyon divin, epi efò nou pou nou tande vwa Jezikri—Medyatè nou, Sovè nou, ak Redamptè nou an—vin pi ijan.

Jan m te di yon ti tan aprè yo te fin aple m kòm Prezidan Legliz la, Senyè a pare pou l revele nou sa ki nan lespri li. Se youn nan pi gwo benediksyon li genyen pou nou.2

Nan epòk pa nou an, li pwomèt, “Si nou mande, n ap resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ak Alyans 42:61).

Mwen konnen l ap reponn siplikasyon nou yo.

Kòman pou nou tande l

Konnen kòman Lespri a pale esansyèl jodiya. Pou nou resevwa revelasyon pèsonèl, pou nou jwenn repons, epi pou nou resevwa pwoteksyon ak direksyon, nou dwe sonje modèl Joseph Smith te ba nou an.

Premyèman, nou plonje tèt nou nan ekriti yo. Lè nou fè sa, nou louvri lespri nou ak kè nou pou Sovè a ansenye nou laverite. Pawòl Kris yo “di [nou] tout bagay [nou] dwe fè” (2 Nefi 32:3), sitou nan tan ensètitid ak boulvèsman sa yo.

Aprèsa nou priye. Priyè mande inisyativ, konsa, nou imilye nou devan Bondye, nou chèche yon kote ki pa gen bri, ke nou kapab ale souvan, epi nou devèse kè nou ba li.

Senyè a di, “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans, epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou”(Doktrin ak Alyans 88:63).

Rapwoche nou bò kote Senyè a pote rekonfò ak ankourajman, espwa ak gerizon. Donk, nou priye nan non l pou pwoblèm ak feblès nou yo, pou dezi nou yo ak pou moun ki pwòch nou, pou apèl nou ak kesyon nou yo.

Apresa nou koute.

Si nou rete ajenou pandan yon ti tan aprè nou fini priyè nou an, panse, santiman ak direksyon ap vini nan lespri nou. Si nou ekri enpresyon sa yo, sa ap ede nou sonje ki aksyon Senyè a vle nou fè.

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Lè nou repete aksyon sa a, nou ap, nan mo Pwofèt Joseph Smith, “grandi nan prensip revelasyon an.”3

Diy pou Resevwa Revelasyon

Amelyore kapasite nou pou nou rekonèt chichotman Sentespri a epi ogmante kapasite nou pou nou resevwa revelasyon an mande pou nou gen diyite. Diyite pa egzije pèfeksyon, men li mande pou nou fè efò pou n gen plis pite.

Senyè a ap tann yon efò chak jou, amelyorasyon chak jou, repantans chak jou. Diyite pote pite, epi pite kalifye nou pou Sentespri a. Si nou pran “Sentespri a pou gid [nou]” (Doktrin ak Alyans 45:57), n ap kalifye pou revelasyon pèsonèl.

Si yon bagay anpeche nou ouvri pòt syèl la pou nou resevwa direksyon divin, nou gen dwa bezwen repanti. Repantans pèmèt nou ouvri pòt la pou nou ka tande vwa Senyè a pi souvan ak pi klè.

Èldè David A. Bednar nan Kowòm Douz Apot yo te anseye, “Prensip la klè.” “Si gen yon bagay nou panse, nou wè, nou tande, oubyen nou fè, ki mete distans ant noumenm ak Sentespri a, enben, nou dwe sispann panse, wè, tande, oswa fè bagay sa a. Si paregzanp, bagay ki la pou divèti nou an ap elwanye nou de Sentespri a, enben, asireman, mòd divètisman sa a pa pou nou. Paske Lespri a pa ka tolere sa ki vilgè, sa ki gwosye, oswa ki pa modès, donk, li klè ke bagay konsa pa pou nou.”4

Lè nou konbine pite ak obeyisans ogmante nou an avèk jèn, rechèch dilijan, etid ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo, ak travay tanp ak istwa familyal, syèl la ap louvri. Senyè a li menm, an retou, ap akonpli pwomès li ki di: “M ap ba ou yon mòso nan Lespri m, ki pral klere panse ou” w la (Doktrin ak Alyans 11:13).

Nou ka petèt bezwen pasyan, men Bondye ap pale avèk nou nan fason pa l ak nan tan pa l.

Yon Lespri Konpreyansyon

Jòb te deklare, “Gen yon lespri nan moun: epi enspirasyon TouPuisan an ba yo konpreyansyon” (Jòb 32:8). Pou nouvèl ane sa a, mwen ankouraje nou pou nou pran mezi ki nesesè yo pou nou ka tande Senyè a pi byen ak pi souvan pou nou kapab resevwa limyè li vle ba nou an.

Anvan Èldè Hales te mouri jou Oktòb 2017 sa a, li te prepare yon ti diskou pou konferans jeneral ke l pa t gen tan bay. Nan diskou sa a, li te ekri, “Lafwa nou ap prepare nou pou nou ale nan prezans Senyè a.”5

Lè nou resevwa revelasyon, nou pase tan nan prezans Bondye pandan l ap revele panse l, volonte l, ak vwa l ba nou (gade Doktrin ak Alyans 68:4). Se pou nou mete lafwa nou an aksyon, pandan nou ap rele l, epi viv yon fason ki diy pou nou jwenn enspirasyon li pwomèt yo, epi aji dapre gidans nou resevwa yo.

Nòt

  1. Entwodiksyon nan Doktrin ak Alyans yo.

  2. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona, Me 2018, 94.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 132.

  4. David A. Bednar, “Se pou nou toujou gen lespri l avèk nou,” Lyawona, Me 2006, 30.

  5. Nan Neil L. Andersen, “Vwa Senyè a,” Lyawona, Nov. 2017, 125.

Enprime